Rsf-Tsf Fundraising For Contruction

Rsf-Tsf Fundraising For Contruction Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Rsf-Tsf Fundraising For Contruction, Station de radio, 6 Rue MERISIER, Delmas.

17/08/2024

Operasyon "Gonfle ponyèt pou chanje volan laprès" lanse.
Ekri sou [email protected]
enskri medya w, enskri tèt ou jounalis

17/08/2024

Ou viktim konpayi tel, makèt, vye pwodwi nan famasi, nan tout sa w ap achte; ekri nou [email protected] pote plent.

RSF/TSFSe sou plas Rospide Pétion an enstalasyon Nouvo Komite Direksyon an ap fèt. Orijinal Koupe Plus, Coin d'Or Restau...
14/08/2024

RSF/TSF
Se sou plas Rospide Pétion an enstalasyon Nouvo Komite Direksyon an ap fèt. Orijinal Koupe Plus, Coin d'Or Restaurant ap asire anbyans jounen an. Fabiola ak Remose deja prè pou kenbe tibouch nou okipe ak bon ti marinad ak akra epi bon pikliz. Yves-Marie ap jere bwè a.

Enstalasyon nouvo Komite Direksyon RSF/TSF la se yon sòt d seremoni entegrasyon l ap ye. Se ap yon moman fratènite, antrèd ak patisipasyon.

N ap pote chanjman nan tout sa n ap fè. Nou pòv nan pòch men nou rich nan sèvo.

Yvenert Foeshter JOSEPH
[email protected]
N&Ds #?l

14/08/2024

AYITI/SENDOMENG
Bravo CPT-PM (Madam Dupuy)
Sa a bon!

14/08/2024

AYITI/SENDOMENG
Nou pa an gè, nou pa nan kont pou ki w fèmen espas ayeryen ou ak nou?

14/08/2024

AYITI/SENDOMENG
Apre bòt Wilson Laleau sou afè pwodwi dominiken yo, CPT-PM nan fèt yon bèl bòt sou yo.

EMISYON POU TIMOUN YOEde Emisyon sa non! Li pote anpil nan edikasyon timoun yo, li ankadre yo epi ede paran yo nan kesyo...
13/08/2024

EMISYON POU TIMOUN YO

Ede Emisyon sa non! Li pote anpil nan edikasyon timoun yo, li ankadre yo epi ede paran yo nan kesyon sante ak edikasyon. Laprès la pou bay kout men tou.

Sou zelle 5618564643 ou ka ede ak sa w genyen.

PM, men yon ti fèy te.Tanpri, bwè yon tas chak maten anvan ou al nan biwo. Li bon sitou pou chèf ki bliye orijin yo, ki ...
09/08/2024

PM, men yon ti fèy te.
Tanpri, bwè yon tas chak maten anvan ou al nan biwo. Li bon sitou pou chèf ki bliye orijin yo, ki bliye misyon yo, ki kwè manti ka leve mò.

Ou ka rekòmande chèf ki avè yo li tou. Li bon pou maladi sousou, patoloji grav ki gen rapò ak 15%, ak fo kontra, fo pwomès. L ap soulaje move zangi, derasinen move lawon. Li ede koupe fache tou, konbat rapò si ak bilan tèt bòchèt.

Fèy sa, se yon remèd pwisan pou konbat depandans, nan kòlèt ak sitou vye rim, vye las restavèk. Fèy wont !

Yvenert Foeshter JOSEPH
[email protected]
%BF2+%M

02/08/2024

Kenntèki pa ka fè m di Ak-100 se timanje. Yon bòl ak pen nan maten banm jounen an.
Aran ak Lam boukannen pa kanmarad Sandwich.

Se pa di w ap Fè, se FèNan sektè pa w la, ki bilan? Jije tèt ou anvan ou vin radote sou moun. Atlèt nan je olenpik yo ge...
31/07/2024

Se pa di w ap Fè, se Fè
Nan sektè pa w la, ki bilan? Jije tèt ou anvan ou vin radote sou moun. Atlèt nan je olenpik yo gen 2 chwa: pran meday oubyen pa pran.

Ou se lidè politik, ou se bankye, ou se x, ou se z, trèbyen. Kot bilan ou (se pa reyisit pòch ou, zanmi w ak fanmi w sèlman) Sa Ayiti benefisye? Sa w gen atè a? Kòman ou bay koutmen pa w la (TT)?

Yvenert Foeshter JOSEPH
[email protected]
&5gFeY+$@

SE AYITI N AP BAY YON KOUT MEN (ref. TT)Gen pou gade, gen pou ankouraje. Pa krache sou efò nou. RSF/TSF montre gen moun ...
31/07/2024

SE AYITI N AP BAY YON KOUT MEN (ref. TT)
Gen pou gade, gen pou ankouraje. Pa krache sou efò nou. RSF/TSF montre gen moun toujou nan peyi a ki kwè nan devlopman. Soti 2018 rive 2024, RSF/TSF fè tout medya refè stidyo, chanje ekipman, adapte ak rezo sosyal yo. Ann fè plis nan sektè pa w epi Ayiti ap bon.

Pa denigre nou pou granmesi. Nou leve ak granmoun. Nou pa ka gen 2 non: RSF/TSF epi vòlè, eskanmòtè tou.

Yvenert Foeshter JOSEPH
[email protected]
Hy7^5VcAq1*

SA NOU PA VLE A SE LI N AP WE(Kòb dyaspora se san)Se sa yo plis yon bann lòt mwen fè ki kraze Ayiti? Se nonm nou tande n...
31/07/2024

SA NOU PA VLE A SE LI N AP WE
(Kòb dyaspora se san)

Se sa yo plis yon bann lòt mwen fè ki kraze Ayiti?
Se nonm nou tande nan tout malpwòpte nan peyi a?
Se mwen nou konn tande k ap defann eskanmòtè nan peyi a?
Se mwen nou konn wè nan tout koulwa pouvwa yo?
Se RSF/TSF (yon bèl medya) ki doulè a? Nou pa dola 50. N ap fè travay nou te gen pou fè a.

EBEN N AP KONTINYE GOUMEN
Bare pa bare, n ap akonpli misyon nou jan nou te desine pou fè l la. Nou te toujou konn wout la gen pikan. Nou pat janm panse pikan yo t ap elimine men, nou met bòt nan pye nou pou mache sou yo jan yo vle a.

Kòb dyaspora se san. RSF/TSF se pou ayisyen isi tankou sa ki lòtbò dlo. Donk, dyaspora gen medya li atè a. Nou pa pitimi san gadò. Manyen RSF/TSF se manyen tout manm dyaspora a. Mwen ti "Yvenert" nou wè la, pa yon jeneral "pete santi non". m ap defann envestisman moun ki swe pou met medya sa kanpe. AN AVAN, AN AVAN, nou la, n ap la e n ap kontinye la. Dèyè mòn gen mòn. Moman an rive pou kòwonpi respekte efò yo pa ka fè.

Yvenert Foeshter JOSEPH
[email protected]
Y5DsA2(99

Adresse

6 Rue MERISIER
Delmas
61144

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Rsf-Tsf Fundraising For Contruction publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager