12/03/2026
🛑UPDATE NAN DOSYE DISPARISYON JACQUES BLECK🛑
REZIME 📝Nan dosye disparisyon BLECK la LAPOLIS via SDPJ nan SIDÈS te tande prezime MARCUS JEAN ki se yon avoka avèk jeran tè a ,lè SDPJ te fè relve telefonik yo li te jwenn plis ke 20 apèl ant MARCUS ak BETINA e JERAN tè a e SDPJ te mande pou kenbe MARCUS ak JERAN men sou lòd komisè gouvènman prensipal la LIONEL CONSTANT BOURGOIN kotel te itilize KOMISÈ JOULOUTE e nan yon senp apel telefonik DDSE MAGALIE BELNEAU te resevwa yo te bal lòd pou libere ni avoka MARCUS ni JERAN an e Ke nou te Denonse .
-Malgre LAPOLIS ap fè anpil efò nan depatman an , Malgre lapolis ap kòde men lajistis toujou la pou dekòde sou enfliyans dè politisyen nan kominote a . Lapolis pat dekouraje e SDPJ fè tout sa yo kapab pou te arive arete 3 prezime sa yo ki se BETINA , TIPYE ak POUCHON kote gen dè relve telefonik ki trè sispèk nan dosye a .e nap bat bravo pou lapolis e sitou SDPJ .
-Dosye a vin nasyonal kote yo ta pral transfere BETINA ak TIPYE nan DCPJ ki se yon gwo avansman nan dosye BLECK la , POUCHON toujou nan komisarya JACMEL la pou Menm dosye sa a , nap chèche kontwol avoka MARCUS JEAN ke komisè gouvènman te fè libere malgre SDPJ te jwenn relve telefonik li plizyè fwa ansanm ak BETINA e jeran tè a .
NB: VANDREDI 13 MAS 2025 a 10:AM DEVAN MERI JACMEL LA , TOUT MOUN JACMEL ENVITE NAN YON DEZYÈM MACH PASIFIK POU LIMYÈ KONTINYE FÈT SOU DISPARISYON BLECK , PA TANN SE LÈ SA RIVE LAKAY OU POUW PRAN LARI ANN FÈ YON SOLIDARITE POU SA PA REPETE ANKÒ NAN VIL LA. SI PAT GEN SITIRÈ PA TAP GEN VÒLÈ
PAM MEDIA 509