Phare Du Centre

Phare Du Centre Phare du Centre est un média en ligne à la croisée de la tradition et de la modernité.

Déployé sur deux axes majeurs : l’audiovisuel et la presse écrite .Le journal propose une information claire, rigoureuse et innovante, adaptée aux enjeux.

Aprè jij de pè titilè Tribinal de Pè Ench la, Dieunot Antoine, te ale nan CUINE lokalite Koladè pou l fè yon konsta tère...
26/08/2026

Aprè jij de pè titilè Tribinal de Pè Ench la, Dieunot Antoine, te ale nan CUINE lokalite Koladè pou l fè yon konsta tèren sou demann Nelson Elias epi drese pwosè-vèbal, li òdone arestasyon 7 moun yo te jwenn sou espas la ki tap fouye pou konstriksyon. Selon Nelson Elias ki te pale ak jounal la, pandan lapolis ak jij depè t ap retounen, lè yo rive RODE, ansyen senatè Willot Joseph te kwaze machin polis la ak yon lòt machin ki te gen li menm ak 9 nèg ame ladan l, yo pran prevni yo nan men lapolis.

Jounal dispoze de yon dokiman de plent kote,nan dokiman an chèf brigad entèvansyon an, Jean Gaby Alexis deklare, aprè ensidan an, li di nan pl3nt lan: « Majistra, Willot Joseph kwaze yon machin devan nou ak yon pakèt nèg loudman ame. Yo fè tout nèg yo desann epi yo di se jij Dieunaut Antoine y ap chèche. Depi prevni yo rive devan komisè Marleine, l ap voye yo nan prizon »,se sa nou li.
Nelson Elias, Willot Joseph, e li akize ansyen senatè a dèske li akapare teren an avèk fòs san tit ak kalite.
Phare Du Centre
Que la lumière soit !

Ayiti : vyolans yo fè plis pase 2 000 viktim nan twa mwaVyolans an Ayiti kontinye fè gwo dega. Dapre yon rapò BINUH, 1 4...
26/08/2026

Ayiti : vyolans yo fè plis pase 2 000 viktim nan twa mwa

Vyolans an Ayiti kontinye fè gwo dega. Dapre yon rapò BINUH, 1 408 moun pèdi lavi yo, pandan 656 lòt blese ant avril ak jen 2026, sa ki bay 2 064 viktim. Pòtoprens, Site Solèy, Plèn di Kildesak ak Latibonit pami zòn ki pi touche yo. Rapò a fè konnen gen plis pase 18 000 moun ki oblije kite kay yo, 81 anlèvman ak 796 ka vyolans seksyèl atribiye ak gang yo. BINUH mande plis pwoteksyon pou popilasyon an epi li ankouraje akselerasyon operasyon Fòs Represyon Gang yo.
Phare Du Centre
Que la lumière soit !

Dimitri Vorbe, ansyen responsab SOGENER, jwenn liberasyon aprè li te pase prèske 11 mwa nan detansyon imigrasyon Ozetazi...
26/08/2026

Dimitri Vorbe, ansyen responsab SOGENER, jwenn liberasyon aprè li te pase prèske 11 mwa nan detansyon imigrasyon Ozetazini. Daprè Le Nouvelliste, li libere madi 25 dawou 2026 epi li ta dwe kite teritwa ameriken an nan kèk jou. Jounal la pa presize ki peyi li pral ale.
Phare Du Centre
Que la lumière soit !

25/08/2026

Fòs Represyon gang,pnh,BSAP,BRIGAD,la dwa'n Kominote entènasyonal,Leta Ayisyen, ki kote za'm sa yo soti pou yo rantre nan peyia ,ki kote yo pase ?
Phare Du Centre
Que la lumière soit !

Ansyen majistra ak manm enfliyan Mouvman Peyizan Papay (MPP), Jonel Jean-Baptiste, nome nouvo delege depatmantal pou dep...
25/08/2026

Ansyen majistra ak manm enfliyan Mouvman Peyizan Papay (MPP), Jonel Jean-Baptiste, nome nouvo delege depatmantal pou depatman Sant. Li ranplase Frédéric Occéan.

