
14/05/2023
♨️♨️♨️♨️♨️♨️♨️♨️♨️♨️♨️♨️♨️♨️♨️♨️♨️♨️♨️♨️♨️♨️♨️♨️♨️♨️♨️♨️♨️♨️♨️♨️♨️♨️♨️♨️
➿➿➿➿➿➿➿➿➿➿➿➿
*🔺💔VANJANS💔🔺*
➿➿➿➿➿➿➿➿➿➿➿➿
*🔺💔Epizòd3️⃣7️⃣💔🔺*
*Ekri pa: Lubin Saint Louis Cindy*
*Tel📲: 31 41 3286*
SPONSÒ: Nancie Saint Louis
: Madam Gertrude
*Facebook*
*YouTube*
*Yon sèl non:: Didie dame ki renmen riii a*
*LIKE*
*PATAJE*
*KÒMANTE*
*Belineda tèlman sezi twalèt kenbel sou plas. Nan valiz la papye yo ak tout lajan yo ye.*
*BELINEDA* : 😡 Sa vle di kisa?
*ANNIE* : Mwen pa vle anyen ok jis banm verifye valiz la.
*BELINEDA* : Ba ou verifye valiz😡. Ou seryez?
*ANNIE* : Poukisa tout pale anpil sa yo, wap jis lonje valiz la banm poum verifye. Mwen pa wè poukisa'w estomake la non.
*BELINEDA* : Saw pansew ye menm?
*ANNIE* : Saw pap janm ye, yon bagay senp wi.
*BELINEDA* : La mwen dakò avèw sam pap janm ye. Ou mèt sur kem pap janm...
*Dimitry vin parèt, jan li wè yo kanpe a. Fèl santi gen yon bagay.*
*DIMITRY* : Sak pase?
*Belineda lonje valiz la bay Annie epil di.*
*BELINEDA* : Men non fouyel😡.
*Belineda entèlijant li konnen Dimitry pap janm dakò ak sa.*
*DIMITRY* : Sa sa vle di😡?
*BELINEDA* : Sa vle di kem ka kite travay sa si madmwazèl Annie pa kontwole sa lap fèm. Depi lè map travay la konbyen fwa ou tande yon moun la pèdi yon bagay? Pou oze mande fouye valiz mwen💔😡.
*Belineda pale ak yon raj, li nève li kale jel.*
*DIMITRY* : 😨 ki tenten sa Annie?
*BELINEDA* : E ou menm mesye ou pap fouyel tou💔😡.
*Belineda lonjel bay Dimitry tou.*
*Dimitry te deja pa byen, li vin pi anraje pi nève. Li di Annie pawòl poul pat dil.*
*DIMITRY* : Men Marjorie kouche tankou yon mò li pa bouje li pa pale. Olye pou ta mete 2 jenou'w atè pou priye pou li, se sa wap fè. Imilye malerèz, anmède kòw. Sil te vòlè ou pa tap menm gen ide pou fouye valiz li frekan.
*BELINEDA* : Mwen avèti nou, mwen poko konnen si map kontinye travay la. Frekan😡 nou pa fout gen pyès respè pou moun.
*Epil vire. Dimitry relel li pa vire gad dèyè.*
*DIMITRY* : Wè ou menm kèm fèm mal pou ou. Paskem poko janm wè yon jèn fanm sanwont tankouw.
*ANNIE* : Eeeeee kontwole bouch ou, kontwolel.
*Dimitry pa menm kanpe menm li file nan chanm li. Kou Belineda rive devan baryè a li rale yon souf.*
*BELINEDA👩🏽🦱* : Byen jwe Beline, mezanmi kèm manke rete manke rete. Ti fanm sa fòk mwen fèl rete wi, kotel panse ak bagay sa li pap kanpe non. Li ka verifye valiz mwen sanm pa konnen wi. Fòk mwen pridan.
*Dimitry rele Belineda sou rele li paka jwenn li.*
*DIMITRY🧑🏽* : Telefòn tifi sa pa janm pa fèmen😡.
*ANNIE👩🏽🦱* : Mwen pa pran'w jodi a map pran'w demen kanmèm Adeline. Ou twò pafè gen yon bagay ki pa fin ale. Map pran'w cheri🤔.
