Charleson

Charleson Actualités

28/04/2025
Jour J-2  se pou ou , pou li, pou nou tout. San bourad ou li pap posib. Nou kontan angouman ki manifeste lakay nou chak ...
27/03/2025

Jour J-2
se pou ou , pou li, pou nou tout. San bourad ou li pap posib. Nou kontan angouman ki manifeste lakay nou chak pou inisyativ la.

Samdi 29 Mas la pap pitit non!

Prese retire kat pa w . Chak fwa w achte yon kat pou 250 goud ou tou ankouraje n pou n pa kanpe.✌🏾🙌🏾🙌🏾

  10 sou 10 la ap fèt ak lekòl yo, pou lekòl yo. 8 lekòl nan vil la ap gen pou afwonte nan fratènite ak konvivyalite pan...
07/02/2025

10 sou 10 la ap fèt ak lekòl yo, pou lekòl yo. 8 lekòl nan vil la ap gen pou afwonte nan fratènite ak konvivyalite pandan 3 jou nan konkou nou rive mete sou pye (KONKOU EPLE MO ak KONKOU DEBA sou yon seri sijè aktyalite) ki ap pouse chak patisipan fè rechèch pou vin byen reprezante lekòl yo. se sa a tou😊, yon maryaj lakilti ak konesans jeneral, aktyalite. Konkou sila pral dewoule pandan 3 jou kote final la pral dewoule 29 Mas nan jou a menm. Vini ankouraje chak patisipan, chak lekòl, vini chofe lekòl ak tout patisipan yo paske sipò w ap enpòtan pou yo tout. 🙌🏾🙌🏾🙏🏾🙏🏾🙏🏾.

Anpil rekonpans pou lekòl k ap rive genyen konkou Sila yo.

Gwo remèsiman ak tout esponnsò nou yo:

, , , , , , , ,

22/01/2025

Ou t ap tann ti randevou w la pa vre? Sèl grenn aktivite ki pèmèt ou konekte ak kilti w, ofri w posiblite pou echanje, pataje ansanm sou lakilti ak patrimwàn nou. Anplis de tout sa n site la yo se espas ki garanti w yon detant san kè sote kote tout kouch, tout laj reyini pou yon sèl kòz( fè pwomosyon kilti lakay). Ebyen jan n te anonse li 10 edisyon a se pou Samdi k ap 29 Mas la nan lokal . Se pral yon bèl jounen rekreasyon, yon 10è eksperyans ki ap chaje ak sipriz e ki ap diferan de lòt yo. Kidonk ou tou konnen w pa ka pa la hein!😊. Edisyon 10 sou 10 la lanse, vin detann ou nan yon espas ki reponn ak tout sa n pral ofri w yo. Nou vrèman pa ka tann pou n rankontre w.
Pou tout enfòmasyon ki konsène aktivite a ou ka toujou kontinye ekri n nan nimewo sa yo : 39489090, 31452660, 38186831.

Pleziboul pare yon fwa ankò pou kase randevou avè w pou yon pi bèl jounen rekreasyon ki pap tankou lòt yo. Se ap 10è edi...
10/01/2025

Pleziboul pare yon fwa ankò pou kase randevou avè w pou yon pi bèl jounen rekreasyon ki pap tankou lòt yo. Se ap 10è edisyon an, yon 10è eksperyans ki vle di anpil pou nou , ki pral enpòtan anpil pou nou.
Rete suiv anons nou yo pou plis detay. Annatandan nou rete ouvri pou tout sipò.

Yon kokennchen mèsi deja pou kolaborasyon n😊✌🏾.

✊
19/12/2024

Nou bezwen w pou ede nou fè enpak nan kominote a, nou tout ka kontribye pou ede sila yo ki nan bezwen.

Soup Joumoun se fyète tout Ayisyen.
Ann pote kole paske se ansanm nou fò.

25 goud, 50 goud, 500 goud, 1000 goud, 5000 goud, 10000 goud, 50000 goud elatriye, kaa sèvi pou ede sila yo ki nan bezwen.

Ann fè l ansanm🇭🇹

15/12/2024

Premye Janvye, se yon jou ki vle di anpil pou mond lan, men pou Ayisyen an patikilye, se jou papa nasyon yo te chwazi pou make lendepandans nou.
Jou sa, nou gen tradisyon selebre l ak soup joumou, ki se yon manje ki gen anpil nitriman, soup joumou 1ye Janvye a se reyafimasyon dwa tout moun genyen pou yo viv byen, pou yo viv tankou moun. Se yon dwa moun ki nan prizon yo genyen tou, kidonk nan jou sa nou vle asire n ke yo menm tou, yo patisipe nan tradisyon sila .

Ann selebre 221èm lane endepandans nou nan lanmou youn pou lòt.🇭🇹📍🤍

09/12/2024

POUKISA?
Gonaïves 💚💛

20/10/2024

✨ Discover the heart and soul of Gonaïves La Cité de l’independance 💚💛 ! 🌆We’ve captured the vibrant streets, stunning architecture, and the beautiful faces that make our city truly unique. Whether you’re a local or planning your next visit, this video will remind you why Gonaïves La Cité de l’independance is a place like no other.💙 Watch, share, and let us know your favorite spot in the city in the comments below!

05/10/2024

CHELTON PERFECT RESTO ap la nan 2è edisyon GONAYIV GEN POU GOU pou l pote yon bon diri ak Lalo nan tout dimansyon pou nou.

26 oktòb 2024, nan ri Kristòf vin manje lalo agogo.


🔥 *Gonayiv prepare nou pou yon eksplozyon mizikal san parèy*Sou demand gran piblik la, pou dezyèm edisyon Gonayiv Gen Bo...
23/09/2024

🔥 *Gonayiv prepare nou pou yon eksplozyon mizikal san parèy*

Sou demand gran piblik la, pou dezyèm edisyon Gonayiv Gen Bon Gou a, nou pote pou nou APACH IDIZ, pwoteje Ti Djo Zenny yo.

Se moman pou nou mennen manman nou fè 2 WON an pou tout bon!

JAN MOUN ISI PALE, fwa sa nou pra l byen manje epi byen danse jou k ap 26 oktòb 2024 la nan Ri kristòf pou sèlman 500 goud.

Èske w te konnen si w pa mennen timoun soti 0 pou rive 10 lane w ap fè yon gwo PECHE, paske y ap ka antre gratis.

SI M TE NAN PLAS OU, depi l fè 11è nan maten mw t ap deja la paske m te di LÈ M GEN KÒB fòk mw danse APACH tèlman M ANVI WÈ jan djaz la pral byen depoze.

Ane sa GONAYIV GEN BON GOU se tout sa w pa dwe rate sou okenn pretèks.

Adresse

Avenue Des Dattes
Gonaïves

Téléphone

+50933349780

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Charleson publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Charleson:

Partager