27/09/2025
LE MONDE DE SARAH
😍😍😍😍😍😍😍😍😍😍😍😍😍😍😍😍😍😍
▶ - Epizòd 1 – ▶ ✅
⭐⭐⭐⭐⭐⭐⭐⭐⭐⭐⭐⭐⭐⭐⭐⭐
✍ Écrit Par : Ehudsen Noel
📚📚📚📚📚📚📚📚📚📚📚📚📚📚📚📚
Téléphone : +509 33319487
☎️☎️☎️☎️ 📞📞📞📞📱📱📱📱
Contact : Ehudsen Feyton
📧📧📧📧📧📧📧📧📧📧📧📧📧📧
-. Vyolans, dram, trayizon, lanmou, wi mond Sarah te konpoze de tout sayo, men anvan nou ale pi lwen, men kijan sa te koumanse :
Sarah : woy ta sanble mòp la fini wi, li deplimen nèt wi… mwen redi twòp, manmi ou pat vini ak twal la ?
Judith : ou mèt kite sa map fèl cheri
Sarah : se mwen menm ki chwazi edew, poukiw pa aksepte èd mwen ?? ou pa menm ka bese
Judith : nou te pale sousa déjà, em pa renmen lèw kite lekòl ou, pou ou vini la avèm, sapa yon travay pou yon jèn tifi ap fè, kòb la pap menm ase pou mwen m paka nan separe…loll
Sarah : sevre ou pa manmanm, men ou te toujou pran swenm, santew pa oke, kitem edew, epi siw paka travay kijan nap fè manje ?? wa dwem manmi… epi m poko rabousew pou tout saw fè pou mwen, konsidere sa tankoum tap peye dèt mwen…
Judith : ok pran bokit sa pou mwen
Sarah : mwen pa renmen lèw boude bouch ou, sa fèm tris
Judith : mèsi anpil, sevre mwen te adoptew pandanw genyen lespri, menw se pitit fi cherim nan, ti bebem nan, vini nan bwam
Sarah : manman mwen pwomèt ou, yon jou ou pap bese pouw fè sa, ou merite viv yon vi, manmi, leve atè a, ou mèt chita map fin fèsa pou ou
( Judith pat ka gade Sarah atè a, lite vire tèt li, paskel pat vle kite Sarah wè zyel ak dlo… apre yon titan, Sarah te fini klin chanm nan, apresa yo pase peye manmanl, epi li pran men manmanl li ale, li pase achte yon ti fritay, yo tap manje nan wout la, pandan yap antre lakay yo )
( Sarah Pierre 16 zan, se yon bèl demwazèl, fanm nwa zansiv vyolèt, tete doubout, li pat genyen anpil cheve, men estil la te fèl byen, malgre bagay yo pa twò gra, men li te gen yon bèl fòm…
li tap difisil pouw konnen kijan lap viv, paske souri pat janm kite figil, « Judith Pierre » se manman Adoptif li, yon fanm ki goumen ak lavi pou ride pitit li, papa adoptif li ( Reymond Pierre ) te malad )
( Nan vwazinaj ‘’Sarah’’ te genyen yon fanmiy kite rich anpil, kote yote rete a sete tankou yon Wayòm, e Wadner Jean sete prens lan, li leve nan lajan, lite antoure de papal, ak yon frèl ak madanm frèl la.. men se limenm kite pi enpòtan nan fanmiy li, paskel te bay tout limenm pou kenbe antrepriz la, gen pafwa li pa menm pran tan poul manje, paske travay li se lavil )
Wadner : nou konnen 8 h padwe pranm la, poukisa nou pa degaje nou voyem ale, mwen paka rete plis non
Edouard : ou konnnen Frèw, bal yon titan
Wadner : mhmm, se konsa sa ap koumanse wi, apresa nap fè fayit, semèn pase nou pèdi 5 % wi, 5 % se anpil lajan wi
Edouard : Wadner, mwen te konsakre tout vim pou antrepriz sa, mwen konnen kijan sa fonksyone se jis 5 %
Wadner : papa, ou pap konprann mwen
Edouard : poukisaw pa pwofite manje ? Nadege, manje a poko bon ?
Nadege : li prèske wi
Edouard : Wadner, pa ale nan travay la vant vid pitanm
Wadner : savledi Adner poko fini toujou ?
Dahana : wi li fini, map pote l pou ou bò frèm
Wadner : pa dim sesam panse a non
Adner : se jis yon ti prè bro, jere sa pou mwen
Wadner : yon prè ??? ou serye ???
Adner : map raplew m pap jere yon antrepriz e fòm viv
Wadner : se mwen kite fèw pa sou lekòl ?
