AMK • Kolektif Militan Konsekan

AMK • Kolektif Militan Konsekan KMK • Kolektif Militan Konsekan

Ensekirite an Ayiti, kiyès ki responsab? Kesyon sa anpil sitwayen ayisyen konsekan bezwen repons li. Refleksyon ak konpr...
15/09/2025

Ensekirite an Ayiti, kiyès ki responsab? Kesyon sa anpil sitwayen ayisyen konsekan bezwen repons li. Refleksyon ak konpreyansyon Alyans Militan Konsekan (AMK).

Ensekirite a Ayiti sèvi anpil fwa kòm zouti pou fè politik, nan sans fè kanpay denigreman, kote yonn kapab detwi lòt, pati politik oswa politisyen, yonn kapab detwi lòt, sektè oswa kominote, yonn opoze sou diferan pwen ak lòt, yonn kapab detwi lòt, brèf, se yon reyalite, yonn kapab mete lajan nan pòch bandi ame ki ap simen latwoublay, epi mete pawòl nan bouch bandi ame a, epi di li site non lòt, estrateji yonn pou detwi lòt.

Nan depatman Atibonit, gen ansyen depite Prophane Victor ki dèyè baro, sou baz chèf gang Odma Louissaint avan li te tonbe te site non ansyen depite a, kòmkwa se ta ansyen depite a ki te mete zam nan men li. Pou AMK arestasyon Profane Victor gen sans arestasyon politik, poukisa? AMK ap reponn pou di: Pandan gen lòt politisyen nan depatman Atibonit chèf gang site non yo, lajistis rete kwaze bra ap gade yo, fèmen je sou yo, kase fèy kouvri pou yo, pa ekzanp, Anel Joseph te site non sila li te konn travay pou yo avan li tonbe, jiskaprezan pa gen okenn arestasyon ki fèt, sa demontre gen benyen kache lonbrit, gen bagay ki pa klè, sa ta vle di pou AMK, pouvwa Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) gen politisyen yo ap proteje kòm alye oswa gen politisyen ki pa nan menm liy avèk yo yo sible pou detwi sou baz senp akizasyon, kidonk pou AMK, arestasyon Profane Victor sanble tèt koupe ak règleman de kont, sitou ansyen depite a te nan anvirònman prezidan asasinen an Jovenel Moïse. Sinon fòk gen arestasyon lòt politisyen chèf gang konn lonje dwèt sou yo ki fèt menm jan ak ansyen depite a.

Avan 2004 te gen ensekirite, men se pa nan fason ensekirite a ap taye banda jodia an 2025. Sa fè kèk tan, plis ke 20 lane, sanse depi aprè depa ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide 29 fevriye 2004, ensekirite a pase ak nivo enkontwolab, kiyès ki responsab? Kesyon sa anpil sitwayen ayisyen konsekan bezwen repons li. Souvan ensekirite jwenn kòm responsab movèz pratik politik yo, dwèt lonje sou kèk gwo chabrak, politisyen oswa lidè politik, moun ki nan sektè kòmès, relijye, kòmkwa ki ta dèyè tout sa ki pase oswa ki ap pase Ayiti, ki gen pou wè ak zak malonèt, pou rezon anpil sitwayen ayisyen pa janm kapab rive konnen. Men sa pa anpeche atravè deba ak analiz pou dekòtike, gen anpil sitwayen ayisyen konsekan ki rive konprann kèk pati nan jwèt politik mesken an, se politik mesken an ki te toujou dèyè tout sa ki pase, ki ap pase Ayiti. An gwo, se movèz desizyon politisyen mesken te toujou konn ap pran pandan trant (30) dènyè ane ekoule yo ki bay rezilta destabilizasyon ak degradasyon Ayiti.

Normile Charles, Fedner - AMK • Alyans Militan Konsekan, 15 septanb 2025

imèl: [email protected]

Prophane Victor toujou antre kat (4) miray, ta sanble li pa te alye pouvwa Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT).Refle...
15/09/2025

Prophane Victor toujou antre kat (4) miray, ta sanble li pa te alye pouvwa Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT).

