13/11/2025
Mèkredi 12 novanm 2025,nan lokal otèl El Rancho,gwoup Zon Pa Fè Moun Band te òganize yon konferans de près pou prezante nouvo pwojè mizikal li ki pote tit *“Vwa Yo Pa Tande Yo.Aktivite sa a make yon etap enpòtan pou lansman twazyèm albòm gwoup la epi li te sèvi tou pou anonse konsè vant siyati a, ki fikse pou dimanch 16 novanm* nan *Palè Minisipal Dèlma soti *3 è PM
Konferans lan te louvri ak yon mo lapriyè ki te dirije pa pastè Robenson Saintilien*epi *frè Luckson*te pran la pawòl pou remèsye medya yo,patnè yo ak tout sipòtè ki kwè nan vizyon gwoup la.Li te mete aksan sou misyon gwoup la ki se ede timoun ki nan difikilte, espesyalman sa yo ki viv nan lari, atravè edikasyon,mizik,atizay,ak lòt fòm ekspresyon kreyatif.Selon Bouzy Jo-Flung PDG Konekte M, albòm nan gen 12 tit* lchante pa *12 atis* ki sòti dirèkteman nan fondasyon an. Se yon albòm *evanjelik ak sosyal*, ki deja disponib sou tout platfòm dijital epi an vèsyon CD.
Lwilmedia te prezan pou kaptire tout bèl moman sa yo,e mete yo an valè pou lemond wè travay k ap fèt pou chanje lavi jèn Ayisyen yo atravè mizik ak kreyativite.
📸Michaellouischarles Fr Luckson Zòn Pa Fè MounLwilMedia Radio Television Caraibes À la une