03/07/2025
AJAF ak lòt òganizasyon sosyete sivil lanse apèl ijan sou eta wout antre vil Fòlibète
Fòlibète, 3 Jiyè 2025 Nan yon konferans pou laprès Jedi 3 Jiyè 2025, Asosyasyon Jèn Avize Fòlibète (AJAF), an kolaborasyon ak plizyè lòt estrikti nan sosyete sivil la, lanse yon apèl ijan pou atire atansyon otorite yo ak popilasyon Nòdès la sou sitiyasyon twonson wout ki mennen soti Kafou Chivry pou rive devan komisarya vil Fòlibète.
Daprè AJAF, seksyon sa a nan wout la se yon veritab danje piblik e li egzije entèvansyon prese prese. Òganizasyon an fè konnen depi 1 Jen 2025, li te adrese yon lèt ouvè bay otorite lokal yo, Ministè Travay Piblik, Transpòt ak Kominikasyon (MTPTC), ak plizyè lòt enstitisyon leta pou atire atansyon yo sou degradasyon wout sa a ki se yon aks esansyèl pou antre nan kapital depatman an.
Nan lèt sa a, AJAF te mande MTPTC pou l angaje yon dyalòg ak konpayi ki ap egzekite travay sou wout nasyonal #6 la, nan objektif pou konsidere yon plan ijans pou amenaje antre vil Fòlibète a.
Vis-prezidan AJAF la, Doudy Charles, ki t ap pran lapawòl nan non òganizasyon an, fè konnen jiska dat konferans lan yon mwa apre yo te voye lèt la pa gen okenn repons ki sòti bò kote otorite yo. Sitiyasyon sa a, selon li, montre yon mank de konsiderasyon fas ak revandikasyon lejitim popilasyon an.
Nou pa kapab kontinye fèmen je sou degradasyon wout sa a. Se tout popilasyon Nòdès la, espesyalman sila yo ki frekante vil Fòlibète, ki menase chak jou. Nou mande tout moun leve kanpe pou pran desten yo an men, se deklarasyon Doudy Charles.
AJAF mande yon mobilizasyon jeneral nan popilasyon an pou mete presyon sou otorite yo, paske daprè yo, Pa gen pase pa kat chemen, fòk wout la rantre nan vil Fòlibète.
Òganizasyon yo avèti yo pap sispann lanse apèl, mete presyon e mennen aksyon jiskaske demand yo jwenn repons konkrè pou amelyore kondisyon wout sa a, ki se yon pwen stratejik pou devlopman vil la.
Bayo News