Radio Télé Dondon Avant Tout

Radio Télé Dondon Avant Tout La référence sûre et certaine.

Siw renmen travail nap fè a edem rive 10k followers sou tout platform Dondon Avant Tout  yo, se sèl fason ou ka anjouraj...
24/02/2024

Siw renmen travail nap fè a edem rive 10k followers sou tout platform Dondon Avant Tout yo, se sèl fason ou ka anjouraje nou ,mande fanmi zanmi w suive paj Dondon Avant Tout - Media en ligne Radio Télé Dondon Avant Tout ,

Tout moun kap suive mwen 1 pataj svp.

Mèsi. Mwen renmen nou anpil. 👌

 -  J-3Jodya nou vin prezante w      , Milot . Lite konstwi an 1810-1813, an 1842 yon gwo seyiz ou tranbleman tè kraze p...
15/02/2024

- J-3
Jodya nou vin prezante w , Milot .

Lite konstwi an 1810-1813, an 1842 yon gwo seyiz ou tranbleman tè kraze palè a.

'w

- se yon chato ki sitiye Milot, Ayiti, depatman nò ,li gen yon ventèn kilomèt avek kap ayisyen .
Se ansyen rezidans prensipal .

Pa pase sanw pa swiv paj la pou jwenn tout nouvèl piblikasyon nou yo.

 -  J-2Nou vin prezantew    ***e, ki twouve li nan komin   3e seksyon kominal  . 'w     .Nan tan lakoloni    ***e se la ...
11/02/2024

- J-2
Nou vin prezantew ***e, ki twouve li nan komin 3e seksyon kominal .

'w .

Nan tan lakoloni ***e se la yo te konn fè mache esklav, savledi vann epi achte.

Pa pase sanw pa swiv paj la pou jwenn tout nouvèl piblikasyon nou yo. Mèsi

 Jodya Nap fè yon ti pronmennen nan Yon Komin ki nan depatman Nò a, ki rele  , Li gen yon sipèfisi de 121 km2 ,e li gen ...
10/02/2024



Jodya Nap fè yon ti pronmennen nan Yon Komin ki nan depatman Nò a, ki rele , Li gen yon sipèfisi de 121 km2 ,e li gen 5 seksyon kominal ki se brostaj ,basen kayman, matadò, lagiy, epi oditrou.

premye kolon fransè kite vizite Dondon se te André Minguet an 1698, se la gouvènè Dalò Jean Baptiste du casse pral bay Minguet ti bout tè Sa pou l gade zannimo l. Nan lane 1727 yo pral mete legliz dondon nan ran pawas, li gen sen patronl se Saint Martin ki fete chak 10 ak 11 novanm.

Dondon gen anpil potansyel nan zafè agricol tankou yanm, bannann, pwa, mayi, elatriye.
Men pi gro koze a menm, se nan zafè kafe, dayè premye eksperyans nan kesyon Gran plantasyon sou zafè kafe nan tan koloni te fèt nan komin Dondon, se la premye koperatif kafe pral pran nesans nan dondon 1955, Ki se koperatif Gabart levaillant apre sa 2 lot anko pral pran nesans ki se Vincent ogé ak kapwa lamò.

Lòt pi gro potansyel dondon gen ankò se nan zafè touristik. Dondon se yonn nan Kote an ayiti ki gen plis espas moun ka vizite sitou nan kesyon gròt.
Pou sel dondon Yo jwenn plis ke 10 gròt San konte lot espas moun ka vizite, Kote ki popilè moun plis konnen se gròt Minguet ki se yon espas a la fwa mistik epi mitik. Mitik se paske se la tayno yo te konn vin fè pèlerinaj chak soltis dete 21 jen, epitou se la Minguet te pase premye Vèy de nwit li. Lòt Kote Nou ka site, Nou ka pale de Ramye, nan Michel 1 ak 2 , Gran gouf, lapòt Sen Jak, Kadelia, Marc Antoine, Gròt des dames, St Martin elatriye.

Plizyè gro pèsonalite Pran Nesans nan Komin dondon tankou: , pi jèn ofisye lame endijèn san Nou pa bliye anpil lot moun tankou , Ansyen Chantè Tropicana Nou pa detounenw, yon démon nan zafè chante lanmou, ansyen chantè Septen, Agwobatè Tropic, Rose claudelle Daniel, Le Grand vénérable international , (Cow-boy) Basis Septen Karlin Georges Le Pont Marcellus Djephly , Jean Emmanuel Lindor , Symbreux Garvinx ...

Pa pase sanw pa swiv paj la pou jwenn tout nouvèl piblikasyon nou yo. Mèsi

Bonjour Dondon/Bonjour le monde/Bonjour Haïti /Bon dimanche et excellente journée, abonnez vous à ma page maintenant.Vin...
04/02/2024

Bonjour Dondon/Bonjour le monde/Bonjour Haïti /Bon dimanche et excellente journée, abonnez vous à ma page maintenant.

