Mapou News

Mapou News Nous somme Mapou News, la reférence en matière d’information.

20/08/2026
Lè kanpay la sòti sou tèren pou l antre nan ekran tankou klasiko Reyal ak Baselòn.Nan epòk dijital sa a, politik ap pran...
20/08/2026

Lè kanpay la sòti sou tèren pou l antre nan ekran tankou klasiko Reyal ak Baselòn.

Nan epòk dijital sa a, politik ap pran yon lòt koulè. Yè, pou yon kandida fè figi l parèt sou afich, li te bezwen yon ekip grafik, yon kamera, yon estidyo ak anpil kòb. Jodi a, ak entèlijans atifisyèl, ekran an prèske tounen yon atelye san pòt ni fenèt, entèlijans atifisyèl ap simaye flayè kandida yo toupatou.

Yon kandida ka pran yon foto, mete l nan yon zouti entèlijans atifisyèl, epi kèk moman aprè, figi l ka parèt sou plizyè flayè, nan plizyè dekò, ak plizyè mesaj. Lè sa a, kandida a ka miltipliye prezans li sou ekran a san li pa nesesèman miltipliye prezans li sou tèren an.

Flayè yo monte pa pakèt sou algorithm yo. Yo sikile tankou grenn van ap pote nan sezon karèm: yon sèl imaj ka travèse plizyè milye telefòn pandan kandida a li menm ka pa janm mete pye nan zòn kote mesaj la rive a.

Se la nouvo fòm kanpay sa a vin entèresan. Entèlijans atifisyèl la pa sèlman fè yon kandida bèl sou yon afich; li ka ba li yon mikwofòn dijital pou l pale ak moun li poko janm rankontre.

Men gen yon diferans ant parèt ak rankontre.

Yon ekran ka fè yon figi antre nan kay yon peyizan ki nan 7tyèm seksyon kominal Mapou, men li pa ka fouti ranplase yon lanmen, yon bat bouch itil, yon vizit nan yon katye, yon mache nan mitan popilasyon an. Afich la ka montre yon kandida souri; se tèren an kap gen pou l di si souri sa a gen rasin.

Se konsa kanpay elektoral la sanble ap divize an de mond: kanpay sou flayè ak kanpay sou tèren. Premye a mande yon bon vizyèl ak bon algorithm; dezyèm nan mande prezans, konfyans, òganizasyon ak kapasite pou touche reyalite moun yo.

Nan nouvo epòk sa a, kandida ki metrize zouti dijital yo gen yon avantaj: yo ka repwodui imaj yo prèske san limit. Men, menm jan yon pyebwa pa grandi paske yo pentire anpil fèy sou papye, yon kandida pa nesesèman vin popilè paske figi l parèt sou anpil flayè.

Entèlijan atifisyèl (AI) ka miltipliye imaj yon kandida men se pèp la ki deside si imaj sa a gen lavi.

Paske nan politik, ekran an ka louvri pòt la, men se konfyans moun yo ki pral fè kandida-a antre.

Sondage au Sénat dans le département du Sud-Est réalisé par ECO Groupe : René MOMPLAISIR en tête avec 42,30 %Jacmel, 11 ...
11/08/2026

Sondage au Sénat dans le département du Sud-Est réalisé par ECO Groupe : René MOMPLAISIR en tête avec 42,30 %

Jacmel, 11 août 2026. René MOMPLAISIR continue d’occuper la tête des sondages dans le département du Sud-Est. Un dernier sondage présenté par ECO Groupe – Développement local, Acteurs & Politique place le candidat en première position avec 42,30 % des intentions de vote.

Il devance Wencesclass Lambert (24 %) et Louis Lafontant (15,20 %). Maxeau Sanozier obtient 7,10 %, Denoil Antenor 5,50 %, Miradin Morlan 3,50 % et Bertrand Serneus 2,40 %.

Le sondage porte sur la période allant du 25 juillet au 7 août 2026.