Refleksyon, analiz ak deba ki ap fèt antre manb ak manb Alyans Militan Konsekan (AMK), nan rale mennen vini, aprè tout kontekstyalizasyon ak konpreyansyon, li klè gen arestasyon ki fèt sou pouvwa KPT an, se yon mannyè pou fè avèg nan politik ki pa soud tande bri, epi fè bri, nan sèlman objektif pou fè sanblan, bagay serye ap regle. Pou nou nan AMK, tankou pawòl la di: Tande ak wè se de (2), ebyen AMK tande AMK wè, epi AMK konprann.

Magalie Habitant arete, ansyèn direktris SNCRS sou prezidan asasinen an, Jovenel Moïse, Profane Victor arete, ansyen depite Ti Rivyè Atibonit ki te alye prezidan asasinen an egalma, epi yo rete fèmen antre kat (4) miray, pandan Alfredo Antoine ansyen Kenskòf, Nenel Cassy ansyen senatè Nip, yo te arete, epi yon titan aprè yo jwenn liberasyon yo.

Kidonk, pou anpil sitwayen ayisyen konsekan, gen kase fèy kouvri ki fèt, pou sila ki se alye pouvwa, sinon menm jan Profane Victor arete, sou baz chèf gang Odma Louissaint avan li te tonbe te lonje dwèt sou ansyen depite a oswa site non li. Ebyen se menm jan an, gen lòt politisyen nan Atibonit, ki gen lòt chèf gang ki site non yo, yo pa ta dwe ap sikile lib e libè, si se pa politik ki ap fèt. An konklizyon, pou nou menm nan AMK, lidè politik, kad, ansyen palmantè ak lòt, ki te alye ansyen prezidan asasinen an, ki pa rejwenn pouvwa KPT an, yo kapab fè fas ak movèz pratik politik, ki kapab detwi yo sou yon fòm kèlkonk.

Normile Charles, Fedner - AMK • Alyans Militan Konsekan, 15 septanb 2025

Normil Rameau choute deyò de (2) fwa.A de (2) repriz, Normil Rameau rive nan pi wo nivo enstitisyon Polis Nasyonal la (P...
11/09/2025

Normil Rameau choute deyò de (2) fwa.

A de (2) repriz, Normil Rameau rive nan pi wo nivo enstitisyon Polis Nasyonal la (PNH), avèk kòm objektif, bay rezilta tout ayisyen konsekan ap espere, tankou, fòk lapè reblayi nan tout rakwen teritwa nasyonal la, pou sekirite tout sitwayen endistenkteman garanti. Kòm bilan pou ansyen direktè jeneral Polis Nasyonal la, se plis deriv, plis teritwa pèdi, plis dezolasyon.

Aprè asasina prezidan Jovenel Moïse, Alyans Militan Konsekan (AMK), konsidere pasaj Normil Rameau nan tèt enstitisyonm Polis Nasyonal la kòm yonn nan gran mal ki rive Ayiti. Selon konpreyansyon AMK fè, monte Normil Rameau pou yon dezyèm fwa nan tèt Polis la, se pa te yon chwa konsa konsa, pou AMK se te yon chwa byen kalkile pou kontinye deroute Ayiti pi plis, paske pandan Normil Rameau te prezan nan tèt Polis Nasyonal la, pa te jan gen okenn mezi drastik ki te pran, pa te janm gen okenn aksyon konstant ki te poze.

An konklizyon, pou listwa ak pou laverite, AMK ap raple ak Normil Rameau, ni premye fwa ni dezyèm fwa li te monte nan tèt enstitisyon Polis Nasyonal la etanke direktè jeneral, se rezilta negatif ki te toujou rezon pou revokasyon li, se pa te bòykotaj okenn alye prezidan asasinen an, ansyen direktè jeneral Polis Nasyonal la dwe retire mit sa nan tèt li. AMK aprann ansyen direktè jeneral Polis Nasyonal la genyen rankin kont ansyen depite Profane Victor, kòmkwa se te ansyen depite a ki te konseye prezidan asasinen an revoke li.

AMK • Alyans Militan Konsekan , 11 septanb 2025

imèl: [email protected]

Gen arestasyon ki fèt pandan ekzèsis pouvwa Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, (KPT) pou Alyans Militan Konsekan (AMK), ...
29/08/2025

Gen arestasyon ki fèt pandan ekzèsis pouvwa Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, (KPT) pou Alyans Militan Konsekan (AMK), se regleman de kont, represyon politik.

