12/03/2024
Yon 12 mas tankou jodi a
12 mas 1958, Lyetnan-jeneral Antonio Thrasybule Kébreau, ki te pi gwo chèf nan lame peyi dAyiti pèdi pòs li e se Lyetnan-jeneral Maurice Flambert ki ranplase l. Pou nou ka konprann pi byen desizyon sa a, an nou fè yon ti kase tèt tounen nan listwa.
Daniel Fignolé te genyen sèlman 3 semèn sou pouvwa a kòm prezidan (25 me 1957) lè li pwan yon koudeta (14 jen) e li te oblije vole gagè. Yo anbake l sou yon bato militè ameriken, kote yo mennen l an ekzil Etazini.
Yon konsèy militè ranplase l. Ladann ou jwen kòm nimewo 1 Antonio Kébreau. Sou kote l genyen 2 Lyetnan-kolonèl: Émile Zamor ak Adrien Valville.
Nan mwa sektanm gouvènman militè sa a òganize eleksyon e se doktè François Duvalier ki soti prezidan. Louis Déjoie, kandida ki sanble te gen plis chans pou vini prezidan an te abandone eleksyon an paske li te sispèk magouy ap fèt pou doktè a ranpòte lamayòl la. Anpil sous rapòte ke Duvalier pa t ap prezidan, men nan tout kandida yo se li ki te aksepte kondisyon jeneral Kebreau a ki se yon dyòb anbasadè nan Vatican.
Jeneral la pwal pèdi pòs li nan lame a paske li te refize obeyi prezidan an ki te ba li lòd pou mete anba kòd anviwon 20 ofisye nan lame a, li ta sispèk ap fè konplo kont li.
Aprè yon lane sou ban, prezidan Duvalier reyalize rèv li, li nome l “ministre plénipotentiaire” nan Vatican anvan li vini anbasadè Ayiti an Italie. Yon lane aprè, li tounen an Ayiti e prezidan an akeyi l ak yon fèt wololoy nan palè nasyonal. Demen, an aprè gwo kandjanwou a, Lyetnan-jeneral Antonio Thrasybule Kébreau ap sispann respire nan Pétion-ville.
Widelson Dessaint, homme de lettres, Stoïcien ✍️