Après les passages répétés de l’agronome Ricard Pierre, originaire de l’arrondissement de Belle-Anse, au Sénat de la Rép...
06/08/2026

Après les passages répétés de l’agronome Ricard Pierre, originaire de l’arrondissement de Belle-Anse, au Sénat de la République, un autre Bellansois ambitionne désormais d’y représenter le Sud-Est. Il s’agit de René MOMPLAISIR, candidat soutenu par le secteur paysan et populaire, qui se présente comme le porte-voix d’un milieu longtemps absent des grandes sphères de décision de l’État.

La présence du Premier ministre Alix Didier Fils-Aimé au Cap-Haïtien, à l’occasion du 20ᵉ anniversaire du Réseau des Uni...
31/07/2026

La présence du Premier ministre Alix Didier Fils-Aimé au Cap-Haïtien, à l’occasion du 20ᵉ anniversaire du Réseau des Universités Publiques Départementales, est perçue par plusieurs observateurs comme un geste à forte portée politique. Au-delà de l’aspect protocolaire, ce déplacement permet au chef du gouvernement de renforcer sa visibilité dans le Nord et d’adresser un signal d’engagement envers l’enseignement supérieur public, à un moment où le pays se prépare à d’importantes échéances politiques.

16/07/2026

Daprè yon sous nou kapab fè konfyans, yè mèkredi an Kowòdonatè nasyonal SPPH la, René MOMPLAISIR, te fè plizyè gwo rankont nan vil Jakmèl. Pami gwo rankont yo, nou aprann li te chita ak Mèt Stéphanie Édouard LAFONTANT, ki se youn nan manm Komisyon Minisipal Jakmèl la, ansanm ak Mèt Farah CALIXTE, ki li menm se youn pami pigwo aktivis depatman Sidès la, ki pa janm sispann defann dwa ak enterè moun k ap viv nan milye peyizan yo.

La Primature et le CEP s’accordent sur un budget de 120 millions de dollars américains destiné au financement des opérat...
03/07/2026

La Primature et le CEP s’accordent sur un budget de 120 millions de dollars américains destiné au financement des opérations électorales, selon un communiqué conjoint publié par les deux institutions de l’État.

Cette enveloppe budgétaire vise à couvrir l’ensemble des activités liées à l’organisation du processus électoral, dans le cadre des préparatifs des prochains scrutins.

Aprè Konsèy Minis yo ki te fèt jedi 2 jiyè 2026 la, gouvènman an nonmen nouvo manm komisyon minisipal pwovizwa pou twa k...
03/07/2026

Aprè Konsèy Minis yo ki te fèt jedi 2 jiyè 2026 la, gouvènman an nonmen nouvo manm komisyon minisipal pwovizwa pou twa komin nan depatman Sidès la: Jakmèl, Marigo ak Kòtdefè.

Daprè enfòmasyon nou jwenn, chwa moun ki nonmen yo se rezilta yon antant ant twa gwo lidè politik ki gen enfliyans nan depatman Sidès la.

Après six années passées à la tête de l’Unité de Lutte Contre la Corruption (ULCC), Me Hans Jacques Ludwig Joseph quitte...
03/07/2026

Après six années passées à la tête de l’Unité de Lutte Contre la Corruption (ULCC), Me Hans Jacques Ludwig Joseph quitte ses fonctions. Il est remplacé par Mme Goethie Varnelle Morency, nommée nouvelle Directrice générale de l’institution à l’issue du Conseil des ministres du 2 juillet 2026.

Nan yon nòt ofisyèl komite SPPH Tyòt la reponn pozitivman ak demann gwoup Tyòt Douvanjou an sou pase men ki gen pou fèt ...
06/06/2026

Nan yon nòt ofisyèl komite SPPH Tyòt la reponn pozitivman ak demann gwoup Tyòt Douvanjou an sou pase men ki gen pou fèt sou wout Marimadlèn (Tyòt) la.

Manm SPPH yo kwè se nan linite ak tèt ansanm pou Ayisyen rive jwenn vrè solisyon pwoblèm peyi an.

Adresse

Rue Charbonnière
Delmas

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Mapou News publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Raccourcis

Partager