Edouard : sepavre, nou retounen ak sa ankò, Map bay Adner kòb la Wadner ou mèt ale
Wadner : non, map prete l, men se dènye fwa map pretew sanw pa ranbouse
( Wadner Jean, lise yon kontab, li estile anpil, li gen wotè nòmal…
li genyen yon frè ( Adner Jean) ki plis pase tanl nan jwe domino… yon bèl sèl Dahana Jean, epi papal Edouard Jean, kise fondatè antrepriz la…ak yon sèvant « Nadege » )
( Nan menm moman sa a, Sarah rive lakay li, li tou ale nan kizin nan, li mete dlo cho pou manmanl, epil ale kote papal )
Reymond : nou resi antre ? sepa dat map tann nou non, nou te mankem
Sarah : kijanw pase jounenw papa, ou sanble pat leve menm ?
Reymond : pa vrèman, mwen pat vle poum te baw plis pwoblèm
Sarah : ou pa manje ??
Reymond : mwen pat vrèman genyen apeti, kote manmanw ?
Sarah : li la, sèlman li te ontijan fatige
Reymond : mwen genyen poum re kanpe, jis poum baw yon dans, konnya ouse yon demwazèl wi, ou grandi sanm pa wè
Sarah : men papa manmanm diw patjanm konn danse loll
Reymond : wi, men mwen tap antrene anvan sa a, se jis poum diw menmsim paka edew, menmsi m pa la pou ou, janm ta vlel la, menm pa sispann renmenw
Sarah : mwen konnen sa papa, kenbe sa poum, mal mete dlo a pou manmanm
Reymond : fritay ?
Sarah : wi
Reymond : esim manjel ?
Sarah : ou mèt pranl pa
( Sarah te fin soti, li retounen andedan li bobo papa l sou fron epi li al mete dlo a pou manmanl )
( Raketè, vagabon, dejwe… ebyen se tout non sayo yo te konn bay Peter… e yo te genyen rezon, li te abite ak yon sèl, papa yo mouri kite yon pil byen pou yo, enbyen li te jis ap boule lajan )
Peter : sis, saw pwal fè la ? mwen genyen 2 fanm kap pase kotem talè la wi, se yon livrezon wi.. ou pap soti? Paske mwen pwal fè fèt lakay la
Lana : savledi ou pap janm pran viw an men ?
Peter : ou pa manmanm sispann
Lana : e lè lajan fini saw ap fè?
Peter : e poukisaw la??
Lana : savledi se sou mwen espwaw ye? Mwen pa manmanw
Peter : bon se woumenm sèl mwen genyen
Lana : mmhmm… antouka, fè kòmsiw pa wèm, paskem pa renmen vi wap mennen an, em pa vle patisipe nan li, Peter m pap fè yon pa, siw vle al fè tentenw lan, chache yon kote pouw fèl… men sepa lakay la
Peter : wap pran yon sigarèt ?? mwen genyen 2 wi
Lana : ou pa wè etaw, ti dejwe
Peter : yon nèg map baw pouw sispann veyem…
( Lana kouri dèyè Peter menl gentan kouri… epil ap griyen danl… )
( Peter Philips misye te wo anpil, chevel te trese, bon zanmi Wadner, Lana Philips se ti sèl, moun sayo pajanm pa nan kont, men youn patjanm ka viv san lòt, malgre tout bagay…
nan menm moman sa a, Sarah… te mete dlo a pou manmanl )
Judith : san wou mwen pakonn kisam tap fè, franchman, mwen tankou yon andikape
Sarah : non manman, mwen jis vle prezèvew, epi m pansew merite detann ou, fè rapid fin benyen, nou pwal jwe yon ti kat a twa…
Judith : mezanmi wap fèm pa resen kòm wi
Sarah : pran tanw…
Judith : kijanw wè papaw?
Sarah : li byen wi, sèlman lite mandem pou ou
Judith : bon m fini wi
Sarah : manman, sepavre
Judith : kisa ???
Sarah : epa dèpyew pa mouye ??? loll
Judith : ah kitem
Sarah : men manman, ou teka pasyante
Judith : mwen twò renmen jwe ake nou
( Judith te fin benyen, li ale ak Sarah pou yal jwe, nan menm moman sa a, Wadner rive nan travay la… tout moun te konsantre eksepte Daniela Deroches )
Wadner : Daniela, kijanw ye ??
Daniela : mwen anfòm, mwen te pote kafe pou ou, mwen pakonn siw gentan manje, epim te pote yon ti kado…
Wadner : siw pat la gaz tap plenm déjà wi, mèsi anpil, kijanw wè finans lan maten an ?
Daniela : pa vrèman genyen anpil bagay, men nou pèdi 1% maten an ankò
Wadner : vini nan biwom, poum pale yon bagay, mwen pa konn siw okipe
Daniela : m pap janm okipe pou ou
Wadner : ok… vini
( Daniela te gentan ap ranje cheve, pase ti plimo, apresa li te kouri antre kote Wadner a )
Wadner : desann fenèt yo, fèmen pòt la
( Daniela tap souri… li te gentan ap transpire, li tap pran gwo souf)
Wadner : ok, sa konsène frèm nan
Daniela : frèw la ?? se pou sam vini la ?