Daprè kèk refleksyon ak analiz, ki te ap fèt, ki te ap pataje, antre manb ak manb AMK, apwopo de kèk arestasyon, ki fèt sou pouvwa KPT an, AMK rive konprann apretou, gen arestasyon ki parèt tankou arestasyon politik, yon mannyè pou yonn rive detwi lòt, sou yon fòm oswa yon plan kèlkonk.

AMK konprann, pou KPT an, gen de moun kòm kad, wo diyitè, oswa lidè, ki te nan anvirònman prezidan asasinen an, Jovenel Moïse, otomatikman ki se sib KPT an, ki sibi atak politikman oswa ki merite detwi fizikman oubyen politikman. Sila yo ki pa soud, ki pa avèg, yo ka tande ak wè, kisa ki ap pase Ayiti, e menm sila yo ki avèg, ki pa soud ki enfòme de sa ki ap pase, yo konprann.

Lè AMK ap konsidere arestasyon ansyen depite Alfredo Antoine, ki aprè jwenn liberasyon, epi ansyen senatè Nenel Cassy ki sot jwenn arestasyon pa li, epi ki pa pran tan pou jwenn liberasyon, ebyen arestasyon Magalie Habitant ak arestasyon Profane Victor, nan konsiderasyon AMK fè yo, sa yo vle di anpil bagay.

Pou kontinye avanse, pou AMK, gen arestasyon ki fèt sou pouvwa KPT an, ki sanble tèt koupe ak arestasyon politik, ni yonn, ni lòt, finalman tout sanble arestasyon ki gen sans règleman de kont, pa rapò ak rankin ki genyen yonn kont lòt, sof ke ansyen depite Alfredo Antoine ak ansyen senatè Nenel Cassy, de (2) mesye sa yo sanble pa pitimi san gadò fas ak pouvwa KPT an.

Tande ak wè se de (2). AMK tande! AMK wè! Men pou nou nan AMK, tout ayisyen konsekan bouke ak tande sèlman move bagay, epi wè sèlman move bagay.

Normile Charles, Fedner - AMK • Alyans Militan Konsekan, 29 daou 2025

imèl: [email protected]

Konte sou Normil Rameau, se byen konte mal kalkile.Aprè de (2) eksperyans ki fèt ak Normil Rameau etanke direktè jeneral...
23/08/2025

Konte sou Normil Rameau, se byen konte mal kalkile.

Aprè de (2) eksperyans ki fèt ak Normil Rameau etanke direktè jeneral Polis Nasyonal la (PNH), ki pa abouti avèk rezilta ki satisfè pèp ayisyen, fè chwa kontinye avèk Normil Rameau an fonksyon anndan enstitisyon an, se kontinye fè move chwa pou enstitisyon an. Enfòmasyon ki vini jwenn nou nan AMK (Alyans Militan Konsekan) fè kwè Normil Rameau rele Assad Volcy pou l di li toujou chèf.

Toujou selon enfòmasyon ki a dispozisyon AMK, direktè jeneral sòtan an, ki rele Assad Volcy pou di li toujou chèf, se pa yon manti, li se enspektè jeneral Polis Nasyonal la, selon chwa Vladimir Paraison fè, kòm nouvo DG PNH la. Nan sans sa, AMK konprann deja depi an patan, nouvo DG PNH la komanse fè erè, lè AMK konsidere bilan negatif ansyen direktè jeneral, sa pa vle di pou AMK, ansyen DG a pral sèvi ak echèk li nan ekip nouvo DG a, pou ede bay rezilta tout ayisyen ap espere a, sa vle di tou senpleman AMK pa gen espwa.

Finalman, AMK genyen kòm enfòmasyon, majorite wo grade nan Polis Nasyonal la (PNH), fè pati de yon kò Polis entènasyonal ki se "Police Chaplain International (PCI)", kidonk souvan se polisye ki fè pati kò polis entènasyonal sa menm, anbasad peyi ki se ènmi sekirite ak estabilite an Ayiti yo vle ki pou fè pati wo kòmandman Polis Nasyonal la (PNH), Normil Rameau se yonn, yon mannyè pou byen sèvi ak defann enterè peyi ki se ènmi sekirite ak estabilite an Ayiti, epi ki sitou kapab travay selon dikte anbasadè ki reprezante peyi ènmi sekirite ak estabilite politik ki pa sispann vale tèren pandan dènye ane sa yo.

