Aguava News

Aguava News Page Disponibles seulement pour Divulguer des informations.

05/07/2026
14/06/2026
Rémiz trofe ak setifika katryem edisyon gafesti ki pote non CHERY Philippe
14/06/2026

Rémiz trofe ak setifika katryem edisyon gafesti ki pote non CHERY Philippe

Pa rapò ak desizyon Minis Sante piblik la an lokirans Mesye Sinal Beryrand pran poul transfere administratè ak tout  kon...
05/04/2026

Pa rapò ak desizyon Minis Sante piblik la an lokirans Mesye Sinal Beryrand pran poul transfere administratè ak tout kontab lopital Georges Gauvin òganizasyon fanm konba grangwav pran pozisyonl

06/02/2026

ARESTASYON ASEC LENER JUSTIN NAN TI-GOÂVE

ASEC Lener Justin, Premye Seksyon Grand-Goâve, jwenn arestasyon li jounen jedi 5 fevriye 2026 la nan vil Ti-Goâve, pandan li te nan kabinè d’instruction.
Arestasyon an fèt nan kad yon ansyen dosye konfli tè ki enplike li menm ak kèk manm fanmi li, pami yo ougan André Juste ak André Justin

Dapre sa ki rapòte, otorite yo repwoche Lener Justin :

Asosyasyon malfektè
Kòmansman egzekisyon
Menas lanmò li fè sou kek manm nan fanmil an.

Pou rapèl, dosye sa a te deja rive nan ASOVOGG (Asosyasyon Vodouyizan Grand-Goâve), kote yo te eseye jwenn yon solisyon a l’amiable, men san siksè.

Yon dosye cho nap suiv de près.
Rete konekte pou plis detay.

06/02/2026

Ann swiv avem Thamar Dorvilus ki tap bay kek prensip ak moun ki ki pwal travay nan pwojè wout la.
Map raplew Tamar Dorvilus se reprezantan PADF se li menm ki sou teren kap travay pou reyalizasyon 11 ti pwojè kek seksyon nan komin grangwav benefisye yo.

Pa bliye abone ak Aguava news.
Follow Jesus

Repons AMGG ak lopital George Gauvin
16/01/2026

Repons AMGG ak lopital George Gauvin

🔴 KOMINIKE – AMGG (Asosyasyon Medya Grand-Goâve)Asosyasyon Medya Grand-Goâve (AMGG) enfòme popilasyon an sou yon desizyo...
14/01/2026

🔴 KOMINIKE – AMGG (Asosyasyon Medya Grand-Goâve)

Asosyasyon Medya Grand-Goâve (AMGG) enfòme popilasyon an sou yon desizyon enpòtan ki vize sispann tout kouvèti medya sou aktivite Lopital Jòj Goven nan Grand-Goâve, jiskaske gen respè ak klarifikasyon ant direksyon lopital la ak medya yo.
Desizyon sa a pran apre yon piblikasyon Radyo Le P’tit Coin te fè nan dat 15 desanm 2025, kote medya a te denonse plizyè pwoblèm fonksyònman lopital la, nan objektif pou enfòme piblik la.

Olye Direktè medikal la, Dr Herlandy Roben Demas, te reponn dirèkteman nan mikwo Radyo Le P’tit Coin, li te chwazi pale sou mikwo yon sitwayen ki rele Hugueneau Fontus, ki pa jounalis men ki genyen yon paj Facebook. Nan entèvansyon sa a, doktè a ta iwonize Radyo Le P’tit Coin epi ta adopte atitid ki manke respè anvè lòt medya nan Grand-Goâve.

Sitiyasyon sa a pouse AMGG pran desizyon sa a, pa sèlman kòm siy solidarite anvè medya ki viktim nan, men tou pou defann respè, etik ak valè travay jounalis yo nan sosyete a.

Laprès se vwa pèp la. Nenpòt tantativ pou meprize oswa diminye travay jounalis yo se yon menas pou dwa sitwayen yo pou jwenn enfòmasyon.

Adresse

Grand Goâve

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Aguava News publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Raccourcis

Partager