13/02/2026
Depi nan Ginen ti nèg rayi nèg
Ant pwovèb, listwa ak reyalite 👇🤔
Nan kilti ayisyen an , pwovèb yo se pa sèlman pawòl granmoun. Yo se zouti pou panse, zouti edikasyon, zouti analiz sosyal. Yo tradui eksperyans kolektif nou, blesi nou, ak sajès nou.
Pwovèb ki di “Depi nan Ginen ti nèg rayi nèg”la se youn nan pawòl ki souvan itilize lè gen konfli, jalouzi, trayizon oswa mank solidarite ant Ayisyen. Lè yon moun fè yon lòt mal, anpil moun reponn konsa: “Sa pa etone m, depi nan "Ginen ti nèg rayi nèg".
Men kesyon an se :
🔸 Èske pawòl sa a se yon verite istorik?
🔸 Oswa èske li se yon refleksyon sou yon mal ki vi n pran rasi n nan mantalite nou?
2. Kote ekspresyon sa soti?
“Ginen” refere ak Lafrik, tè zansèt nou yo anvan esklavaj. Li raple nou rasi n afriken nou.
Gen plizyè entèpretasyon sou oriji n pwovèb sa a:
Divizyon etnik nan Lafrik: Nan kèk peryòd listwa, te gen rivalite ant kèk gwoup afriken. Sistèm esklavaj la te pwofite divizyon sa yo pou ran n kaptif yo pi fèb gras ak plizyè fòm estrateji tankou :
🔸Estrateji kolonyal: Sou zile Sen Domeng (ki vi n rele pita Haïti), kolon yo te sèvi ak taktik “divize pou domine” pou mete esklav kont esklav.
🔸Blesi esklavaj la : Plis pase 200 lane opresyon te kraze konfyans, idantite ak solidarite anpil moun.
Men istorikman, si “ti nèg rayi nèg” te vrè nan sans absoli, pa t ap gen Révolution haïtienne.
Revolisyon sa a te mande yon nivo solidarite, vizyon ak inite ekstraòdinè anba lidèchip moun tankou Toussaint Louverture ak Jean-Jacques Dessalines.
Sa montre pwovèb la pa ka yon verite total.
3. Ki enpak li sou mantal pèp ayisyen an ?
Pwovèb sa a ka genyen gwo enpak sikolojik :
🔸 Li ka kreye yon kwayans limite: “Nou konsa menm, nou pa ka chanje.”
🔸 Li ka nòmalize jalouzi ak divizyon.
🔸Li ka kraze konfyans ant jèn lidè, antreprenè ak pwofesyonèl.
Lè yon pèp repete yon pawòl ase souvan, li ka tounen yon pwofesi oto-reyalize kote moun aji dapre sa yo kwè sou tèt yo.
Si ou se yon jè n lidè ki vle enpakte jenerasyon w lan , kesyon sa a vi n pa sèlman sosyal , li vi n touche aspè mantalite kolektif nou tou.
4. Èske li reyèl?
Wi epi non
🔸Wi, paske nou ka obsève jalouzi, rivalite, ak sabotaj nan kèk sitiyasyon sosyal.
🔸Non, paske menm sosyete sa a Kon n bay egzanp solidarite fò nan moman kriz deja, kote legliz, òganizasyon jèn, ak nan fanmi kon n mete men.
Pwovèb la plis reflete yon blesi istorik ak sosyal Olye yon nati esansyèl Lakay nou.
Nou pa fèt pou n rayi youn lòt. Konpòtman sa yo souvan soti nan :
🔸Fristrasyon
🔸Povrete
🔸Ensekirite pèsonèl
🔸Konpetisyon pou resous limite
5. Kijan nou ka chabade move konsepsyon sa?
Men kèk konsèy estratejik nou ka utilize
🔸Chanje naratif la
Olye nou repete “ti nèg rayi nèg”, nou ka di:
“Depi nan Ginen, nap goumen ak lespwa kouraj nou se zam Nou nap rive kanmè m"
Nou dwe fè pwomosyon istwa inite ak viktwa kolektif la Pito.
🔸 Devlope konsyans istorik
Anseye jèn nou yo fòs ak enpak Révolution haïtienne nan epi valè ak prensip solidarite ki te kraze chenn esklavaj.
🔸 Travay sou gerizon enteryè nou yo.
Yon moun ki anpè ak tèt li epi kap fè efò pou l grandi pa bezwen detwi lòt moun. Travay sou lidèchip emosyonèl ak pèsonèl la enpòtan Anpil.
"Depi nan Ginen ti nèg rayi nèg” se pa yon desten. Se pito yon refleksyon sou yon istwa ki blese. Men si nou dakò chanje mantalite nou. Si nou louvri zye nou nap kapab mete peyi nou sou ray devlopman. 💯❤️🔥
Auteur : Léon Jean Guety