*Kèlke tan aprè.*
*Belineda rive avan tonton'l. Li ouvri tel li, li wè mesaj Dimitry a ak apèl mankel yo. Li retounen'l apèl la.*
*DIMITRY📲* : Ki pwoblèm ou genyen ak telefòn menm? Mwen pa janm ka jwenn ou.
*BELINEDA📲* : Kalmew tanpri ok, tel mwen se pam mwen ouvril lèm vle mwen fèmen'l lèm vle.
*Belineda montre kel pi fache toujou.*
*DIMITRY📲* : Lè konsa pa di moun ou gen telefòn. Ni pa bay moun #'l tou.
*2 moun fache kap pale.*
*DIMITRY📲* : Mwen tande ou di kew pap vin travay ankò. Map fèw konnen ke se pa pou Annie wap travay. Fòk ou wè ke tout moun apresyew nan kay la.
*BELINEDA📲* : Dimitry se pa paske mwen se fanm andeyò ki vle di kem pa bon fanm. Andeyò a se yon zòn menm jan ak tout zòn. Sèlman gen bagay nou pa jwenn ke moun lavil jwenn. Malere pa chen, sim chwazi travay se poum evite fè yon seri de bagay. Mwen pa janm mache kite diyitem ak pèsonalitem Dimitry. Si Annie paka respektem menm jan kem respektel la. Plas mwen pa la.
*DIMITRY📲* : Akoz Annie pou nou vin ap soufri. Mwen pa dakò desizyon an, reflechi ak yon lòt solisyon.
*BELINEDA📲* : Chak jou map reflechi de sa.
*DIMITRY📲* : Sa vle di ou pa panse avèk mwen? Tout atansyon tout lanmou tout respè kem gen pou ou yo. Ou pa reflechi ak yo ditou?
*BELINEDA📲* : Dimitry ou konnen...
*Li pa kitel fin pale.*
*DIMITRY📲* : Nan moman kem plis bezwen'w nan vim nan ou vle disparèt. Jodi a Marjorie ap pale de ou, lap di jan li apresyew epiw vle fèl sa.
*Podyab Belineda tap kite travay la vre😁😁. Te kwè se may lap mete.*
*DIMITRY📲* : Adeline mwen damouw fou wi. Ou di kew renmen'm tou epi se konsaw vle kanpe.
*Chak pou Belineda reponn Dimitry pa bal tan.*
*DIMITRY📲* : Mwen mandew padon pou Annie. Mwen paka pwomèt ou ke sa pap janm repete ankò. Paskew konn Annie, sa pou mete nan tèt ou gen plis moun ki renmen'w ke rayiw nan kay la. Yo di Majorite a toujou anpòte.
*BELINEDA📲* : Ou pa banm tan poum pale non Dimitry.
*DIMITRY📲* : Pale pou di kisa? Tout sa pou di se dim wap vin travay demen si Dye ve.
*BELINEDA📲* : Map reflechi sou sa.
*DIMITRY📲* : Adeline ou vle touyem?
*BELINEDA📲* : Non ou pap mouri. Mwen pral regle yon bagay la na pale.
*DIMITRY📲* : Kilè nou pral pale la? Wap tou fèmen tel ou.
*BELINEDA📲* : Mwen pap fèmen'l.
*Mesye dam yo fin pale. Dimitry anraje lal nan dèyè Annie. Li pa menm frape, li rantre voup.*
*ANNIE* : Oo konsaw rantre nan chanm mwen an😡. Esim te toutouni?
*DIMITRY* : Dat map wèw toutouni. Bon tankou ou menm Annie ki pwoblèm ou? Mwen pat janm panse siw tap move ti moun konsa😡😡. Pou sa lavi fè nou, pou kote nou sòti pou gen malè nan eta sa. Ou engra anpil anpil, yon moun tankou Adeline ta sipoze raplew jan'w te ye. Memwaw kout anpilll, ou bliye si manman nou te konn fè pwostitisyon poun pat mouri lafen.
*ANNIE* : Oo Dimitry ou oblije repete sa?
*DIMITRY* : Wi, paskem wèw pa konn kotew sòti map raplew ke nou se 2 pitit san papa. Madanm sa ki kouche sou kabann lopital sa fè tout vye travay pou nou teka kenbe. Malgre sa nou konn pase ane atè, nou konn fè jounen ak yon grenn sèl anba lang nou. Nou konn gen fyèv menm yon konprime li pat ka achete ba nou. Yon jèn fi tankou Adeline se yon egzanp. Paske li chèche wout travay poul bay tèt li, aprann respekte moun frekan.
