Le Monde décrypté

Le Monde décrypté 💥Abonne-toi maintenant pour nos lives et contenus exclusifs 👫✨
Merci pour le soutien 🫶🏼❣️

07/05/2026

Dènye enfòmasyon yo ta fè kwè deja genyen 3 moun ki mouri epi plizyè ka sispèk nan yon bato kwazyè ki soti Ajantin e k ap fè ekspedisyon nan atlantik sa. Aprè plizyè semèn yo rive konfime se yon enfeksyon viral li ye. Ki Viris ki koz sa? Kisa w dwe konnen sou viris sa?

Ki Viris ki ap bay pwoblèm konsa?
Viris konsène a rele Hantavirus. Se yon gwoup viris rat ak lòt wonjè konn pote. Moun trape viris la sitou lè yo antre an kontak ak:
- p**i rat,
- poupou rat,
- krache rat,
- oswa pousyè ki kontamine ak dechè rat la.

Sa rive souvan lè moun ap netwaye kote ki fèmen depi lontan, depo, kay abandone, grenye, oswa lòt kote rat konn pase.

Ki sentòm li bay?
Nan kòmansman, maladi a ka sanble ak grip, moun lan ka gen
-Lafyèv,
- Maltèt,
- Kò fè mal
- Kò krazr
- Kè plen oswa vomisman,
- Vant fè mal.
-
Men nan kèk ka, sitou nan zòn Amerik yo, maladi a ka dejenere rapidman epi lakoz
- Tous,
- Gwo difikilte pou respire,
- Dlo nan poumon yo,
- Tansyon ki bese,
- Chòk,
- Epi menm lanmò.

Gen kèk lòt fòm viris la ki kapab atake ren yo epi lakoz moun lan senyen anpil.

Èske maladi a danjere?
Wi. Nan kèk peyi nan zòn Amerik yo, prèske mwatye moun ki devlope fòm grav la ka mouri si yo pa jwenn swen rapid.
Se poutèt sa li enpòtan pou:
- Rekonèt sentòm yo bonè,
- Ale lopital vit,
- Epi bay doktè a tout enfòmasyon sou kontak ak rat oswa kote ki sal.

Èske yon moun ki gen viris la ka pase l a yon lòt ?
Jeneralman, hantavirus pa fasil pase de moun a moun.
Men gen yon kalite espesyal yo rele “Andes virus” ki deja montre kèk ka transmisyon ant moun nan Amerik di Sid, sitou ant moun ki gen kontak pwòchpandan anpil tan.

Ki tretman ki genyen?
Pa gen medikaman espesyal ni vaksen ki geri hantavirus pou kounye a. Swen yo baze sou:
- Siveyans pasyan an,
- Sipò pou l respire,
- ipò pou kè ak ren yo si sa nesesè.

Men, pi bon chans pou siviv se lè moun nan jwenn swen bonè.

Kijan pou pwoteje tèt ou?
Pi bon prevansyon an se evite kontak ak rat epi lòt wonjè yo. Evite tout sitiyasyon ki ia sitire uo nan anviwònman kote w ap viv.

- Kenbe kay ak anviwònman pwòp,
- Bouche twou rat ka antre ladan yo,
- Sere manje yo byen,
- Pa bale oswa pase aspiratè sou poupou rat ki sèk,
L ap pi bon si w mouye zòn nan ak dlo ak dezenfektan avan netwaye l,
- Lave men nou ak souvan.
-Lè w ap netwaye yon kote ki gen rat:
-- mete gan,
-- mete mask si posib,
-- epi evite respire pousyè a.

Pa bliye.

Enfeksyon ak Hantavirus se pa yon maladi ki nouvo, men li rete yon maladi serye anpil. Risk la pi gwo pou moun ki ekspoze ak rat oswa dechè rat yo.
Bon ijyèn, bon netwayaj, ak vijilans kapab ede nou pwoteje lavi nou ak fanmi nou.

Pa bliye pase pran bon jan materyèl medikal yo nan Vitas Med Pro Supply

LIMYÈ SOU SANTE W!

02/05/2026
19/04/2026
17/04/2026
09/04/2026
09/04/2026

Adresse

Rue Panaméricaine
Ouest
4815

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Le Monde décrypté publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Le Monde décrypté:

Partager