11/09/2025
Gen Group moun kap fe biznis Jeremi se kou moun yap pete, depi yo pale diw yo peye bandi ak bato Potoprens pou machandiz yo rive, pou moun saa Peyi a mèt rete konsa depi yap fe kòb pandan kòb saa si yo gen yon problèm sante pap ka fe anyen pou yo.
Menm lan lòt Peyi yo pap ka gentan kouri rive.
Mwen al achete yon prodwi yon magazen lavil la, moun yo dim prodwi a vann 10250g, men prodwi mwen bezwen an mwen te achete 27.50 dola Etazini, mwen di moun yo li trò chè, yo dim yo peye transpò ak pasaj.
Yè aprè midi mwen te bezwen yon bagay Okay, mwen tou tcheke prodwi saaa mwen te bezwen an, eske nou konnen prodwi saa koute 5000g, komm mwen achete plizye yo banm yo a 4500g nan yon magazen Okay.
Pandan menm biznisman Okay saa peye bandi ak bato pou machandiz li yo pase rive jwenn li nan Sid epi li fe benefis sou stòk la malgre li vann yo a 4500g la.
Anpil moun kap fe biznis Jeremi pa ka pa rich, dèfwa lòt moun konn di se jab yo genyen, se konnyea mwen se pa vre, moun jis renmen mache nwa.
Se sa ki fe anpil lòt jen ki vle fe biznis yon lòt jan nan vil la, moun sa a yo wè yo mal, oubyen fe makraki pou kraze biznis yo.