Pò O Prens, 23 daou 2025

AMK • Alyans Militan Konsekan

imèl: [email protected]

Normil Rameau pa dwe kontinye fè pati Polis Nasyonal la (PNH) sou okenn pretèks.Pandan de (2) fwa Normil Rameau pase nan...
23/08/2025

Normil Rameau pa dwe kontinye fè pati Polis Nasyonal la (PNH) sou okenn pretèks.

Pandan de (2) fwa Normil Rameau pase nan tèt Polis Nasyonal la, pandan de (2) fwa sa, se revokasyon pou rezilta ki pa ka bay ki retire Normil Rameau nan tèt enstitisyon an, kidonk kontinye sèvi avèk Normil Rameau nan enstitisyon an, pa gen okenn siksè sa ka pote.

Aprè rezilta pozitif, tout ayisyen te ap espere, avèk prezans ansyen DG PNH la, se echèk total ki bilan an. Pou nou menm nan AMK (Alyans Militan Konsekan), se mete ansyen DG PNH la sou kote li dwe ye, sinon se ap toujou menm rezilta yo, epi anplis de mete sou kote, pa rapò ak enfòmasyon nou menm nan AMK genyen, de ansyen DG PNH la, ansyen DG PNH la gen konpòtman yon enfiltre nan enstitisyon an, enstitisyon an pa dwe kenbe ansyen DG PNH la nan nivo enspeksyon jeneral, pou kontinye travay o detriman enstitisyon an ak pèp ayisyen. Nou menm nan AMK nou mande, fòk gen entèdiksyon de depa ki mete, pou anpeche ansyen DG PNH la kite teritwa nasyonal la, fòk gen ankèt ki louvri, sou aksyon ki vle di inyorans ansyen DG PNH la te fè, epi konpòtman li te genyen nan tèt enstitisyon an.

Normil Rameau gen kòm bilan, arestasyon politik, operasyon echwe, ki mete fen nan lavi polisye olye de bandi ame, dezameman brigadye ki ap batay nan kan pèp la, pou anpeche plis teritwa kontinye pèdi. Li pa nesesè pou Normil Rameau kontinye fè pati enstitisyon PNH la.

Pò O Prens, 23 daou 2025

AMK • Alyans Militan Konsekan

imèl: [email protected]

Bravo ak chak manb Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) ki konprann travay DG Julcène Édouard ap fè nan AGD (Administ...
22/08/2025

Bravo ak chak manb Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) ki konprann travay DG Julcène Édouard ap fè nan AGD (Administration Générale des Douanes).

Kòm direktè jeneral AGD, Julcène Édouard, depi ekzistans AGD, se premye direktè jeneral ki bat rekò, ki pèmèt ladwàn ayisyèn rantre sòm lajan ki depase chif Leta ayisyen te ka espere pou reponn ak kèk obligasyon. Julcène Édouard se yonn nan direktè jeneral ki fè pati administrasyon sila (KPT), epi ki konprann Leta ayisyen nan nesesite pou ke li bay tout li menm nan kad travay li, avèk vizyon inovatè, pou pèmèt Leta ayisyen reponn ak anpil ekzijans, se rezon sila ki koz, malgre tout tentativ pou ta diskontinye avèk Julcene Édouard oswa diskredite li kòm direktè jeneral AGD, gen manb KPT a ki deklare yo gen bilan pozitif de direktè jeneral la, kidonk yo konprann travay Julcène Édouard ap fè nan tèt AGD merite kontinite akoz meyè rezilta ki bay.

