31/07/2022
Business Model Canva
Dirabilite se youn nan objektif tout antrepriz bay tèt yo, sa vle di se kapasite pou biznis la rete fonksyone endepandàman pandan lontan. Sepandan pou yon antrepriz rete dirab sou yon mache, li dwe pote valè pou mèt li ak mache sa l ap sèvi a.
Pou sa rive fèt pwomotè a (yo) ap bezwen yon bon modèl dafè ki defini klèman tout aktivite antrepriz la ap gen pou fè pou atenn objektif li yo. Youn nan zouti ki pèmèt ou travay modèl dafè a Byen se sa yon espesyalis tankou Alexander Osterwalder rele Business Model Canvas ( Matrice d'affaires)
Kisa ki Business Model Canvas la? Kisa li la pou l fè? Kòman l chapante? Eks.
Business Model Canvas la se yon zouti teknik tout biznis ki modèn kap bay l men ak inovasyon itilize pou defini klèman modèl ekonomik yo pral aplike sou mache a pou pote valè pou kliyan an yo sitou, swa nan kalite pwodui ou nna kalite sèvis y ap gen pou vann yo.
Li reponn ak kesyon " Èske sa vo lapèn ke n nou lanse pwodui ou sèvis sila? Ou bezwen fè ton BMC paske l pèmèt ou analize kote kob la ap soti, kòman w pral itilize l, pou ki kategori pwodui ou sèvis wap ofri a pral desèvi? Eks..
Business Model Canva an Divize an plizyè pati tankou:.
👉Pwopozisyon valè
👉Segman kliyan
👉Kanal distribisyon yo
👉 Relasyon ak kilyan yo
👉 Aktivite ki pral fèt yo
👉 Resous ak patnè kle n ap Bezwen pou sa fèt.
Pwopozisyon valè :
kisaw pote anplis ? Ki lòt valè ou pote ?kisa ou pote ki pat egziste deja sou mache a? i,e. Kisa ou ofri ke lòt antrepriz pa ofri ki fè se ou kliyan an dwe chwazi ?
Segmantasyon kilyantèl la:
pou kiyes ou pote pwodwi oswa sèvis sa ? Li pèmèt ou detèmine odyans ou an pi byen. Se la ou konnen kiyes kap pote lajan an pou ou.
Kanal distribisyon yo:
Eskew gen aksè ak kliyan ou yo ? Kijanw konte rive sou yo? Li montrew kibo wap pase pouw vini sou kliyan an pou pèmèt li gen aksè fasil ak pwodui ou sèvis w ap ofri yo.
Relasyon kliyan:
Fok kliyan ou kapte kilyan pou l ka rete fidèl ak antrepriz ou a, donk ki sistèm wap mete an plas pou kenbe relasyon konfyans ak kliyan an .
( Gen biznis fok li atenn plis moun, gen biznis fok plis moun rete )
Aktivite kle yo: ki sèvis wap bay ?kisa wap fè? Defini sèvis ou yo byen ak presizyon. Toujou sonje yon antreprenè se yon moun k ap vann solisyon ak pwoblèm ki ekziste yo pou pote satisfaksyon kay kliyan yo. Nan ka sa iu dwe Byen defini kalte sèvis w ap ofri yo pa rapò ak bezwen Mache a.
Resous kle: kisaw bzwen pouw ofri pwodwi oswa sèvis sa ?? Ki Moun? Ki materyèl? konbyen lajan? Ki teknoloji k ap mache pou pèmèt gen plis attirans sou kalite sèvis oswa pwodui w ap ofri yo?
Patnè kle : ki patnè ou bzwen pouw bay sèvis la ? Yo enpòtan anpil pou biznis la kontinye pwodwi, poul dire , poul ka rete an vi. Se tout moun ou nan relasyon avel pou pèmèt biznis la rete an vi.
Pou fini, n ap raple ke tout biznis ki modèn bezwen yon zouti teknik modèn pou l ka etann li sou mache sib li a. Nou pa gen entansyon ni pretansyon fè pèson leson sou jan sa ye deja men, nou panse kout pous sa yo ka ede tout jèn ki vle lanse yon aktivite ki pi serye ou ki deja ap travay sou yon aktivite biznis deja.
Pou sijesyon yo:
Espady LAINA
[email protected]