16/03/2022
Delaine : Kèt Lanmou fòkè anpil anpil!
Swinky : Lolll, Nan lanmou gen de pozisyon, swa ou son Jwè kap frape djanm, oubyen ou se Yon jwèt, E siw dakò jwèt la wap toujou wè lanmou fòkè anpil.
Delaine : wawww mèsi. Men Mwen menm MPoko ap renmen, kou sam te pran twò Di.
Swinky : Pou yon Moun ta gen Yon zanj konpreyansiv tankouw poul pa metew à l'honneur nan vil, oufff! Esak rann jenès maskilen an toujou ap soufri a wi. Medam yo toujou gade sou sa Yon gason fè, dil li pap kouri renmen ak Yon Moun ankò paske kèl fèk blese. Epoutan nan lèl resi livre li a li pran nan blòf pirèd.
Delaine : mfin plen wi Map moute eou menm Saw ap fè.
Swinky : Map moute avèw mpral tann patnem nan sou teras anlè a.
Delaine : men ou enpav.
Swinky : enpav se rans, Dayè se pa tan Map pèdi. Sak pi enpotan Mwen bezwen konn kisak te paskew ki fè kèw blese nan eta sa kifèw poko ka bay kèw Yon dezyèm chans.
Delaine : Se pa enpotan, Mpap ka rakontew,epi se pa Yon bagay ki te grav toi non, loll.
Swinky : ebyen ok pa gen problèm.
Harold te fin wè Moun yo, epi li pran mòn nan pou li poul moute, pandan Swinky ap moute ansanm ak Delaine sot nan dlo a se konsa tou Vedette ap desann.
Vedette : Kòman nou ye ?
Delaine & Swinky : Nou anfòm wi eou menm ?
Vedette : anfòm wi, dlo a gen anpil Moun?
Delaine : Non Madanm pa gen anpil Moun non.
Vedette : Ok.
Epil pase lale Swinky kontinye pale ak Delaine pandan li ekri Harold Yon SMS poul dil fanm nan gentan pase Al nan dlo a, Epi Harold Di men li nan wout ap moute.
Delaine : Kibò wap fe ou menm?
Swinky : Map chita nan baz lan la poum ka tann patnè ki te moute avèm yè a. Lal dlo ben.
Delaine : Ebyen ok, male wi Yon lot fwa.
Swinky : Pa gen problèm non chr, avanw ale ou ka kite nimewo telefòn ou pou Mwen svp.
Delaine : Pa gen problèm non, Mwen wèw pa gen WhatsApp.
Swinky : Non mpoko achte Android non chr.
Delaine : Ok banm metel pou ou.
Swinky : Map ekriw oubyen relew tande.
Delaine : Pa gen problèm non, men koze pa ladan.
Swinky : Ebyen depi Nap pale se koze Nap koze antrenou wi.
Delaine : Loll, Bye Swinky !
Swinky : Bye Delaine !
Harold : Yow Ann tou desann nan dlo a non Mwen wèl ap ta wi li prèske 6h.
Swinky : Bon se lakay la wap Domi bro, menm si li ta baz.
Harold : Nan nwit Lamontay ak nan vil la pa menm non.
Swinky : Sa moutrem kew pè nan nwit isit la.
Harold : Mèwi se sam diw menm wi.
Swinky : Lè konsa Vedette ap moute wi.
Harold : Si nou kwazel sou wout la sa Nap fè.
Swinky : Al pale avek li fè konesans avèl, tou pran devan ok. Dayè li poko wèm ansanm avèk ou, pandan wap pale avek li map vini epi Map dil konsa Bon Don Rere renmen avèk ou epi wap pale ak lot ti gason.
Harold : Wawww sa jis rèd frèm, ide sa paka pa bon. Epi depiw fin Di sa pase ale al benyen lèm fin pale avek li Map desann kotew.
Swinky : Epi lap tou diw wi oubyen non si Don Rere pa renmen avèk li. Fon ti kouri pran devan net poum ka ret jis dèyè.
Harold fe sa vrèman jan Swinky sot Di a. Epi li jwenn Vedette ap moute.
Harold : Oooo, kòmanw ye chr?
Vedette : Mwen anfom wi eou menm ?
Harold : Mwen trè byen wi.