*ANNIE* : Saw vle dim pa la? Ou vle di poum te chèche travay tou?
*DIMITRY* : Entèpretel jan'w vle, men omwen kite engra😡. Mwen pral rele tontonm poum dil sa. Paske Adeline dim li pap vin travay ankò.
*Annie sezi.*
*ANNIE* : Li pap vin travay ankò? Kisam te di Adeline poul di kel pap vin travay ankò a?
*DIMITRY* : Ou di tifi wap fouye valiz li😡😡. Se pa frekan sa.
*ANNIE* : Se pa sa Adeline genyen.
*DIMITRY* : Wa di sal genyen. Marjorie kouche yon kote nou pa konn pou kilèl la. Ou menm etanke fanm menm yon bon spageti ou paka fè. Wa dim kiyès ki pral fè travay yo.
*ANNIE* : Ki jan'w fè konnen kel pap vin ankò?
*DIMITRY* : Mwen te pale avèk li.
*ANNIE* : Ou gen #'l?
*DIMITRY* : Menmsim te gen #'l, sou pa Marjorie a mwen te relel.
*ANNIE* : Mwen pa di Adeline pa vin travay non souple. Etanke metrès de mezon mwen dil banm fouye valiz li.
*DIMITRY* : Ou menm matrès de mezon m'tchuu. Wap janm nan pozisyon sa?
*ANNIE* : Ou frekan😡😡.
*Li fè sa poul vire, Annie mandel # Adeline nan.*
*DIMITRY* : Menm nan rèv.
*ANNIE* : Ebyen relel pou mwen.
*DIMITRY* : Pou dil kisa?
*ANNIE* : Poul ka vin travay demen si Dye ve.
*DIMITRY* : Epiw pa fèm relel.
*ANNIE* : Tanpri frèm.
*DIMITRY* : Poukisa poum relel la? Aprèw fin imilye tifi a.
*ANNIE* : Poul ka retounen vin travay la.
*DIMITRY* : Pa konte sou mwen.
*Epil vire. Dimitry pata renmen Adeline kite travay la non men li met Annie nan panse.*
*ANNIE* : Adeline sa genlè byen rizyèz. Kot sam dil la poul fache nan pwen sa. Malerèz toujou ap pran pòz yo, ki melem sil pa vin travay. Moudal kap pi piti m'tchuu.
*Belineda ekri Marise yon mesaj. Marise wè non an monte, li sezi. Li klike sou mesaj la men sa ki di.*
*BELINEDA📲* : Sèm cheri se mwen Belineda. Pa sezi pa kite moun konnen sim ekriw, mwen bezwen wèw jodi a sil posib. Mwen kay tonton Patrick la.
*Marise fin li mesaj la li paka kwè, li wè moun an liy li bal yon apèl videyo. Belineda reponn men li pa parèt kòl dan le ka ou. Lèl tande vwa Marise, li parèt figil epil fè Marise siy poul pa pale. Li fèmen li kòmanse ekri Marise.*
*BELINEDA📲* Map tann ou kay Patrick la.
*Li bal adrès la.*
*Marise pa pèdi tan, li pran wout la.*
*Dimitry panike, li pata vle pou Adeline kite travay la. Li rale tel li lap ekri.*
*DIMITRY🤳🏼* : Cheri depi lè nou fin pale a mwen toumante. Mwen konnen kew fache men tanpri panse avèk mwen. Nan moman an la ou se sèl espwam, Marjorie kouche yon kote pa gen moun ki konn pou kilè li la. Mwen panse se ou ki tap la pou mwen nan yon moman parèy. Men non mwen twonpem.
*Tel Belineda te nan men'l mesaj tou li.*
*BELINEDA🤳🏼* : Se pa etansyon'm poum lagew.
*DIMITRY🤳🏼* : Ebyen pa lagem cheri.
*BELINEDA🤳🏼* : Hummm
*DIMITRY🤳🏼* : Pale avèk mwen tanpri.
*BELINEDA🤳🏼* : Kisaw vle poum diw?
*DIMITRY🤳🏼* : Saw anvi, depil pap blesem.