Vin nou pale , byen gade imaj la.🇭🇹🇭🇹🇭🇹

Ekip Dondon Avant Tout ap swete Agr Emmanuel Jean-François  jwaye Anivèsè.Ke jounen sa pote lanmou, bonè ak plis detèmin...
15/01/2024

Ekip Dondon Avant Tout ap swete Agr Emmanuel Jean-François jwaye Anivèsè.

Ke jounen sa pote lanmou, bonè ak plis detèminasyon nan lavi 'w.
Bwè gato 🎂 manje bweson 🍾😏😏

Jodya se yon jou espesyal pou yon moun espesyal, Karlin Georges Le Pont , yon lidè , yon bon vye zanmi, yon konbatan, na...
08/01/2024

Jodya se yon jou espesyal pou yon moun espesyal, Karlin Georges Le Pont , yon lidè , yon bon vye zanmi, yon konbatan, nan gran jou espesyal sa a mwen prete vwa tout moun espesyalman tout followers Dondon Avant Tout yo pou diw jwaye anivèsè, swete w kontinye rèv ou pozitivman pou lòt ayiti nou reve a devni reyèl.

Boule jou'w granmou'n 🎂🎂🍰🍹🍾🍺

Lè yon gran ap fete pami nou, nou dwe retire chapo nou pou'n montre kantite respè ke'n genyen anvè moun sa. Edny Pierre,...
07/01/2024

Lè yon gran ap fete pami nou, nou dwe retire chapo nou pou'n montre kantite respè ke'n genyen anvè moun sa. Edny Pierre, Se te yon jou konsa bondye te deside kreye yon être imen, li pa pafè men atravè zak li yo li diw men chimen an swiv mwen, nèg syans mou'n nan, nan nom DAT ak nan nom tout popilasyon Dondonèz la nou swete w jwaye anivèsè.
Boule jou'w ak mou'n ki ba ou valè ak respè nègan'm. 🎂🎂🎂🍾🍾🍾🍹🍹

Ede zanmi an rekipere pyès li, nenpòt moun ki tava jwenn pyès sila yo kontakte DAT, oubyen depozel nan komisarya ki pi p...
05/01/2024

Ede zanmi an rekipere pyès li, nenpòt moun ki tava jwenn pyès sila yo kontakte DAT, oubyen depozel nan komisarya ki pi pre w la. yon rekonpans deja ap tann ou. Mèsi

Je vous souhaite une année remplie de découvertes, de défis relevés et de réussites. Que tous vos souhaits se réalisent ...
01/01/2024

Je vous souhaite une année remplie de découvertes, de défis relevés et de réussites. Que tous vos souhaits se réalisent en 2024 !
👉

  2023   2023🎖Dr Adlon Pierre, sante. Gras ak doktè Adlon lapè gen yon sant de sante ki metel osèvis kominote an, nou re...
31/12/2023

2023 2023
🎖
Dr Adlon Pierre, sante.

Gras ak doktè Adlon lapè gen yon sant de sante ki metel osèvis kominote an, nou remake se pa sèl moun brostaj ki vin pran sèvis sèlman men se tout 5 seksyon an sant de sante a sèvi.

Ekip Dondon Avant tout an felisite l pou lidèchip li, nou swete ou rete nan menm objektif la.

  2023   2023🎖Sonceau Sky  fòmasyon pwofesyonèl, nou reyalize kantite jèn ki gen yon metye manyel pou konbat ak lavi, Sk...
31/12/2023

2023 2023
🎖

Sonceau Sky fòmasyon pwofesyonèl, nou reyalize kantite jèn ki gen yon metye manyel pou konbat ak lavi, Sky se yonn nan moun ki kontribye grandman a konbat delekans ak banditis atravè komin nan poum pa Ayiti tout antye.
Ekip Dondon Avant Tout an felisite l pou bon travay lap fè yo e nap poul rete nan menm objektif la.

Dockiss Cothiere , repòtè imaj. Ekip Dondon Avant Tout  an felisite w pou sèvis wap rann kominote a, gras a ou tout moun...
31/12/2023

Dockiss Cothiere , repòtè imaj.
Ekip Dondon Avant Tout an felisite w pou sèvis wap rann kominote a, gras a ou tout moun kapab swiv an dirèk aktivite kiltirèl yo answit emisyon chita tande.

  2023   2023🎖Maitre Alin Désir , anseyan .Malgre grèv, bon tan ak move tan mèt Alin toujou ponktyèl nan travay li, touj...
31/12/2023

2023 2023
🎖

Maitre Alin Désir , anseyan .
Malgre grèv, bon tan ak move tan mèt Alin toujou ponktyèl nan travay li, toujou prè pou l pote le pen de ledikasyon a elèv yo, toujou saj, byen konfòme, mèt Alin se anseyan modèl pou ane an a travè komin Dondon.

