14/12/2025
Apre de (2) lane fòmasyon nan kad pwogram IFECAP la, fanm yo reyisi fini fòmasyon an avèk siksè. Pwogram sa a te vize ranfòse kapasite yo nan lidèchip, wòl fanm nan sosyete a, devlopman pèsonèl, ak angajman sivik, tout pandan li te ede yo bati konfyans nan tèt yo ak yon gwo sans responsablite.
Sou plan espirityèl, fòmasyon an te pèmèt patisipant yo grandi anndan yo, ranfòse valè moral ak lafwa yo, epi vin lidè ekilibre, angaje, ki sèvi kòm bon modèl pozitif nan fanmi yo ak nan kominote yo. Remiz diplòm sa a make nesans yon nouvo jenerasyon fanm lidè, ki pare pou kontribye aktivman nan devlopman sosyete a.