*BELINEDA🤳🏼* : Mwen pa gen dwa sa.
*DIMITRY🤳🏼* : Ou pa gen dwa kisa?
*BELINEDA🤳🏼* : Poum diw sam vle.
*DIMITRY🤳🏼* : Mwen baw dwa a cheri. Dim tout saw anvi e tout saw vle.
*BELINEDA🤳🏼* : Mwen vle pou'w ere Dimitry. Men ak yon fi tankoum ou pap janm ere. Nou pa fèt poun ansanm, mwen pa kwè desten nou lye.
*DIMITRY🤳🏼* : Depi kèm chwaziw konnen se desten nou. Mwen konprann poukisa wap fwim nan. Mwen ta renmen fè yon bon chita pale avèk ou yon jou poum eksplikew yon pati nan vim. Nou pat fèt tou rich cheri, se yon pati nan vim kem pat janm kwè posib yon jou. Afè wap di ke nou pap janm ere a, retire sa nan san'w Adeline.
*BELINEDA🤳🏼* : Pou ou sa tap mache men pou antouraj ou ak sosyete a sa pap janm mache.
*DIMITRY🤳🏼* : Se mwen ki chwaziw pa antouraj mwen cheri. Sispann ak bagay sa yo, an nou viv lanmou nou san panse ak moun.
*BELINEDA🤳🏼* : Li fasil pou di ke fèt. Lanmou wap pale a tout moun konsène.
*Menm moman tel Belineda sone. Marise ki relel di men li rive. Li tou al prann, depi nan pòt la Marise vole sou Belineda tou 2 ap kriye.*
*MARISE* : 😭😭😭 dlo sa se dlo lajwa kontantman. Kote medam yo?
*BELINEDA* : Yo kenskòf kay yon gran sè Patrick. Mwen mandew padon sista cheri, mwen konnen kew kriye anpil pou nou. Mwen pat ka diw kem vivan, mwen te oblije kitew kriye pou 2-3 jou.
*MARISE* : Mwen kriye vre, mwen te wè lavi pat gen sans cherim. Mw vin konprann ke se ou ki gen rezon.
*Belineda eksplike Marise ki jan li fè sove jou dram nan.*
*MARISE* : Lè manmanm relem dim sa pitit mwen pat moun non. Paskem pat resanti anyen ke vèse dlo.
*BELINEDA* : Se vwazin Liline ak ti moun yo ki banm plis fòs poum ret anba moun sa yo jiskaskem lage yo atè plat.
*Marise sezi😨.*
*MARISE* : Ou vle dim kew toujou ap travay lot bò a?
*Belineda souri.*
*BELINEDA* : Wi bon se lam ka jwenn yo.
*MARISE* : Non non ou fòl machè.
*BELINEDA* : Fòl non, anraje wi. Bon se kounye a mwen kòmanse pase an aksyon. Marjorie sou kabann lopital la depim maten. Mwen pa kwè lap mouri men pitol te mouri.
*MARISE* : Sa vle di kisa?
*Belineda bay Marise tout detay nèt. Marise sezi pi rèd.*
*BELINEDA* : Piga kèw rete non sèm.
*MARISE* : E Dimitry?
*BELINEDA* : Li anfòm wi sim pa manti.
*MARISE* : An nou seryez. Apre sa ki fin rive a mwen dakò ak 200% pou fè Marjorie peye. Men Dimitry pap ka pran tout bagay sa yo.
*BELINEDA* : Se pa mwen kap enflije li yo, se fanmil.
*MARISE* : La ou dim e montrem trè klè ke VANJANS lan priyorize.
*BELINEDA* : Depi lontan.
*MARISE* : Ou pase trè sou lanmou an?
*BELINEDA* : Non.
*MARISE* : Eksplikem.
*BELINEDA* : Ou konnen kem pat janm gen lòt ide ke vanje. Men mwen vin konprann ke lanmou Dimitry a sensè. Epim renmen'l tou, se vre mwen toujou ap fè kòmsi jis poum pa bliye objektif mwen. Men jodi a Annie banm yon defi kem vle leve. Li fèm konnen kem pa vo lapèn kem pap janm yon Paul. Map fini ak yo e map vòlè kè Dimitry.