Vedette : Ok.
Harold : Non li poko ok non.
Vedette : Sak fèw Di li poko ok a? Loll!
Harold : Paske Nou gen anpil koze poun pale.
Vedette : Ah bon, tankou Kisa?
Harold : ok, Non Pam se Harold mvin ret Lamontay. Mse Moun Lakoulin, mka Di Moun dlo ben tou.
Vedette : Mwen se Vedette, Mwen ret Lamontay, Mwen abite nan Toni. Mkontan rekonèt ou.
Epi se nan menm moman sa Swinky ap desann byen serye epi li bay Yon ti min pandan li Di
Swinky : Ok tande Vedette, Don Rere renmen avèk ou epi wap pale ak lòt nèg.
Vedette : Oh gad jan Yon ti gason frekan mesye. Mpat pansew te konsa non.
Swinky : Siw renmen ak nèg la ou paka nan kanpe ap pale ak lot moun.
Vedette : Kèttt, Mwen ki te metew kanpe Mwen diw Mwen renmen ak Don Rere, oubyen li menm ki diw sa? Apa Moun pa mal pou antrave.
Harold : Yow sakap pasew la li diw li pa renmen ak nèg la, Kapab ou te Mal enfome.
Swinky : Ebyen ok eskizem chr, mkonn wè lap pale avèw Lem ansanm avèk li MPansel te renmen avèk ou.
Vedette : Non chr pa enkyetew, mkonprann ou, men kitem diw Yon Moun ka gen mennaj epi li kanpe ap pale ak Yon Moun nan lari, paske ou pa konn sa yap diskite.
Swinky : Ok pa gen problèm.
Harold te fè pil tan ap pale ak Vedette epi Swinky al benyen, aprè kèk tan Harold te fè echanj nimewo ansanm ak Vedette epi aprèsa Vedette te antre nan wout lakay li epi Harold Desann Al benyen nan dlo a. Aprè kèk tan ankò nèg yo te gentan fin benyen epi yap moute ansanm.
Harold : Yow Mwen fyè deou wi baz, ou hot nego. Ou jwe wòl ou a vrèman byen.
Swinky : sa se ti jwèt, may la pa Piti bro.
Harold : Pil respè freo.
Nèg yo te chèche wout kabann yo, Nan demen Madi se jou sa Manman Harold tapral pati a. Harold leve poul priye pou manmanl. Epil te vin rele Loudia annaprè.
Se konsa jou yo te pase san nou pap bliye chak jou vedette toujou pale nan telefòn ak Harold, Swinky toujou pale ak Delaine nan telefòn tou.
Jiskaske nou vin rive nan 30 desanm Harold te desann nan vil la vin achte Yon moto 2em men pou pakou yo pa twò long pou li,Epil tou moute Ak Loudia poul te ka rive wè gran paran yo.
rive nan 1er janvye men kòman sa te ye.
Mirlande : Gad jan peyi a bèl mesye. Mpap pran tan pou mal Travay non.
Mèsi Bondye paskew metem Yon lot kote mka avanse pi rapid.
Banm bay Moun yo Yon apèl vidéo konferans.
Epi li rele mari li Ates.
Ates : Chr kòmanw ye la, Depi jou ou te rive a nou pat pale ankò. Mpat fè plan tou, menm te jwenn salitasyon ou nan men Loudia wi.
Mirlande : Pa gen problèm non, apa jodia Mwen relew bby.
Ates : Wi chr Mwen renmen sa.
Mirlande : Bòn ane chr, mswete Bondye Beni nou plis nan Ane sa.
Ates : Pataje chr, kijan dèyè a ye?
Mirlande : nòmal nòmal kite byen dèyè. Eou menm kòmanw ap Bouje.
Ates : Ou konnen Map frape, Yon solda ret Yon sòlda.
Mirlande : ok chr. Banm ajoute Harold non, Ak Loudia.
Harold : Manlè la wi, kòman nou ye. Bòn ane Moun ki plis chè nan vi Mwen yo.
Loudia : Bòn ane Moun chè mwenyo, mgentan bay Harold love la deja.
Mirlande : Mwen kontan sa chr, Ou Lamontay toujou la ?
Loudia : Wi se demen sidyevle Map desann wi.
