FEMINI-Click

FEMINI-Click FEMINI-CLICK est un média dédié à l'information et l'empowerment des femmes.

Bon  kouraj ak fotograf  Brevil.
02/03/2026

Bon kouraj ak fotograf Brevil.

Nou swete kondoleyans ak Bèl chè sè nou Mayerline Brevil pou lanmò manman li. Nou swete li anpil kouraj.

🎗️ 3 Desanm – Jounen Entènasyonal Moun Andikape 🎗️  Nan okazyon Jounen Entènasyonal Moun Andikape, FeminiClick mete aksa...
03/12/2025

🎗️ 3 Desanm – Jounen Entènasyonal Moun Andikape 🎗️

Nan okazyon Jounen Entènasyonal Moun Andikape, FeminiClick mete aksan sou reyalite fanm andikape yo an peyi dAyiti , yon kategori ki souvan neglije, kap pote chay plizyè fòm diskriminasyon an menm tan: andikap, inegalite selon sèks, ak vyolans sistemik.
Kote yap viv nan yon kontèks enstabilite sosyal ak ekspansyon vyolans gang yo, fanm andikape yo vin pi ekspoze a zak vyolans seksyèl, ak neglijans. Mank aksè a abri, swen sante, ak sèvis legal yo, sa ki mete yo nan yon sitiyasyon ekstrèmman vilnerab.

📣 FeminiClick lanse apèl pou:
- Entegrasyon fanm andikape yo nan tout politik piblik ak estrateji sekirite peyi a
- Aksè egal a edikasyon, travay, ak swen sante
- Pwoteksyon espesyal pou fanm andikape nan zòn kote vyolans ap ogmante
- Rekonesans valè ak kontribisyon fanm andikape yo nan devlopman peyi a

Enklizyon pa yon opsyon, se yon obligasyon moral ak legal.
Nou pa ka pale de devlopman dirab, dwa moun, oswa jistis sosyal san nou pa mete fanm andikape yo nan sant refleksyon ak aksyon nou yo.

📊 25 Novanm – Jounen Entènasyonal pou Eliminasyon Vyolans sou Fanm ak Tifi.🔹 1 sou 3 fanm viktim vyolans pandan lavi yo....
25/11/2025

📊 25 Novanm – Jounen Entènasyonal pou Eliminasyon Vyolans sou Fanm ak Tifi.

🔹 1 sou 3 fanm viktim vyolans pandan lavi yo.
🔹 plis pase 500 ka vyolans sou fanm anrejistre nan premye 6 mwa 2025 lan sèlman, dapre SOFA — yon ogmantasyon 85% konpare ak ane 2024.
🔹 Feminisid an Ayiti kontinye ap ogmante, dapre yon rapò SOFA ki mete aksan sou enpinite, silans, ak feblès sistèm jistis la.
🔹 Chak zak vyolans se yon vyolasyon dwa moun.
🔹 Chak aksyon kont vyolans se yon pa pou lajistis.

🛑 Feminisid, se pa yon aksidan. Se yon krim.
Lè Leta pa aji, vyolans sou fanm vin tounen yon sistèm.

Femini-Click di NON ak vyolans.
Wi ak diyite, sekirite, ak solidarite.

🎉 Femini-Click swete JAFH bon anivèsè!  Nan okazyon 4èm anivèsè JAFH, Femini-Click salye angajman san pran souf òganizas...
18/11/2025

🎉 Femini-Click swete JAFH bon anivèsè!
Nan okazyon 4èm anivèsè JAFH, Femini-Click salye angajman san pran souf òganizasyon sa a ki, depi 2021, ap milite pou yon sosyete ki pi egalitè, kote dwa fanm ak tifi respekte, pwoteje, epi mete an valè.

Travay JAFH pou defann dwa moun, espesyalman dwa fanm ak tifi, se yon sous enspirasyon pou tout aktè ak aktris ki kwè nan chanjman sosyal. Nou rekonèt efò li nan batay kont vyolans sou fanm, diskriminasyon, ak inegalite ki frape tifi yo de jou an jou nan sosyete a.
Femini-Click felisite JAFH pou 4 ane devouman, kouraj, ak lidèchip.

Bon konba medam!

15 OKTÒB- Jounen Entènasyonal Fanm Riral yo 🌾Jodi a, nou leve vwa nou pou onore fanm riral yo epi rekonèt  travay  yo,  ...
15/10/2025

15 OKTÒB- Jounen Entènasyonal Fanm Riral yo 🌾

Jodi a, nou leve vwa nou pou onore fanm riral yo epi rekonèt travay yo, kote chak jou yap pote chay devlopman ekonomik, sosyal ak kiltirèl peyi a sou do yo . Se yo ki leve bonè pou al nan jaden, al nan mache, ranmase rekòt, vann pwodwi, epi kenbe fanmi yo sou pye. Men malgre tout efò sa yo,fanm sila yo toujou ap lite pou jwenn sa yo merite kote yo souvan rete san aksè a sèvis debaz yo ak opòtinite egal nan peyi a .
FeminiClick ap sonnen lanbi pou raple enpòtans angajman pou:
Mete fanm riral yo nan sant devlopman peyi a , bay yo aksè a fòmasyon, kredi, ak teknoloji epi sire dwa yo respekte, pou tande vwa yo nan sans sa , n'ap mande pou fanm Fanm riral yo dwe gen aksè ak finansman pou elaji aktivite yo, mete sou pye biznis, epi amelyore lavi yo. San kredi, pa gen devlopman.Fanm riral yo dwe gen dwa posede, jere, epi itilize tè san diskriminasyon. Se pa sèlman travayèz pou yo ye, se pwopriyetèz yo dwe ye tou.