*MARISE* : Tann mwen sista🤔🤔 mwen twouble. Ou vle dim se akoz de Annie ki fè wap renmen ak Dimitry?
*BELINEDA* : Pa vrèman di pito Annie banm boustè poum lage kòm nan men Dimitry.
*MARISE* : Belineda se kounye a mwen pè. An ou kite moun sa yo chanjew vre.
*BELINEDA* : Mwen chanje depi lè Phillipe te kwaze ak bouzen santi sa sou chemen'I.
*MARISE* : Mwen gen enpresyon ke map viv yon fim. Mwen paka kwè kem nan reyalite.
*BELINEDA* : Pa gen fim kap jwe, ou nan reyalite cherim. Ou panse se youn nan istwa Didie dame ki renmen riii a ekri yo😁.
*MARISE* : Serye wi cheri, mwen panse se youn nan istwal yo. Paske fanm sa move wi nan kout plim li.
*BELINEDA* : Otrefwa mwen te konn li istwal yo wi. Lèm te konn manje a lè, lèm te konn dòmi byen.
*MARISE* : Wi li ekri anpil bèl istwa.
*BELINEDA* : Sim teka rankontre ak fanm sa poum te esplikel istwam. Konsa anpil mesye marye anpil madan marye ta sispann viktim. Yo ta konnen ke vi a chaje ak move je, ke pyèj yo tout kote. Enmiw lan pa janm lòt ke zanmiw lan. Si yon moun pa konnen'w li pap ka detwiw.
*MARISE* : Lavi sa twò dwòl.
*BELINEDA* : Se pa lavi ki dwòl cheri. Se nou menm lòm ki pa bon, nou mechan nou kriyèl nou ipokrit. Siw tande sa Marjorie dim jodi a. Konsèy fanm sa se konsèy malfektè nèt.
*MARISE* : An marjorie ap ba ou konsèy?
*BELINEDA* : Jan'w tande a. Li dim depim twò sansib mwen pap janm erez. Sam bezwen an boure menm prann, mwen pa bezwen konnen kotel te ye epi sal tap fè.
*MARISE* : Se sal fè ak papaw wi.
*BELINEDA* : Wi, mwen tap bliye diw sa pitit. Ou konnen Marjorie ak tonton'l se djab fini fini fini. Nan papye mwen pran yo, yo dekouvri ke 2020 2021 yo ke Philipe te toujou vivan.
*MARISE* : Sa wap di la?
*BELINEDA* : Jan'w tande a. Daprè refleksyon nou, yo te fèmen Phillipe yon kote epi yap fèl siyen papye.
*MARISE* : Non laaaaa Marjorie merite saw pare pou li yo. Sa vle di ke Philipe toujou anvi?
*BELINEDA* : Malerezman non, mwen revel yè swa. Li mouri💔💔.
*MARISE* : Podyab moun yo fèmen malere a yon kote yap fèl chantaj poul siyen papye.
*BELINEDA* : Siman.
*MARISE* : Manje mouda yo cheri. Mwen pat vle pou rantre nan lojik Marjorie a pou pat vin yon lòt moun. Si se konsa bagay yo ye. Fini ak yo, sèlman fè atansyon.
*BELINEDA* : Ou pap janm twò pridan vre cheri, gen bagay kap rive, ou ki pral rive ou pap ka fè anyen pou epanye de yo. Fòk yo rive menm.
*Patrick vin parèt.*
*Li salye medam yo, li sezi wè Marise la.*
*BELINEDA* : Se baz mwen tonton ou pa bezwen pè.
*PATRICK* : Mwen pa pè non mwen jis sezi.
*BELINEDA* : Mwen konprann ou. Ki jan medam yo ye?
*PATRICK* : Etranj ou konn se 1er fwa.
*MARISE* : Podyab madanm nan granmoun li tounen timoun.
*Belineda lonje valiz la bay Patrick, li kontan li wè papye li wè lajan.*
*PATRICK* : Kote yo lage bagay sa yo menm?
*BELINEDA* : Ou twouve mwen jwenn yo twò souvan?
*PATRICK* : Wi, paske se papye ki enpòtan yo ye.
*BELINEDA* : Yo mete yo yon kote kanmèm, se mwen kal chèchel yo.
*PATRICK* : Bon travay cherim. Ki jan Marjorie ye?
