Tradisyon lakay media

Tradisyon lakay media Tradisyon lakay

13/08/2025

Jacmel en Action

Lycée Pinchinat de Jacmel: Yon Nouvo Chapit ak Profesè Guerlince Lohier

Jacmel, 13 août 2025 – Apre 34 lane nan Lycée Pinchinat 6 zan direkté

Fritz Lubin remet volan an bay Profese Guerlince Lohier
ki pral nonmen kòm *nouvo direktè
pa Ministè Edikasyon Nasyonal.

Fritz Lubin te pran direksyon lycée a 13 septanm 2019
e depi lè sa li te jwe yon wòl kle nan stabilite, devlopman akademik, ak disiplin nan youn nan pi gran lekòl segondè nan depatman Sidès la. Anba direksyon li, Lycée Pinchinat te konsève repitasyon li kòm yon bastyon konesans e mete aksan sou revalorizasyon lespri klasik ak displin.

Profese Guerlince Lohier
yon edikatè respekte, antre ak eksperyans e ak vizyon pou kontinye travay ki deja lanse a nan sistém edikatif la

*Guerlince Lohier
yon pedagòg angaje ak plizyè ane eksperyans nan sistèm edikatif ayisyen an, se youn nan figi respekte nan domèn ansèyman nan Sidès, espesyalman nan vil Jacmel. Li se yon pwofesè ki distenge tèt li pa disiplin, rigeur akademik, epi angajman li pou amelyore kalite edikasyon nan lekòl piblik yo.

Lohier travay kòm ansèyan nan plizyè enstitisyon klasik, kote li kontribye ak metodoloji solid ak rapò pwofesyonèl ak elèv li yo. Li jwe yon wòl lidèchip, pa sèlman nan salklas, men tou nan ankadreman pwofesè parèy li yo.

Seremoni enstalasyon li fikse pou
jedi 14 dawou 2025
nan lokal Lycée a, an prezans otorite lokal yo, pèsonèl edikatif, ak reprezantan kominote a.

Jacmel en Action felisite Directeur Fritz Lubin pou sèvis li ak sal te repranze pou lycee pinchinat
pandan tout tan sa yo, e swete anpil kouraj ak siksè ak nouvo direktè a nan misyon li pou kontinye leve flanm edikasyon Jakmèl la.

*

Adresse

Bishop Avenue Bridgeport Conneticut
Jacmel
06610

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Tradisyon lakay media publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Tradisyon lakay media:

Partager