23/05/2026
Depi mwen timoun, mwen te toujou reve yon lòt Ayiti.
Yon Ayiti kote jenès la jwenn espwa, kote angajman sosyal ak politik sèvi pou chanje lavi moun toutbon.
Jodi a, rèv sa a pa sèlman rete nan kè mwen ankò.
Li tounen yon misyon, yon responsablite, yon batay pou yon Ayiti tou nèf.
Men okenn gwo chanjman pa fèt pou yon sèl moun.
Mwen bezwen nou. Mwen bezwen fòs chak sitwayen ki kwè peyi sa kapab leve ankò.
Pou ede enstitisyon an achte materyèl nou bezwen pou kontinye avanse, nou lanse yon mouvman solidarite.
Avèk sèlman 2 000 goud, ou pap sèlman sipòte vizyon an, men tou w ap resevwa yon mayo JFm Sport Nation oubyen JFm Nation kòm senbòl angajman nou ansanm.
Sa pa sèlman yon mayo.
Se yon siy espwa.
Se yon siy rezistans.
Se prèv yon jenerasyon ki deside pa bay legen ,ki ap batay pou yon ayiti nou te reve.
Ann selebre reyisit JFm ansanm.
Paske JFm se espwa, detèminasyon ak vwa yon jenerasyon ki kwè ak vle rebati Ayiti.
JFm Nation — La voix d’une génération. 🇭🇹
https://www.facebook.com/share/p/18tShYiMDZ/?mibextid=wwXIfr
https://vt.tiktok.com/ZSxyE4Ydo/
https://youtube.com/?si=T8hcxWBblgZhvAZ6
https://www.instagram.com/jeframediajfm?igsh=MXEzY3RraGNseHdjaQ%3D%3D&utm_source=qr