Revival tv plus

Revival tv plus L'objectif de cette page est de promouvoir l'Évangile de JÉSUS-CHRIST. De vous édifier, vous enseigne

Danje danje danje!!!Mwen gen kèk tan depi m ap fè yon  konsta, mwen te vle asire m ke m byen konprann bagay la avan m pa...
28/06/2026

Danje danje danje!!!

Mwen gen kèk tan depi m ap fè yon konsta, mwen te vle asire m ke m byen konprann bagay la avan m pale de li. Mwen vi n gen plis enterè lè m wè pigwo viktim nan se moun Legliz. Kisa bagay la ye???

-Gen yon kategori jè n fanm ki bay tèt yo plezi nan itilize gwo sèkstòy, tiflè, vibratè ak tout rès è yo, moun sa yo tèlman fè gwo eksperyans li preske vin enposib pou yon imen parèy yo satisfè yo. Nan vye esperyans moun sa yo, genyen ki konn rankontre ak yon "masochiste" osnon yo konn vin sa natirèlman. Kote moun sa pou l satisfè fòk ou non sèlman ap penetre l ak raj, men tou fòk ou ap britalize l tankou: peze koul, bal tap, sabò, kout sentiwon genyen ki menm mande rigwaz....

-Yon lòt bò ou jwenn yon seri de jèn gason ki lage kò yo nan tout vye pratik, ki fè tout vye gè, ki pran ni wout glasiye ak wout tè f on sèl, epi ki tounen yon veritab aktè k ap envante tout kalite pòz a chak minit.

KI KOTE DANJE A YE?

Avan tout bagay kò moun yo pou yo, se dwa yo pou yo fatige l jan yo vle. Men pwoblèm nan vin chita ekzakteman lè👇

Jèn fanm sa ki fin fè tout gè vyetnam, premye ak dezyèm gè mondyal, batay vètyè... deside antre Legliz pote rès la bay leseyè. Bèl jès! Se la li tonbe sou frè Jan ki li menm yon ti sen ki pa konn plis ke mete yon fi sou do. Men ki tonbe sou cham aktris sa, epi maryaj tonbe. Se la tout kalvè a pral kòmanse kote jèn fi sa ap mande jenòm sa yon seri de bagay ki fèl parèt tankou yon demon pou li. Sa ka debouche sou enfidelite e menm rive kraze fwaye sa.

Lòt bò a se jèn gason sa ki tonbe sou jèn ti sèvant la ki fè tout vi l ap prezève kò l, ki gen pwòp prensip li, al tonbe sou cham aktè sa ki, li menm kòmanse pwopoze jèn fi sa yon seri de bagay tèt chaje. Se pa lontan yon moun rele m li di m frè Don, mari m mande m pou m fè sèks ak li nan dèyè m. Ebyen se la bagay la konn konplile e li konn fini trè mal. E mwen sonje gen yon jèn fi ki tap pale ki di mennaj li a ki se yon gason toujou ap mande l pandan l ap penetre l pou fi a fouye dwèt nan dèyè l pandan l s on gason. Hummmm

KISA N DWE FÈ?

Li enpòtan kòm jèn, nou tout jèn sitou sa yo k ap sèvi Bondye pou n mennen bon jan ankèt sou modèl moun nou pral angaje n. Paske gen moun ki tèlman rive lwen, si se la w al fouye tèt ou antrave. Se swa w pral nan fè bagay ke w pat janm imajine osnon w asiste ak yon fwaye k ap demoli.

Konnen moun w ap pataje lavi w la, pa dwe yon chwa, men yon obligasyon.

Se yon mond k ap chavire pi plis chak jou, rezon anplis pou n lapriyè ak rete vijilan.
Kredi imaj👉 IA
Kredi👉 Djerkens Don modèl jenès la!!!!!

Adresse

Gatreau 23 Route National # 1
Gonaïves

Téléphone

+50932000285

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Revival tv plus publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Revival tv plus:

Raccourcis

Partager