Ekip Dondon Avant Tout an swete l bon travay, toujou ret nan fason ke wap avanse a.

  2023   2023🎖Meester Del jèn sosyal, ekip Dondon Avant Tout an swete w kontinye pataje sa ou genyen ak moun ki pi vilne...
31/12/2023

2023 2023
🎖

Meester Del jèn sosyal, ekip Dondon Avant Tout an swete w kontinye pataje sa ou genyen ak moun ki pi vilnerab yo.

Rekonpans lan ap tounen jwenn ou.

Nous vous souhaitons de passer un doux et heureux Noël en famille. Que ce Noël vous apporte de joie, prospérité et que v...
25/12/2023

Nous vous souhaitons de passer un doux et heureux Noël en famille.
Que ce Noël vous apporte de joie, prospérité et que vos rêves se réalisent.
La nouvelle année est déjà là. Nous espérons que cette nouvelle année sera la plus belle réussite de votre vie.

Symbreux Garvinx

Promo 52 te kontan rankontre yonn pami direktè ki pi konpetan nan komin Dondon, Mr. Didier Jean Cothière, nou te vin fel...
04/12/2023

Promo 52 te kontan rankontre yonn pami direktè ki pi konpetan nan komin Dondon, Mr. Didier Jean Cothière, nou te vin felisite l pou bon travay li yo avan zye l fèmen, se ak kè kontan Direktè a te akeyi ansyen elèv li yo, nou fè'l yon pwomès ke nap retounen pa twò lontan vin pase yon pi bèl moman avè'l.

Longue vie à Toi Maitre Jean Cothière.

Elektrisite Dondon,Nòt de presizyon. Nan konfli ki gen ant majistra Ronald ak Majistra Ti Riko kite menm pouse majistra ...
28/08/2023

Elektrisite Dondon,Nòt de presizyon.

Nan konfli ki gen ant majistra Ronald ak Majistra Ti Riko kite menm pouse majistra Ronald chanje kadna baryè a anpil moun tap bay avi pa yo, gen moun ki di majistra gen rezon, gen lòt kap bay majistra Ti Riko rezon menm vin di nou kisa bagay la ye, men se yon ti avangou jis poum poze 2 kan yo.

Map anonse popilasyon Dondonèz la si nou wè prezans Ti riko sou chantye a se pa a tit majistra li sou chantye a pa rapò ak yon lyen amikal li genyen ak Ing. Riterford Augustin ki repwezante enzen kise yon konpayi an espay ki ap egzekite pwojè a, ING a te ka chwazi nenpòt moun kel fè konfyans mete sou chantye a pou sipèvize chantye a pou anka de absans li, m kapab di Rock se yon anplwaye de R4 kise firm ING Riterford kap egzekite kloti a.

Nan sak gen pou wè ak dedwane materyel yo, ING a li menm ki an vakans pou 2 semèn ki pa ayiti konfye Ti Riko papye yo ou di mwens chaje Ti Riko yon misyon pou al ladwann pou dedwane yon kontenè pou mwen monte avèl Dondon, se menm figi a ING a te kapab fè nenpòt moun konfyans poul rann li sèvis la, men sak gen nan sa ING a kise zanmi Ti Riko vle bay ti Riko antanke politisyen yon viziblite, ke si Ronald antanke majistra an fonksyon te gen kontak te kapab benefisye tou.

Mentnan an nou manyen wòl Lameri nan pwojè a, m kapab di lameri pa gen anyen pou wè ak pwojè a, mande Lameri kote biwo ANASE ye li pap konnen, pwojè a gen kòm mèt ouvraj MTPTC ki pase pa EDH ki repwezante pa ANASE, ING Riterford ap fè yon djòb pou ANASE, anpil moun di lè pwojè a fini lameri dwe tann pou lonje kle sistèm nan bay li map di nou Lameri pap jwenn kle, lè pwojè a fini yo pral remèt kle a bay MTPTC/EDH ki gen kòm responsab ANASE, ANASE pral chwazi 2 konpayi, yon konpayi komèsyal ak yon konpayi de pwodiksyon, fòk mwen di nou ni Majistra Ti Riko, ni Majistra Ronald kap batay pou se yo ki gen kontwòl sistèm nan pa nan bon dwa yo paske yo tou 2 pwal nan menm posisyon ak popilasyon an lè pwojè a fini, tout moun pral gen kontè pre peye lakay yo.

Kenbe sa toujou, lòt enfòmasyon yo ap vini.

Garvinx SYMBREUX jounalis

Adresse

Dondon

Téléphone

+50935944440

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Radio Télé Dondon Avant Tout publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Radio Télé Dondon Avant Tout:

Partager