24/02/2026
🔴 Doktè Alexandra Bastiany se non Ayisyèn sa ki fèt Montréal, paran li se ayisyen. Nan lane 2022, Dòktè Alexandra make yon gwo listwa nan Peyi Kanada kote li vin premye fanm nwa kadyològ entèvansyonèl nan tout Kanada. Siksè sa vini aprè plis pase 15 lane etid ak fòmasyon entansif nan medsin.
Dòktè Alexandra te etidye nan Université de Montréal, li te briye anpil nan fakilte medsin nan. Aprè sa li te kontinye fòmasyon li nan Alberta poul vin espesyalis nan maladi kè, espesyalman nan kadyoloji entèvansyonèl ki se yon branch avanse ki pèmèt doktè trete kriz kadyak ak atè ki bouche san yo pa bezwen ouvri pwatrin pasyan.
Alexandra pa sèlman yon doktè kap sove lavi moun ki gen pwoblèm kè, li angajel nan batay pou tout moun jwenn menm kalite swen kadyovaskilè, kèlkeswa koulè po yo, sèks yo oswa kote yo soti. Li batay pou enpòtans pou fanm, espesyalman fanm nwa. Li travay pou kominote ki mwens reprezante yo, tankou imigran ak moun ki soti nan fanmi ki pa gen anpil mwayen.
Se poutèt sa li vin tounen yon gwo sous enspirasyon pou anpil jèn fi nwa, pou timoun imigran ak pou tout moun ki reve antre nan medsin.