Torry_magazine

Torry_magazine Titre : À Deux Contre les Épreuves
abonne toi dès maintenant

04/07/2026

�Si w gen 27 an e plis, ou dwe kite kay paran w.�

Lè w kay paran w, ou pa vrèman grandi, paske sibkonsyan w konte sou paran yo pou tout bagay. Men, kite kay paran w oblije w grandi. Ou aprann debouye w pou kò w.

Kite kay paran w aprann ou bay tan w ak lajan w plis valè. Sa fè m panse ak lè m te konn di manman m: “Mwen pa t mande fèt.” Lè m bezwen yon bagay. � Jodi a, se mwen ki chèche yon jan pou m bay tèt mwen sa m bezwen.

Lè w lakay paran w, nenpòt laj ou gen, se timoun ou ye. Ou pa gen respè. Ou se pitit yo, yo p ap jete w deyò. Men, paran w yo ap gade w tankou yon echèk. Gen yon laj ou rive, ou dwe ka debouye w. Ou dwe ka bay tèt ou manje. Rete lakay paran w, se fè tèt ou mal, se kondane devlopman w.

Rete kay paran w ap manje, eskwole, san vizyon, san fè anyen pou w antre lajan, pandan w gen plis pase 27 an, se yon krim kont limanite. Bay moun yo kay la� Pandan w ap joure m nan, ou konn mwen gen rezon.

Gen timoun k ap priye pou yo gen 18 an pou kite kay paran yo. Poutan, w ap tann se lè w marye, a 40 an, pou w kite kay la? Ou serye? Kilè w ap grandi?

02/07/2026

02/07/2026

21/06/2026
21/06/2026




















Adresse

Jeremie
Grand' Anse

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Torry_magazine publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Torry_magazine:

Raccourcis

Partager