Pou avanse, AMK (Alyans Militan Konsekan) konprann avèk estimasyon ki fèt de DG AGD Julcène Édouard, ki jwenn benediksyon majorite manb KPT a, ki twouve DG a pa merite ranplase, pa rapò ak gwo travay ki reyalize atravè ladwàn ayisyèn avèk prezans DG a nan AGD, ki fè prèv li se yon devwe. Anfin, AMK ap kontinye sou menm lanse a, pou felisite DG Julcène Édouard pou devouman li, ki fè de ladwàn ayisyèn, yon boukliye pou ede Leta ayisyen, fè fas avèk defi ekonomik yo.

Pò O Prens, 22 daou 2025

Normile Charles - AMK • Alyans Militan Konsekan

imèl: [email protected]

Politisyen ayisyen ki mare nan pye tab kote yo mare yo, jiskaprezan li pa twò ta  pou  yo bay kout men pou rann chanjman...
20/08/2025

Politisyen ayisyen ki mare nan pye tab kote yo mare yo, jiskaprezan li pa twò ta pou yo bay kout men pou rann chanjman ak devlòpman posib pou Ayiti.

Selon estimasyon AMK (Alyans Militan Konsekan) aprè tout mouvman politik ak mouvman revolisyonè, ki pa pote okenn fri pou popilasyon ayisyèn nan, ki pa abouti avèk anyen ki pozitif, si politisyen ayisyen onèt ak tèt yo, AMK panse yo kapab sèvi ak echèk yo, si tout fwa yo ta konsyan ke yo echwe, yo kapab patisipe nan konstwi yon lòt klas politik avèk jenerasyon ki ap vini aprè yo, yo kapab konseye atravè "meeting", atravè tout ansanm de aktivite yo kapab reyalize, pou yo toujou profite òganize seyans fòmasyon, pou anseye lòt jenerasyon ki ap vini aprè yo, pou asire larelèv pi byen, pou pi byen oryante yo nan chwa yo pral kapab fè pou Ayiti.

AMK felisite tout pati politik ki pran wout òganize seyans fòmasyon, pou pèmèt ak chak moun ki se manb pati politik yo, fè konesans ak ideoloji pati li kòm liy, e se la li posib atravè pati politik sa yo, ki souvan gen kòm lidè nimewo en (1) yo, se politisyen ki pase de prezantasyon, epi ki pa bay rezilta, kote popilasyon ayisyèn nan sòti satisfè. AMK panse, yo kapab profite anseye ak fè konprann ak manb pati politik yo, atravè seyans fòmasyon, lòt mòd batay politik, ki pa gen pou wè ak kraze epi boule byen Leta tankou prive, yo kapab anseye ki desizyon yo te pran, ke yo pa swete lòt jenerasyon ki ap vini aprè yo pran, pou fasilite lòt Ayiti tout ayisyen pa sispann reve a posib.

Mòd politik ki ap pratike depi nan batay pou pran endepandans, pou rive jiska jodia an 2025, kraze ak boule byen Leta oswa byen prive kòm kontestasyon, nan kad revandikasyon oswa revolisyon, sa bay kòm rezilta, regresyon ak dezolasyon, fòk gen lòt fòm de revandikasyon ak revolisyon ki anseye, pou jenerasyon ki ap vini ranplase klas politik ki la ki echwe, fòk klas politik ki la nan prevwayans yo, pou fini, avan yo pati kite latè pou vwayaj etènèl la, lejifere atravè lwa yo ap gen pou kite yo, lwa ki vle di pinga pou jenerasyon ki ap vini aprè yo, fòk yo anseye lòt jenerasyon ki ap vini yo pou yo pi sevè nan aplike lalwa.

Gonayiv, 20 daou 2025

Fedner - AMK • Alyans Militan Konsekan

imèl: [email protected]

Julcène Édouard, yon vizyonè ki ap travay pou modènizasyon ladwàn an Ayiti, epi ki pèmèt Leta ayisyen rantre gwo mago la...
19/08/2025

Julcène Édouard, yon vizyonè ki ap travay pou modènizasyon ladwàn an Ayiti, epi ki pèmèt Leta ayisyen rantre gwo mago lajan avèk ladwàn sèlman.

Avèk Julcène Édouard kòm direktè jeneral AGD (Association Générale des Douanes), ladwàn rantre lajan ki plis ke sòm lajan Leta ayisyen te swete rantre, Julcène Édouard bat rekò daprè enfòmasyon AMK genyen ki disponib selon ankèt, kidonk Julcène Édouard bay rezilta ki konsiderab.