Wadner : ak kisaw te panse ?
Daniela : non, mwen patap panse ak lòt bagay, m te jis ap panse ak travay la
Wadner : ok, mwen bezwenw retire 1% ankò sanl pa parèt sou sistèm nan
Daniela : men se yon frod lap ye
Wadner : map raplew se mwen ki moutrew tout saw konnen yo, savledi mwen konnen sa a, se pousa mwen relew apa
Daniela : dezole..se jis se pou premye fwa ou fèm fèsa
Wadner : Daniela
Daniela : wi…
Wadner : siw pap okipe, nouka soti nan semèn nan, mwen panse sepa sèl travay la, ki pou fè nou pale, ou pap okipe ?
Daniela : pou ou, mwen pap janm okipe
( Nan menm moman sa a, Sarah tap jwe ak fanmiy li )
Sarah : mwen ban nou chak yon donè…
Judith : ou genyen chans mwen pa wè byen
Sarah : se pousa w tap ranmase 6 ak 9 la, manman kenbe sa pou ou tande… ou pap bon sou mwen
Judith : anmweyyy, mwen panse nou patap wè wi, 2 kat mwen te rete poum genyen wi
Reymond : mwen pap pèdi fwa sa non
Sarah : enbyen m pwal wèsa
Reymond : depim pèdi fwa sa map metew ajenou
( Sarah pete yon gwo kout ri )
Sarah : jwèt la pa rive jiske la, mezanmi
( Sarah tap enjoy li ak fanmiy li, epi pòt li te frape…)
Judith : li pa lòt moun ke Emma…
Sarah : saw genyen la manmi
Reymond : depi Emma vini la, lap pranw
Sarah : loll
( Emma pa menm tann yo ouvri, li pouse pòt la, li antre )
Emma : sak fè nou silans konsa, nou tap pale sou mwen ??
Judith : saw genyen pou nou di sou ou
Emma : ou vle dim ou pat anvi genyen pyem, gade gwosè tenis map mete, si pyew te konsa, ou patap achte bay chè non
Judith : gade fè lèl, moun mèt fache lap fèw ri
Emma : kijan nou ye ??
Reymond : nou la, e fanmiy ou ?
Emma : mwen di nou sa déjà, se noumenm ki fanmiy mwen, Sarah pa la ?
Judith : men li wi, ou pa wèl
Emma : li la ??? e ki kote ??
Sarah : manman pa okipe grimas la tande, lap fèw pale
Emma : mwen ki grimas la ?
Sarah : ki bon van ki mennenw la ?
Emma : pitit, genyen yon ti pwogram yo envitem, epim panse avèw, yo dim ap genyen anpil bweson
Sarah : aw dim la, banm 2 minit
Emma : sepavre, savledi ou pap benyen ??
Sarah : gad kijanl ye ??? e kisam tapwal fè
Emma : mwen pa prese, ou mèt benyen wi, ak chalè sa a, ou paka ap toufe kòw
Judith : medam yo fèm ri wi
( Emma Jn Baptiste , zanmi Sarah, se tankou se 2 sè, tèlman yo alèz… yote sanble nan tout sans, ni nan vizaj, ni nan konpòtman…
Sarah te ale benyen, apre yon titan l fini, rapid, li kouri mete rad sou li… epi yo ale nan pwogram nan… yo te pase yo bèl nwit ap fè fèzè… ap ri…jis Wadner mouye Sarah envolontèman )
Wadner : mwen dezole, sepa esprè mwen fè
Sarah : sapa anyen, se jis fèt la
Wadner : kijanw rele ??
Sarah : mwen pa genyen non…
Emma : non nou pa genyen non
Wadner : sim baw yon vè, sa ap dedomajew?
Sarah : pa enkyetew, mwen gentan jwenn tout sam bezwen
Wadner : ok, pagen pwoblèm
( Prèske tout fanmiy a Wadner te nan pwogram nan,
eksepte Madanm a Adner a, li tou pwofite sitiyasyon an poul pase yon apèl )
Dahana : nouka pale konnya wi
Jacob : alo, alo… dat map relew kotew te ye ?
Dahana : se difisil anpil wi, mwen poko konnen kijanm pwal fèsa, men nou byen demare
Jacob : map raplew ou avè Adner se jis paskem vle, ou konnen m pap janm renmen lòt moun ke wou
Dahana : se woumenm mwen renmen tou, poukisaw oblije ak raplem sa a
Jacob : mwen diw sa a, jis paskem pa vlew bliye misyonw
Dahana : menw ou konnen mwen dwe fè sanblan mwen renmen Adner, sinon plan pap mache non
Jacob : se difisil pou mwen, men m panse se yon sakrifis ki akseptab…wi mwen konnen sa a, pridan beb
Dahana : wi beb, mwen renmenw
Aswiv…⏭⏩
fans