17/08/2025
Jodi Samdi 16 août 2025 la, teren Acul-Samdi a te tounen yon reyèl fèt foutbòl. Fanatik yo te deplase an foul pou vin asiste gwo rankont ant Vag Lavi ak AJSD, yon match ki te fè anpil moun rete sou souf yo jouk dènye minit la.
Malgre match la fini ak yon rezilta 0-0, anbyans ki te genyen sou teren an te vo plis pase yon viktwa. Chak aksyon, chak defans, chak chòk te leve pye piblik la, e sa montre kijan foutbòl se plis pase yon jwèt pou kominote a: se yon moman pataj, lanmou, ak fyète.
Nou vle di yon gwo mèsi ak tout fanatik ki te fè deplasman an pou mete lavi nan match la. Prezans nou se fòs chanpyona a! 💚⚽
E nap raple nou, pandan tout match yo, komite a toujou mete fresco disponib pou tout moun. Se yon fason pou rafrechi pandan chalè a ap monte ak tansyon sou teren an. 🍧🔥
Pa rate pwochen match yo, paske chak jou se yon lòt istwa, yon lòt batay, yon lòt fèt foutbòl k ap ekri nan Acul-Samdi.
N ap fè l pou lakay! 🇭🇹
Mompremier Divenson responsable communication