🎗️Limyè sou reyalite fanm ayisyèn yo ki ap goumen kont kansè nan tete 🎗️ Ribrik  #2  OKTÒB WOZ 🎀🎀🎀🎀Nan kad ribrik Oktòb ...
03/10/2025

🎗️Limyè sou reyalite fanm ayisyèn yo ki ap goumen kont kansè nan tete 🎗️

Ribrik #2 OKTÒB WOZ 🎀🎀🎀🎀

Nan kad ribrik Oktòb Woz la, Femini-Click angajel pou sansibilize sou batay difisil anpil fanm nan pedi d'Ayiti ap mennen ojou le jou nan sosyete a kont kansè nan tete.
Anpil nan medam sa yo ap soufri an silans, souvan san mwayen ekonomik oswa aksè a swen medikal ki nesesè. Sa ki lakòz yo toujou jwenn plizyè difikilte tankou:
🔸 Fè tès depistaj tankou mamografi ki rete yon defi pou anpil fanm jounen jodi a nan peyi a, swa paske li twò chè, swa paske lopital yo pa gen ekipman ki apwopriye pou dekouvri maladi sa bonè.
🔸 akoz mank enfòmasyon fè anpil fanm pa rekonèt siy kansè a, ni pa konprann enpòtans konsiltasyon regilye ak depistaj bonè a.
🔸 Akoz estigmatizasyon ki fè yo pè jijman sosyete a fè anpil medam ezite pale sou maladi a, sa ki anpeche yo chèche èd alè, epi mete lavi yo an danje.

📣 Se pou tèt sa FEMINI-Click itilize platfòm li an pou sansibilize, edike, epi sipòte fanm ki ap lite kont kansè nan tete nan peyi a ,paske tout fanm dwe viv ak diyite, jwenn swen sante yo merite, paske viv an sante se yon dwa yo genyen.
èd alè, epi mete lavi yo an danje.

FEMINI-Click swete Marie-Ange Noël , yon bèl rekòt lavi chaje ak fòs, lanmou, siksè ak kontantman. Ke rekòt lavi sa a po...
02/10/2025

FEMINI-Click swete Marie-Ange Noël , yon bèl rekòt lavi chaje ak fòs, lanmou, siksè ak kontantman.
Ke rekòt lavi sa a pote plis fwi , espwa, kouraj ak viktwa pou ou nan tout angajman ou yo.

🎀 kISA OKTÒB WOZ LA YE ?Ribrik  #1Oktòb Woz se mwa entènasyonal ki dedye a sansibilizasyon sou kansè nan tete. Se yon mo...
02/10/2025

🎀 kISA OKTÒB WOZ LA YE ?
Ribrik #1
Oktòb Woz se mwa entènasyonal ki dedye a sansibilizasyon sou kansè nan tete. Se yon mouvman mondyal ki fèt chak mwa oktòb pou ankouraje prevansyon, depistaj bonè, ak sipò pou fanm k ap viv ak kansè nan tete. Li se yon apèl pou chak fanm pran swen tèt li, aprann konnen kò li, epi fè tès regilyèman. Lè n detekte kansè a bonè, nou gen plis chans pou n konbat li avèk siksè.

Pandan tout mwa Oktòb la , FEMINI-Click ap pataje kontni edikatif atravè ribrik espesyal sou Oktòb Woz, yon  ribrik ki k...
02/10/2025

Pandan tout mwa Oktòb la , FEMINI-Click ap pataje kontni edikatif atravè ribrik espesyal sou Oktòb Woz, yon ribrik ki konsakre sou sante fanm, ak yon rega patikilye sou kansè nan tete, nan lide pou enfòme, sansibilize, epi mobilize kominote a pou mete aksan sou batay kont maladi sa a ki afekte anpil fanm atravè mond lan espesyalman an Ayiti.

📌 Objektif ribrik Oktòb Woz la:
- Mete limyè sou enpòtans depistaj bonè
- Pataje temwayaj fanm k ap viv ak kansè nan tete
- Bay enfòmasyon medikal ak konsèy prevantif
- Kreye yon espas solidarite, dyalòg, ak sipò pou sante fanm

📣 Nou envite tout moun pou:
- Pataje mesaj yo
- Abòne ak paj la
- Angaje yo ak pasyon nan mouvman Oktòb Woz la
💪

01/10/2025

👋 Byenveni sou FEMINI-Click!
Se yon platfòm ki mete fanm yo nan kè aktyalite a.
Misyon nou se enfòme, enspire epi bay valè ak fanm yo atravè bon jan kontni ak enfòmasyon solid.
Klike pouw Abòne🔔 ,pouw ka swiv tout piblikasyon nou yo chak jou.

Yon sèl Click sifi pou konekte ak nou!

Adresse

Wolf 1
Jacmel

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque FEMINI-Click publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager