24/07/2026
📢 39 ZAN APRE MASSACRE JEAN-RABEL: TÈT KOLE TI PEYIZAN AYISYEN MACHE MANDE JISTIS
Dat 23 jiyè 2026 la, nan Komin Wozo, peyizan ak militan te òganize yon mach pou make 39yèm anivèsè yon trajedi ki make istwa peyizanri ayisyen an: masak Jean-Rabel la, kote 139 peyizan yo te touye e plis pase 200 lòt te blese.
Organizasyon « Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen » kontinye reklame jistis, reparasyon ak aplikasyon yon vrè refòm agrè an Ayiti pou memwa viktim yo.
Kòdonatè òganizasyon an, Origène Louis, te soulinye jounen sa a pa sèlman yon devwa memwa, men tou yon apèl pou kontinye batay peyizan Jean-Rabel yo t ap mennen: dwa pou tè, jistis sosyal, ak refòm agrè.
Masak la te fèt 23 jiyè 1987, lè plis pase 139 peyizan manm gwoupman "Tèt Ansanm" te asasinen nan zòn Jean-Rabel, Nòdwès peyi a, pa gwoup paramilitè ak gran mèt tè ki t ap goumen kont revandikasyon peyizan yo.
Prèske kat deseni apre, revandikasyon ki te mennen peyizan yo mobilize an 1987 yo toujou aktyèl. Se pou sa, moun Komin Wozo yo mete tèt yo ansanm ak lòt kominote peyizan atravè peyi a pou kontinye mande jistis ak reparasyon pou viktim yo.
👉🏾 Abòne w, mete yon LIKE, epi PATAJE piblikasyon sa a pou kenbe memwa a vivan e ede vwa peyizan yo rive pi lwen! 💛🖤