*BELINEDA* : Toujou menm jan li pa pale ni bouje.
*PATRICK* : O papa Bondye fini ak sa non fini ak sa non🙋🏽♂️🙋🏽♂️🙋🏽♂️.
*Men'l anlè lap di sa.*
*PATRICK* : Jan de moun sa yo pat dwe eksiste menm. Mwen rete kwè ke se pa erè moun sa yo fèt.
*Yon semèn pase.*
*Marjorie pa janm bouje ni pale. Tristès blayi kay Marjorie, pa gen moun ki gen ni sòmèy ni apeti. Roland ale kay ougan li konn abitye travay la. Podyab ougan an mouri, sil te vini 2 jou avan sa li tap jwenn li. Roland paka konprann sa kap pase a, li santil kontrarye. Se yon ougan kel konnen byen, se lal toujou travay. Li gen konfyans nan li, tout travay li bon nèt. Andire ke lanati pou Belineda, Marjorie poko janm leve, Belineda pa sispann raboure kay la chèche tout sa li konnen kap nesesè. Li menm ak Dimitry vin pi pwòch, li montre Dimitry nan ki sans kel sansib pou Marjorie. Li fè Dimitry konnen kel pap janm sispann remèsyè manman'l pou travay sa. Li di kel ta renmen pou Marjorie kanpe sou pyel. Li menm di kel toujou priye pou Marjorie. Dimitry santil beni, rejwi paske li jwenn fann kel tap chèche a. Marise pa janm di pyès moun si moun yo vivan. Menm Marco li renmen ak tout kèl li pa di sa. Fabienne ak Ashley kòmanse alèz kay Yolande. Yo nan yon chanm pou kont yo, kay la gen tout bagay ladann. Se pa tòdi yo te rete a, yo gen kòb nan men yo tou. Ashley gen aksè poul sèvi ak telefòn nan, li santil mye. Lap byen dòmi, lap byen manje epil gen entènèt poul distrèl.*
*Fabienne gen randevou lopital la. Nan menm lopital Marjorie ye a. Lap sòti yon bèl distans, li pran wout la byen bonè ak Ashley. Men li abiye yon fason ke moun ap mal pou rekonèt li. Li pap pran riks ankò se sal di.*
*Belineda rive nan travay la byen bonè, li jwenn Dimitry gentan sou 2 pyel.*
*BELINEDA* : Bonjour.
*DIMITRY* : Bonjour cheri, byen dodo?
*BELINEDA* : Wi, mèsi. E ou menm?
*DIMITRY* : Pat mal, paskew te kenbem pandan nwit la.
*BELINEDA* : 😨 mwen gen anpil pouvwa la?
*DIMITRY* : Pliskew pata imajine.
*BELINEDA* : Sa wap manje maten an?
*DIMITRY* : Fè saw vle cheri.
*BELINEDA* : Ou menm sèlman ki la?
*DIMITRY* : Wi, mwen pral preparem pou mal lopital la pou moun yo ka vini.
*BELINEDA* : Madam nan pa janm bouje toujou mezanmi😞😞.
*DIMITRY* : Bondye ki konnen cheri.
*Belineda avanse sou Dimitry li pran 2 men'l epil di.*
*BELINEDA* : Mwen pa gen mo poum soulajew cheri men mwen vle pou konnen kem la avèk ou ak tout kèm.
*DIMITRY* : Mèsi
*BELINEDA* : Se nòmal, mwen pral prepare manje a pou lè moun yo vini pou yo ka jwenn li prè.
*Mesye dam yo atire youn pa lòt. Youn anvi bobo lòt men Adeline ap fè rezistans. Adeline fè wout kwizin nan Dimitry fè wout chanm li. Tou 2 moun yo ap panse youn te anvi pran lòt nan bra yo.*
*Kèlke tan aprè.*
*Medam yo rive lopital la, yo chita nòmal. Yap tann yo rele yo. Fabienne gentan bay kat li.*
*ROLAND* : Map vini mwen pral pran yon bagay nan resepsyon an.
*ANNIE* : Ok tonton.
*Roland annik parèt nan resepsyon an. Li tande.*
*MISS* : Madam Fabienne Phillipe.
😨😨😨😨😨😨😨😨😨😨😨😨
*🔺💔ASWIV💔🔺*
*Didie dame ki renmen riii a*