07/04/2025
Fòk nou pa janm bliye, tt mezi sa yo konsène sèlman ayisyen. Se yon fason yap fè pou yo fòse nou kite teritwa yo, siw malad ou pap k ret lakay ou, fòk ou al lopital, e siw Al lopital yap fin pran swenw epi yap depòtew.
Lè mezi sa ap antre an aplikasyon, jan ou konn wè yo mete militè ak ajan imigrasyon nan chak pwen nan wout yo, se konsa yap mete militè ak ajan imigrasyon nan chak lopital piblik yo.
Sak dwòl nan tout sa, mesyedam Ayiti yo kontinye fè silans sou sitiyasyon ayisyen repiblik dominikèn yo. Avyon pa soti Ayiti pou ale RD 🇩🇴 prèske 3 ane yo pa vann ayisyen viza ankò, epi anbasad RD 🇩🇴 toujou ouvè nan peyi nou.
Si tt sèvis sa yo bloke nan RD pou ayisyen, kisa prezans anbasadè Dominiken an itil Ayiti 🤔 kisa relasyon sa itil nou?
Map gade 30 Mas pase a, yon gwoup Dominiken pwograme mach nan zòn fruisa ( bavaro) kont ayisyen, konvokatè mach sa t mande pou tt patisipan yo mache ak tt kalite zam, otorite ayisyen yo pa menm soti yon lèt pou voye yon pinga bay otorite Dominiken yo e pote solidarite ak ayisyen yo.
Mach fin fèt, gouvènman RD 🇩🇴 deplwaye 2500 militè pou al chache e depòte ayisyen ak ajan imigrasyon tt lannwit. Ayisyen yo lagè ap dòmi nan mòn ak ti bb fenk Fèt, yo lage dronn ak chen nan mòn yo pou chache ayisyen, sa pa janm di otorite bò isit anyen.
Finalman tt pèp la lage poukont yo, yo ap kouri dèyè yo Ayiti, yo ap kouri dèyè yo nan lòt peyi, kisa poun fè menm🤔
Antouka, sitiyasyon sa yap fouti pa fè depresyon touye tt moun katouch poko pran yo.