Direction Departementale Agricole du Centre DDAC

Direction Departementale Agricole du Centre DDAC Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Direction Departementale Agricole du Centre DDAC, Société de médias/d’actualités, Hinche, Papay, Hinche.

26/09/2025
TAB SEkTORYÉL AGRKÒL /               (DDAC )                                             pou batay kont raj nan depatman...
26/09/2025

TAB SEkTORYÉL AGRKÒL / (DDAC ) pou batay kont raj nan depatman sant lan .espesyalman nan komin tomasik ak sèkalasous direksyon depatmantal agrikòl sant lan ki genyen nan tèt agr Rony Navard òganize yon tab sektoryèl nan komin tomasik jounen jedi 25 Sektanm 2025 lan .Objektif la se sanbilize popilasyon an sou kesyon raj ki ap frape bét elvè yo nan komin tomasik ak sékalalous.Tomasik se komin ki chanpyon nan kesyon raj ki ap frape nan wo platosantral.Epidemiolojis ministè ki nan DDAC a Suprême Fritzner di sou 17 ka yo teste pandan dènye mwa sa yo gen 15 KI Pozitif,li estime se Twòp fòk tout sektè pote kole pou kwape fenomèn sa.pandan tap sektoryèl ki te reyini anviwon Yon 100 tèn patisipan ak prezans otorite kominal Tomasik ak sèkalasous te genyen tou prezan yon delegasyon PARSA ,GiRADÉL,TECNI/CECOM,IICA ,Reprezantan kazèk Azék ak òganizasyon nan Sosyete sivil la pran Rezolisyon aprè rankont lan pou pote kole pou sansibilize popilasyon an pou yo konnen ki sa ki maladi raj la kijan sentom yo manifeste.

19/09/2025

Nòt Enfòmasyon – Seyans Degistasyon Pen ak Farin Manyòk

Nan kad efò n ap fè pou ankouraje transfòmasyon pwodwi lokal yo ak amelyore sekirite alimantè nan peyi a, SIKSE/PAM nan tèt kole ak Direksyon Depatmantal Agrikilti Sant (DDAC) te òganize yon seyans degistasyon espesyal sou 5 fòmilasyon pen ki fèt ak baz farin manyòk, jou ki te mèkredi 17 septanm 2025, nan lokal Sante Animal la ki nan Direksyon Depatmantal Agrikilti Sant nan zòn Papay.

Plizyè enstitisyon ak òganizasyon enpòtan te patisipe nan aktivite sa a, tankou : PNCS, delegasyon MARNDR ki te soti Pòtoprens, TECHNI-PLAN/CECOM, PARSA, INARA ak IICA. Anplis, te gen plizyè dizèn moun ki te reponn prezan pou dekouvri nouvo fòmilasyon pen yo.

Objektif prensipal la se te fè patisipan yo dekouvri bon jan kalite, gou, ak potansyèl komèsyal pen ki fèt ak manyòk – yon resous natirèl ki disponib anpil nan zòn nan.

Seyans nan te yon okazyon pou mete an valè inovasyon nan transfòmasyon agrikòl epi ankouraje itilizasyon pwodwi lokal yo nan rejim alimantè chak jou. Patisipan yo te bay bon jan reyaksyon sou fòmilasyon pen yo, e sa montre posiblite reyèl pou pwodwi a jwenn plas li sou mache lokal la.

SIKSE/PAM ansanm ak DDAC ap kontinye soutni inisyativ konsa pou leve kanpe agrikilti peyi a, bay plis opòtinite pou pwodiktè yo, epi garanti plis chwa bon kalite pou konsomatè yo. Aktivite sa montre kapasite manyòk pou sèvi kòm yon solisyon dirab nan sekirite alimantè epi ouvè chemen pou plis inovasyon nan transfòmasyon agrikòl nan peyi a.

Direksyon depatmantal agrikòl sant (DDAC)konstate  byen bonè maten vandredi 5 Sektanm 2025 lan yon zak zabotaj ki fèt so...
05/09/2025

Direksyon depatmantal agrikòl sant (DDAC)konstate byen bonè maten vandredi 5 Sektanm 2025 lan yon zak zabotaj ki fèt sou gwoup elektwojèn DDAC a ki nan lokal sante animal la tout moun konnen sou non mezon blanch.Nap siyale se pou yon dezyèm fwa zak sa poze..DDAC denonse zak sa malonèt sa a. gen dispozisyon kap pran pou gen konsta legal ki fèt epi mennen ankèt pou jwenn otè zak sa. Biwo kominikasyon DFAC.

31/08/2025

NÒT OFISYÈL ALÈT SANITÈ

Sijè : Alèt sou prezans raj nan komin Sèka Lasous ak Tomasik

Direksyon Depatmantal Agrikilti Sant (DDAS) ap enfòme popilasyon Sant la sitou Sèka Lasous ak Tomasik ke plizyè ka sispèk raj parèt nan Komin sSèka la Sous ak Tomosik. Gen bèf ki mouri aprè yo te mòde pa chen sispèk, sa montre gen yon risk reyèl pou transmisyon viris raj la nan zòn nan.

Raj se yon maladi viral ki ka touye, li transmèt bay moun ak bèt atravè mòde oswa kontak ak saliv yon bèt enfekte.

Rekòmandasyon pou popilasyon an :

1. Evite kontak ak bèt sanzabri oswa ki gen konpòtman etranj : Pa manyen chen oswa chat ki pa pou nou, menm si yo parèt an sante;

2. Siveye bèt domestik yo : Si yon bèt montre siy tankou agresivite, salivasyon twòp, oswa paralizi, kontakte otorite biwo BAK ki pi prèw yo imedyatman;

3. Nan ka mòde oswa grafonyen:
- Lave blesi a ak dlo ak savon pandan omwen 15 minit.
- Ale san pèdi tan nan sant sante ki pi pre a pou jwenn swen apwopriye.

4. Rapòte ka sispèk yo : Si ou wè oswa tande pale de bèt ki montre siy raj oswa ki mòde lòt bèt/oswa moun, enfòme otorite lokal yo oswa ajan sante imedyatman;

DDAS ap kontinye travay kole kole ak Ministè Agrikilti, MARNDR, ak Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) pou kontwole sitiyasyon an epi mete an plas mezi nesesè yo.

Pou plis enfòmasyon, tanpri kontakte BAK komin nan oswa sant sante ki pi pre w.

Se Biwo kominikasyon Direksyon Depatmantal Sant lan ki siyen nòt saa

25/08/2025

Dat: 25 dawout
Zòn: sèka lasous (Pakas) ing agr Junior jean Responsab biwo agrikòl sèkalasous la (BAC)te chita pale ak otorite lokal yo
Objektif: rankont kominotè akonpaye kazek la plis Agronòm Larose Nan kad siblaj benefisyè aktivite Pòs rekòlt pwogram Parsa.... ./ Responsable Communication DDAC.

25/08/2025

Jounen lendi 25 Dawout la,nan Kad PWOGRAM PARSA a, responsable BAC Thomonde lan ing agr Louimé Mackenson te akonpanye de Agro Samantha nan Kad ciblaj sou aktivite post-recolte,nan 1ere section savanètCabrale,zone Goyave espesyalman. Resp Communication DDAC.

Adresse

Hinche, Papay
Hinche

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Direction Departementale Agricole du Centre DDAC publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager