16/10/2025
📌 BREAKING NEWS: Imigran ki sou parole Ozetazini ap gen pou yo kòmanse peye $1,000 kòm yon pati nan yon dispozisyon ki te soti nan pake taks ak depans Prezidan Donald Trump lan ki pral antre an vigè demen jedi a.
Nan yon nòt Depatman Sekirite Entèn nan pibliye yo fè konnen yo pral pibliye deklarasyon sa nan Rejis Federal la pou aplike yon nouvo frè libète sou kondisyon imigrasyon ki egzije pa Lwa Rekonsilyasyon H.R. 1 an. Frè a se $1,000 pou ane fiskal 2025 la epi li sijè a ajisteman anyèl pou enflasyon. Depatman an di ou dwe peye frè sa a lèw se yon moun ki sou parole Ozetazini, sof si ou kalifye pou yon eksepsyon.
Yo ale pi lwen pou di “Travay enpòtan nou an pa sispann pandan demokrat yo fèmen gouvènman an. Nou rete fèm nan pwoteje peyi nou a nan respekte imigrasyon legal.
Avi Rejis Federal la eksplike ki lè frè moun sou parole yo antre an vigè, eksepsyon pou frè a, ak konsekans si ou pa peye.
USCIS ap kolekte frè moun ki sou parole yo si ou fizikman prezan Ozetazini sou parole oswa si yo renouvle pawòl ou a oubyen wap ret tann parole ou. Apati 16 oktòb 2025, si nou detèmine ke nou ka apwouve demann pou parole pou yon moun oswa pou yon lòt libète kondisyonèl nap avize w ke ou dwe peye frè sa a anvan nou ka apwouve demann ou an.
Avi a ap gen enstriksyon pou peye ak yon dat limit. Nou pap akòde pawol sof si ou peye frè libète kondisyonèl imigrasyon a jan yo diw la epi nan
peryòd tan ki espesifye a.
JB Promo