Idalina Dayiti.Koze Ak Pawôl Gramoun.

Idalina Dayiti.Koze Ak Pawôl Gramoun. Publier Mes Textes. Ancourager Les Autres A Prendre La Route De L'espoir

Konpa Dirèk .Konpa Dirèk Orijinal Natif Natal.Nemou Janbatis MèsiPou Trezò Sa aAk Konpa Ayiti Anlè. Dipi Swasandi zan In...
26/07/2025

Konpa Dirèk .
Konpa Dirèk
Orijinal Natif Natal.
Nemou Janbatis Mèsi
Pou Trezò Sa a
Ak Konpa Ayiti Anlè.

Dipi Swasandi zan
Inivè Rekonèt Konpa
Rit ki Vibre Tout Moun.
Èrezeman Nou te genyen W.
Konpa Frape Tout Moun Opa.

Konpa Chapo Ba Pou W.
O Rit Di Konpa Ann Kadanse
Piti Kou Gwo N'ap Balanse
Ak Konpa W Kokobe
Wap Drese.
Douvanjou 26 Jen 2025
Iwondèl Tout Lòt Zwezo Yo
Rejwi Ak Lanati Pou Di Konpa
Èrezeman Nou Te Genyen W.
Konpa Dirèk Bon Rekolt Kafe.
Idalina Dayiti
26 jen 2025.

13/06/2025

ki Jedi ?
Jedi Sen
ki Sen Maren
ki Maren
Maren Dlo
ki Dlo
Dlo Lanmè
ki Lanmè
Lanmè Ble
ki Ble
Ble Digo
ki Digo
Digo Lave
ki Lave
Lave Rad
ki Rad
Rad Blan
ki Blan
Blan Lèt
ki Lèt
Lèt Bèf
ki Bèf
Bèf Rada
ki Rada
Rada Dans
ki Dans
Dans Kongo
ki Kongo Pwa
ki Pwa
Pwa Senkant
ki Senkant
Senkant Kòb.
Idalina Dayiti
13 Jen 2025.

23/12/2024

Nwèl Ayiti.
Nwèl kè sote
Nwèl pwenn fè pa
Nwèl krèv kè
Nwèl Ayiti demil venn kat
Se Nwèl Dlo nan ge
Tout moun nan lari
Tout kay kankannen
Tout kay piye rapyetè
Lopital kraze
Lopital kankannen
La Repiblik de Pòtoprens
Latibonit se krèv kè
Si w kwè se manti
Al mande:
Dèlma 5
Dèlma 3
Dèlma 9
Dèlma 7
Dèlma 11 elatriye
Fè yon kout ge Kafou Fèy
Nan Solino .
Tonton Nwèl souple
Soufle sou Zonbi yo
Pou yo ka leve
Kou Ezekyèl Soufle sou Zo yo
Pou yo ka leve kanpe
Tanpri pote yon
Ti Sèl Mobilizasyon pou nou
Pou ge Tout Zonbi ka louvri
Pou delivre Ayiti.
Idalina Dayiti
23 Desanm 2024

23/12/2024

Nan Dezè
N'ap mache nan Dezè
Nou pa konn ki jou
Ni ki date n'a rive nan Ginen
La Vil Okan Dlo yo tounen San
Mapou tonbe kabrit mange fèy
Nou bouke mache nan fè nwè
Ensekirite lannwit kou lajounen
Nou prale nan Ginen
Ayiti peyi Solèy Leve
General Sole pati
Fè Nwè sèl Rén k'ap dirige
W peyi Tèt san Kò
Tout moun tounen Zonzon
Sèl Wa bò yisit se:
Lè Valpa Ansanm
Lè Vakabon abiye
Lè Paren
E lè Patwon Ansanm
Nou Sou
Nou Bouke
Yon Gwo Dezè san bout
N´ap travèce pou rive nan Ginen
Kote na repoze.
Idalina dayiti
23 Desanm 2024.

13/10/2024

L' Amitié.
L' Amitié est une fleur si rare
Qui on doit la conserver précieusement
Si on la trouve.
Si tu rencontres une plante d' Amitié
Sur ta route cueille une branche
Et met la dans ton cœur.
Arrose la chaque jour
Pour qu'elle devienne plus belle.
Car les vrai es ami es sont ceux, celles
Qui partagent tes peines
Aussi bien que tes joies.
Les vrai es ont les trouvent rarement.
Ce sont ceux,celles qu'on voient
Le jour de la détresse.
Si tu veux garder l' Amitié de quelqu'un
Accepte la tel qu'il est
Avec ses bontés et ses défauts.
L' Amitié est une fleur si belle et si rare
Que c'est un crime de la laissée fanée.
Idalina Dayiti.1975.

Adresse

Delmas

Téléphone

+50937493135

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Idalina Dayiti.Koze Ak Pawôl Gramoun. publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Idalina Dayiti.Koze Ak Pawôl Gramoun.:

Partager