Se konsa konvèzasyon an tap kontinye. Men se bagay familyal kap pale a nou paka konnen tout sakap pase yo. Ann Janbe Yon lot kote.
Swinky : Bòn ane Manman!
Vierge : Bòn ane pitit Gasonm.
Swinky : Kot Stéphanie ?
Vierge : Mte voyel Achte pou mwen. Soup ou a sou tab la wi.
Swinky : Mèsi Map manjel talè.
Don Rere : Swinky sakap fèt ?
Swinky : anfòm wi bro, mpreske pa gen kontwol ou ankò.
Don Rere : nèg la wi, bon ou plis ak patnè ki rele Harold la.
Swinky : Sa paka enpechem ansanm avèw tou baz.
Don Rere : Bòn ane freo?
Swinky : Pataje bro Mwen swetew tout sak bon yo.
Don Rere : Mwen menm tou freo. Map vini Nap wè talè bro.
Swinky : Ebyen ok freo.
Epi Swinky rele Harold poul salye li, poul Mandel vè kilè lap moute. Paske Harold prèske ret anlè a net kounya.
Harold : Swinky sakap fèt ? Yè Nou pa pale ditou.
Swinky : Anfòm wi ou konnen Nap Bouje, Wi mpat tandew vrèman.
Harold : nèg la ou konnen. Bòn ane freo, mwen swete pou Bondye fèw wè plis ane kew pat menm imajine.
Swinky : Ou menm tou wi frèm. Mwen swetew tout sak pozitif e pa sel ane sa non, men se pito tout ane ou gen pouw pase ap viv yo.
Harold : red freo, Map moute talè wi, mpral bwè soup avan man. Fanm nan dim li gen poul bò laKay ou a lap tou pase kot Stéphanie.
Swinky : Map tann ou freo, mgen soup la tou wi. Evre ebyen wap tou ansanm avèk mennaj ou pita la.
Harold : Li poko dim wi li renmen avèm non, men fason nou pale. Malgre nou poko rankontre ankò se kòmsi nou renmen baz.
Swinky : Met may toujou freo, Map ansanm ak Delaine pita tou wi.
Harold : Ok freo Map met plis may monchè. Rèd gade pouw wè si wa bon sou fanm nan.
Swinky : Map tann ou freo.
Epi fini Swinky fin koupe apèl la li resevwa Yon lòt apèl.
Swinky : Alo chr kòman nwit ou te ye?
Delaine : Mwen anfom wi chr, bòn ane mswetew tout bon bagay yo.
Swinky : Mèsi pataje chr. Ou manje, Akilè Nap wè la menm?
Delaine : Pandan jounen an Map fèw konnen chr. Paskem gen anpil bagay poum fè. Mwen gentan bwè soup wi eou menm ?
Swinky : Mgentan fè sa tou wi, ou ta relem vin bwè avèw.
Delaine : Mkonnen manmiw patap vle.
Se konsa Moun yo tap pale nan telefòn nan. Epi aprè Yon ti tan yo te koupe apèl la. Ann fè Yon vire kot
Harold ankò.
Harold : Banm rele Misye malgre li pa janm mandem sam pot pou vann Mwen renmen lapè fòm bal bwi.
Raynald : Oh bro, ki mirak dat MPa tandew?
Harold : Tankou se Mwen sèlman ki te gen telefòn nan moman silans ni Mwen ni ou a.
Raynald : highang pap mennen nou okenn kote, sakap fèt freo, bòn ane vye frè Mwen swetew tout sak pozitif yo nan laviw.
Harold : Se paske Mpa aplodi konfli highang tou sak fè jodia mwen relew la wi bro, menm te gentan konn tout bagay. Mwen swetew kenbel fò pa lagel. Mwen menm tou mw swetew tout sakibon yo. Se pou ane a chanjew etire satan ki nan tèt ou yo.
Raynald : mtande tout saw dim yo e Map mete yo an aplikasyon. Men MPa gen satan nan tèt Mwen apa, MPoko janm fè Loudia soufri Yon lè Non menm Yon moman.
Harold : epiw te kouche Nathalie, pandanw konnen Nathalie zanmiw.
Raynald : (pa Reponn)
Harold : Ou met Reponn monchè.