Avèk Julcène Édouard ki nan vizyon li, pa sispann travay san pran souf, pou modènizasyon ladwàn ayisyèn, epi ki ekzije fòk gen kontwòl sevè, sou tout sa ki ap rantre Ayiti atravè ladwàn, ebyen sa pèmèt Leta ayisyen rantre mwayen, ki fasilite anpil anplwaye Leta ayisyen jwenn salè yo, depi lè rive pou yo touche. Pa ekzanp, enstitisyon tankou Polis Nasyonal (PNH) ak Edikasyon Nasyonal.

Pou kontinye, AMK (Alyans Militan Konsekan) okouran de anpil manèv ki ap fèt kont direktè jeneral Julcène Édouard, pou diskredite li, AMK okouran an menm tan de gwo mago lajan ki ap simaye, bay jounalis pou mennen kanpay denigreman, kont direktè jeneral Julcène Édouard, yon mannyè pou fasilite nouvo koòdonanatè Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT), Laurent Saint-Cyr ak Premye Minis Didier Fils-Aimé aplike politik administratif chak rivyè vini ak gravwa yo.

Pou fini, AMK ap mande ak tout ayisyen ki ap viv sou teritwa nasyonal la, rete vijilan, veye anwo veye anba, Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) ak Premye Minis Didier Fils-Aimé, yo pa gen volonte pou avanse, avèk sitwayen ayisyen ki nan vizyon yo vle chanjman ak devlòpman, okontrè se vize pran kontwòl enstitisyon ki ap rantre gwo mago lajan, pou akapare yo.

Pò O Prens, 19 daou 2025

Normile Charles - AMK • Alyans Militan Konsekan

imèl: [email protected]

Ayiti politik: Chak rivyè vini ak gravwa pa yo, se yon mòd politik administratif ki pèmèt okenn refòm administratif pa k...
18/08/2025

Ayiti politik: Chak rivyè vini ak gravwa pa yo, se yon mòd politik administratif ki pèmèt okenn refòm administratif pa ka abouti ak bon rezilta.

AMK (Alyans Militan Konsekan) aprè tout konsta, konprann politik administratif chak rivyè vini ak gravwa pa yo, se pi gwo mal chak gouvènman ki monte te ka fè Ayiti, pwiske chak minis, chak direktè jeneral ki monte, epi ki manifeste bòn volonte pou modènize, fè refòm ki kapab pèmèt gen amelyorasyon atravè sèvis piblik yo, ebyen toujou gen yon gouvènman ki li menm nan jesyon administrasyon pa li ap fè, anvizaje se moun pa li ki dwe nan pòs yo, pou fè fòtin yo san kontinye avanse ak refòm yo jwenn ki ankou. Nan sans sa, pa gen fè evalyasyon posib, de travay yon minis oswa yon direktè jeneral reyalize, se rache manyòk bay tèren an, pou yon lòt vini plante ak fè rekòt pa li.

Pa ekzanp, direktè jeneral AGD (Association Générale des Douanes), Julcène Édouard, se direktè jeneral, ki nan volonte li genyen, ap travay pou modènize ladwàn ayisyèn, pou amelyorasyon sèvis yo. Enfòmasyon ki vini jwenn nou nan AMK, nouvo koòdonanatè Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, Laurent Saint-Cyr ak kèk lòt manb KPT a, yo wè direktè jeneral Julcène Édouard tankou yon baryè pou yo nan ladwàn, pa rapò ak bòn jesyon direktè jeneral ap fè de ladwàn.

Finalman, fòk Ayiti sispann jere antre zanmi ak zanmi, malonèt ak malonèt, men pito antre patriyòt ak patriyòt. Avèk Julcène Édouard ladwàn rantre gwo mago lajan konvenableman, paske pa gen kòt mal taye posib depi Julcène Édouard rive direktè jeneral AGD a. Nan AMK nou aprann, gen anpil manèv ki ap fèt, kont direktè jeneral AGD Julcène Édouard pou revoke li, paske onètete li rann li pa ka livre ladwàn, pou deriv ki te konn fèt avan li yo kontinye.

