
07/06/2025
Kominike pou Laprès
Pou piblikasyon imedyat
Pwojè “2 Pano Byen Vini nan Vil Gonayiv” lanse ofisyèlman! 🇭🇹
Gonayiv, 7 Jen 2025 — Alliance Gonaïvienne d’Outre-Mer (AGOM) gen gwo plezi anonse lansman ofisyèl pwojè “Pano Byenvini nan Vil Gonayiv”, yon inisyativ ki mete aksan sou fyète lokal, idantite kominotè, ak potansyèl touris Vil Gonayiv.
Pwojè a ap mete sou pye nan zòn antre Nò ak Sidès vil la nan fen mwa Jen 2025 la, e li vize mete yon mak ki vizib, klè, e ki montre kilès nou ye, kote nou soti, ak jan nou fyè dèske nou se pitit Gonayiv.
Pwojè a ap finanse a 100% pa *MANB AGOM* e li genyen kat (4) dimansyon prensipal :
1. Dimansyon signaletik: pou idantifye ak enfòme vizitè ak moun lokal yo sou kote y ap antre a.
2. Dimansyon touristik: Yon apèl vizyèl ak emosyonèl pou atire vizitè epi ankouraje devlopman touris lokal.
3. Dimansyon dekoratif: pou ajoute bèlte, koulè ak enèji pozitif nan antre prensipal vil la.
4. Dimansyon piblisite: yon zouti efikas pou pataje mesaj pozitif, enfòmasyon itil oswa anons piblik.
Plis pase yon senp pano, pwojè sa a se yon senbòl fyète, lanmou ak inite pou tout Gonayivyen, kèlkeswa kote yo ye atravè mond lan. Li se tou yon envitasyon pou revalorize imaj vil la ak lidèchip kominotè.
AGOM konte sou sipò tout sektè nan sosyete a antouraj kiltirèl, ekonomik, ak dyaspora pou nou mete limyè sou Gonayiv jan li merite.
Pou otantifikasyon:
Marc André Jean, Pòt Pawòl AGOM
📞 Kontak: (754) 243-6246
📧 Imèl: [email protected]
🌐 Sit wèb: www.agomhaiti.org/donations