Selon enfòmasyon jounal la dispoze, nominasyon Jonel Jean ta fèt aprè yon konsansis ant 2 kandida pou pòs senatè ki pwòch pouvwa anplas la, menm si 2 kandida sa yo pa nan menm regroupman politik.

Menm sous la fè konnen direksyon MPP a pa dakò ak desizyon manm li an pou pran pòs nan pouvwa Alix DidierFils-Aimé a, paske MPP pa chwazi entegre pouvwa a, ni dirèkteman ni endirèkteman. Sous la ajoute, nan lè oswa nan jou k ap vini yo, direksyon MPP a ta dwe pran yon pozisyon ofisyèl sou dosye a ki ka rive jiska revokasyon Jonel Jean kòm dirijan MPP .
Phare Du Centre
Que la lumière soit !

25/08/2026

Moun bandi kenskof kidnape aprè yo fin fè masak .
Phare Du Centre
Que la lumière soit !

Bervensley Ferdinand, yon timoun 8 an, ki te disparèt dimanch 23 dawout 2026 la, yo jwenn li mouri pann ak yon kòd nan y...
24/08/2026

Bervensley Ferdinand, yon timoun 8 an, ki te disparèt dimanch 23 dawout 2026 la, yo jwenn li mouri pann ak yon kòd nan yon pye lam veritab bò Rivyè Ikit, nan apremidi lendi 24 dawout la.

Fanmi an, ki nan gwo doulè, mande pou limyè fèt sou sikonstans lanmò timoun nan epi pou otorite yo mennen ankèt sou dosye a.
Phare Du Centre
Que la lumière soit !

Tomazo : Denonsyasyon sou akapareman tèMèt Jonassaint Bonheure denonse yon sitiyasyon li konsidere kòm grav sou kesyon t...
24/08/2026

Tomazo : Denonsyasyon sou akapareman tè

Mèt Jonassaint Bonheure denonse yon sitiyasyon li konsidere kòm grav sou kesyon tè nan komin Tomazo, sitou nan zòn Bois-Romain. Daprè li, kèk moun ta pwofite ensekirite a pou pran posesyon tè ki deja vann epi revann yo.

Avoka a di sitiyasyon an ta touche sitou pwopriyete moun ki nan dyaspora oswa ki kite komin nan pou ensekirite. Li fè konnen gen patisipasyon kèk notè ak apantè nan tranzaksyon sa yo.

Mèt Bonheure ankouraje pwopriyetè yo konsève tout dokiman ki pwouve dwa yo sou tè yo, pandan li mande Leta pran mezi pou pwoteje dwa pwopriyete sitwayen yo.
Phare Du Centre
Que la lumière soit !

Ench : Yon timoun 8 lane disparèt nan Vilaj KreyòlYon timoun 8 lane, Bervensley Ferdinand, disparèt nan Vilaj Kreyòl, En...
24/08/2026

Ench : Yon timoun 8 lane disparèt nan Vilaj Kreyòl

Yon timoun 8 lane, Bervensley Ferdinand, disparèt nan Vilaj Kreyòl, Ench, yè dimanch 23 dawou 2026 la nan aprè midi. Fanmi an endike timoun nan te kite lakay li pou ale jwe, men li poko retounen. Yo mande tout moun ki ta gen enfòmasyon sou li pou kontakte fanmi an nan 4249-9852 oswa bay komisarya ki pi prè a enfòmasyon.
Phare Du Centre
Que la lumière soit !

Depiw konn ale okap ,ou konn pase sou pon saa,au revoir Saint Raphaël, bien venue DONDON. Yon ti gade ,epi verifye avan ...
24/08/2026

Depiw konn ale okap ,ou konn pase sou pon saa,au revoir Saint Raphaël, bien venue DONDON.
Yon ti gade ,epi verifye avan w deplase si wap fè zòn nan.
Phare Du Centre
Que la lumière soit !

Adresse

Hinche

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Phare Du Centre publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Raccourcis

Partager