Pò O Prens, 18 daou 2025

Normile Charles - AMK • Alyans Militan Konsekan

imèl: [email protected]

Normil Rameau pa nan tèt PHH la ankò, men aksyon li poze yo avan revokasyon an, yo parèt tankou se pyèj li te tann.Pou n...
14/08/2025

Normil Rameau pa nan tèt PHH la ankò, men aksyon li poze yo avan revokasyon an, yo parèt tankou se pyèj li te tann.

Pou nou menm nan AMK (Alyans Militan Konsekan), nan poze tèt nou kesyon, a pwopo de fason Normil Rameau te ap dirije PNH la, nou rive kote nou di antre nou: Èske se paske ansyen DG PNH la te okouran li ta pral revoke? Ki lakòz li te pran desizyon dezame kèk brigad konbatan enpòtan, ki ap batay kont Viv Ansanm, atravè Pò O Prens ak zòn ki alantou.

Pou kontinye avanse, AMK konprann aprè depa Normil Rameau, Viv Ansanm vini pi pwisan ke avan Normil Rameau te pase nan tèt Polis Nasyonal la, e enfòmasyon ki rive jwenn nou nan AMK, fè kwè ansyen DG PNH la de konivans ak Viv Ansanm, ki lakòz li demobilize kèk brigad konbatan enpòtan, ki gen volonte pou batay kont Viv Ansanm san pran souf, e toujou selon enfomasyon ki vini jwenn nou nan AMK, Normil Rameau avan revokasyon li dezame kèk brigad pou demobilize yo, e zam ki te nan men brigadye sa yo ale jwenn Viv Ansanm.

Pou fini, AMK ap di ak KPT a, e ak PM Didier Fils-Aimé, fòk gen entèdiksyon ki mete pou Normil Rameau pa kite teritwa nasyonal la, AMK ap mande ak tout òganizasyon ki ap defann dwa moun atravè peyi d Ayiti, fòk gen ankèt ki ouvri sou fason Normil Rameau te jere PNH la pandan pasaj li nan tèt enstitisyon an.

Pò O Prens, 14 daou 2025

AMK • Alyans Militan Konsekan

imèl: [email protected]

Retire Julcène Édouard kòm direktè jeneral AGD (Administration Générale des Douanes) se yon malè pandye anplis sou tèt A...
13/08/2025

Retire Julcène Édouard kòm direktè jeneral AGD (Administration Générale des Douanes) se yon malè pandye anplis sou tèt Ayiti.

Alyans Militan Konsekan (AMK) okouran de konplotay ki ap fèt pou retire Julcene Édouard kòm direktè jeneral AGD ki ap travay pou modènize ladwàn an Ayiti, ki ap batay pou anpeche dirijan malonèt yo, kontinye fè rantre an Ayiti tout sa ki illegal, kidonk DG Julcène gen volonte pou mennen gwo batay kont kontrebadye yo.

Pou avanse, tout sitwayen ayisyen ki onèt ak tèt yo, ki rive brige oswa nome pou yon pòs kòm wo plase, yo gen de (2) chwa, swa yo konvèti tèt yo an malonèt oubyen yo revoke yo pou onètete, depi se wo plase ki ap batay pou rete onèt ak tèt yo, otomatikman li devni yon menas, an Ayiti se malonèt ki gen lavwa o chapit, se malonèt ki dwe rete nan djòb.

Pou fini, AMK vle KPT ak PM Didier Fils-Aimé konnen li okouran de tout konplotay ki ap fèt pou revoke DG Julcène Édouard, AMK pa sèlman okouran de konplotay ki ap fèt yo, AMK konnen poukisa KPT ak PM Didier vle revoke DG Julcène, AMK okouran de kisa ki dèyè revokasyon sila, AMK konnen nan devouman DG Julcène, pa gen livre ladwàn pou politisyen ak oligak kòronpi kontinye fè rantre tout sa ki illegal an Ayiti.

Pò O Prens, 13 daou 2025

Normile Charles - AMK • Alyans Militan Konsekan

imèl: [email protected]

Adresse

Gonaïves
4110

Téléphone

+50948552282

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque AMK • Kolektif Militan Konsekan publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à AMK • Kolektif Militan Konsekan:

Partager