
05/02/2025
Finalman mwen antijan konprann anpil nan ayisyen parèy mwen yo pi byen. Petèt anpil nan nou ka lapidem.
Banm di nou peyim gen plizyè kategori de entèlektyèl, yon pati ki pa wè pi lwen ke pwent nen yo,yon pati se chita fè malpròpte sou rezo yo e yon lòt pati li menm ki di anyen de vye Ayiti sa pa gadem.
Gen anpil ladan yo ki poko janm met zago yo yon jou Sendomeng, poutèt imigrasyon ap depòte ayisyen pa pil e ke se travay peyi yo yap fè, ou tande...
Haaa vye Sendomeng kisa Abinader te ye,kisa ki Sendomeng lan. Pou Sam pran nan men imigrasyon Sendomeng, ak konsyans mwen pap di kisak te yo paske pou sa mwen wè lakay yo anfen.
Trump te kanpel te di Ayiti se yon peyi kaka,nou tout tap bat lestomak nou pandan ke nou pa konn pwen fò nou ak pwen fèb nou.
Yo anonse depòtasyon USA,pagen yon moun mwen tande ki di kisa Etazini sa te ye. Pandan yo anile 600mil TPS pou Venezyelyen yo. Gouvènman venezyelyen an ap pran dispozisyon pou sa ak tout lòt nasyon kap viv lòt bò a peyi yo ap pran dispozisyon pou sa e nou menm?