Raynald :
Apaw pale byen fò ekwè Loudia dim li Lamontay? bro Lèm pede tyeke lot se pou plezi, men Moun ki konblem nan se Loudia.
Harold : Li anndan, Mwen chita Anba Yon pye zanmann la. Manti, sil te konblew ou patap nan lot Moun, ou genlè pa konn siyifikasyon konble Nego. Lè Yon Moun konble li pa kite okenn tou vid ok. Alò sil konblew poukisaw oblije ap fe tout voksal sa yo. Ou nan chyen ou nan chat, Siw bal maladi Map bliye sin te gen Yon karyè zanmitay ansanm frèm.
Harold : Mwen asirew sa baz. Epi poukisa ou te konsa ou menm? Ou pa janm gen Youn fiks non ou pimal ke Mwen wi.
Harold : depi lèw te wèm ak Nathalie ou te kraze l menm jou lè nou tap fè pisin nan Hôtel la. Mtap pale avel malgre mpotko dil Mwen renmen l, men mte apresyel anpil baz. Epiw vin tyeke m ou dim ou anvi poste avèl la. Antanke blòdè em panse li patap asèpte ou te bon sou li. Depi lè sa Mwen deraye nèt frèm.
Raynald : Lèm wèw asèpte konsa, mpanse se Yon zanmiw baz,ou jis alèz avèk li.
Harold : depim renmen Yon fanm pou mennaj Mwen mtoujou renmen chèche alèz zanmil bro.
Monchè kòm ou pat konnen si Loudia zanmil tou, Men lè Loudia aprann sa li pap kontan non bro.
Raynald : Wi bro, msonjel te palem de Yon zanmi konsa wi. Epi mbliye bagay sa, sa gen kèk tan.
Harold : Nap pale Yon lot lè freo, mte kontan tandew.
Raynald : Mwen menm tou wi baz.
Li Gentan fè 3h 30 jodia premye janvier mpa bezwen diw tout kote bèl, epi son. Kè Moun yo kontan nan moman.
Harold : yow Swinky men Mwen wi baz.
Swinky : Harold, Kounya wap parèt Big.
Harold : ou konnen nèg tap met frechè sou yo la wi.
Swinky : Apaw vin la ak moto.
Harold : Wi baz, mpat diw sa vrèman. Son nèg ki tap vann Mwen mòpyon sa depi jakmèl wi, chak mfè kòb la rive kob la reboule bro. Manmanm te kite Yon kòb nan menm, mpran ladan, avèk mande Papam tou baz.
Swinky : Kijanw fè jwenn li anwo Isit la?
Harold : Yè 30 lan nou pat pale vrèman vre bro, se maten an Mwen diw mte desann men atout sa MPat palew de moto a. M
te desann jakmèl nan maten Al dèyèl, epi mte tou moute avèl. Sak fè mpat pase la se paske mte gen pil provizyon ansanm ak Loudia ki tap pote pou Grann Mwen baz.
Swinky : Ok bro mkonprann,Se vrèman enpotan wi lap itil ou pou pakou yo sitou ou ret jis Anba.
Harold : Ebyen se pote Mwen potel pretew la wi, Paskew dim wap soti ak Delaine.
Swinky : Owawww, ou fe Yon bel ide vre wi.
Se konsa tan te kobtinye ap pase Swinky te soti al Ka Edvè pou yo ka tou pran ti plezi yo.
Epi Vedette li menm, Te gentan vin wè Stéphanie. Aprèsa li fè ti moute sou mòn nan ansanm ak Harold pandan yap pale.
Harold : wè la mvlew dim sensèman kisaw deside fè ? Sevre ou alèz avèm, nou tankou frè ak sè. Men Map chèche plis bagay bbym, mvlew anbrase reyalite a.
Vedette : Mkonprann Saw Di a wi. Men mvlew admèt ke prèske chak Moun kap viv pran Yon baf nan lanmou. MPa vlew vin ak bèl pawòl sa yo apresa se menm ou menm ankò ki pral vire Do wale.
Don Rere ki tap mare kabrit li sou do mòn nan vin parèt pandan Harold li menm lap Reponn Vedette.
Harold : Mwen garantiw sa beb, mpromet ou sa.
Don Rere : Harold ou pa wè..... ASWIV.....