Flaco Media

Flaco Media FLACO MEDIA

22/02/2026
Bòn Fèt DGMwen swete ou yon ane ki chaje ak siksè, Enèji pozitif ak nouvo opòtinite, Mèsi pou lidèchip ou ak angajman ou...
16/02/2026

Bòn Fèt DG

Mwen swete ou yon ane ki chaje ak siksè, Enèji pozitif ak nouvo opòtinite, Mèsi pou lidèchip ou ak angajman ou pou fè paj sa grandi chak jou. Se pou rèv ou yo kontinye pran fòs. Inovasyon ak benediksyon pou ou ak tout Ekip la.

Byen fete DG VLS Design

03/02/2026

Apre desizyon lameri Ural ak komisarya leyogan nan pran pou Pagen Rara ane sa, nouvèl sa kontinye fè gwo bri nan plizyè emisyon nan komin nan.

Èske gen posibilite pou te gen rara?

02/02/2026

Renois Ulysse ak Patrick César pete deblozay nan emisyon café au lait sou koze ane sa pap gen rara leyogan.

📰📲 | Nan nouvo update tiktok la pou janvye 2026 la, gouvènman ameriken an deside pran kontwòl tout DATA sitwayen k ap vi...
28/01/2026

📰📲 | Nan nouvo update tiktok la pou janvye 2026 la, gouvènman ameriken an deside pran kontwòl tout DATA sitwayen k ap viv sou teritwa Etazini an e k ap itilize tiktok, sa ki vle di: Y ap gen kontwòl kont bank ou, relijyon ou, ras ou, eta sante w, epi ak estati imigran ou, sa ki vle di, y ap konnen si w legal, si w sitizenn, si w sou viza oubyen TPS. Anpil moun rete kwè se yon vyolasyon sou dwa yo, gen lòt ki kwè se yon mwayen pou gouvènman an ranfòse ajan ICE yo nan depòtasyon. Anpil tiktokè fè konnen ke yo pèdi aksè ak espas monetizasyon yo, sitou tiktokShop la.

Kòman sa ap fini?
24/01/2026

Kòman sa ap fini?

🚨Nan peyi Kore di Nò, yo kondane yon fanmi antye nan prizon a vi, poutèt yo dekouvri yon Bib lakay yo ansanm ak prèv yo ...
12/01/2026

🚨Nan peyi Kore di Nò, yo kondane yon fanmi antye nan prizon a vi, poutèt yo dekouvri yon Bib lakay yo ansanm ak prèv yo t ap pratike relijyon. 😭😱🙆‍♀️

Gen yon timoun 2 zan nan mitan fanmi sa, sa ki montre kijan pèsekisyon kont kretyen grav nan peyi sa. Nan Kore di Nò, pa gen okenn libète relijyon.

Prezidan an di koze Jésus a se yon fason pou vinn soulve pèp li silansyezman san yo pa rann kont ke se tèt yo yap detwi e li fè konnen se youn nan pi gwo zam ke enperyalis la itilize pou li detwi lafrik ak anpil lòt kontinan eli di ankò avan kolon yo de rive an amerik vrè pèp Ameriken an te gen pròp kilti yo

Gouvènman an konsidere nenpòt kwayans relijye kòm yon menas pou ideyoloji Leta yo rele Kimilsungis-Kimjongilis, ki egzije lwayote total pou fanmi Kim lan. Yo wè kretyen kòm ajan enperyalis ak trèt.

Flaco Média

⭕️ENFO | Chèz rache, gaye sou tout teren an, anpil move pawòl... fanatik foutbòl yo fache anpil, se sa divès medya Endye...
15/12/2025

⭕️ENFO | Chèz rache, gaye sou tout teren an, anpil move pawòl... fanatik foutbòl yo fache anpil, se sa divès medya Endyen rapòte. Sitwayen yo fè dezòd nan stad « Salt Lake », ki nan zòn Kolkata, paske yo di Messi sèlman fè yon ti mache sou teren an, epi salye yo pandan 20 minit, san yo pa menm gentan wè figi l. Nòmalman, medya yo presize, se 45 minit Messi te gen pou pase nan stad la, men se pa sa ki fèt. Pwotestatè yo di li pa nòmal pou yo peye soti💰$38.65 rive jiska $130 pou yo rantre nan espas la, epi pou yo paka menm wè sipèsta🇦🇷Ajanten an. Nap raple, jwè Inter Miami CF la twouve li nan peyi End,🇮🇳nan kad yon vire won lap fè ki rele « GOAT Tour », kote lap gen pou l asiste plizyè konsè mizikal, vizite klinik foutbòl pou jèn, patisipe nan yon tounwa epi lanse divès inisyativ charite nan zòn Kolkata, Hyderabad, Mumbai ak New Delhi | Yahoo Sports.

Ayiti fè pati 10 ekip ki gen plis demann tikè pou fanatik al gade match yo nan mondyal 2026 la.
14/12/2025

Ayiti fè pati 10 ekip ki gen plis demann tikè pou fanatik al gade match yo nan mondyal 2026 la.

NOUVEL ENPÒTAN – REYINIFIKASYON FANMIDepatman Sekirite Entèn (DHS) fè konnen li mete *fen nan tout kategori Pwogram Reyi...
14/12/2025

NOUVEL ENPÒTAN – REYINIFIKASYON FANMI

Depatman Sekirite Entèn (DHS) fè konnen li mete *fen nan tout kategori Pwogram Reyinifikasyon Fanmi (FRP)* pou sa ki gen rapò ak Kolonbi, Kiba, Ekwatè, El Salvador, Gwatemala, Ayiti, ak Ondiras.

Pwogram sa te pèmèt sitwayen ameriken oswa moun ki gen rezidans legal voye pou fanmi yo atravè pwosesis imigrasyon, *pou fanmi yo te ka antre Ozetazini avan dosye yo fin trete nèt*. Sa te ede anpil fanmi rasanble pi vit, san yo pa oblije rete tann ane nan peyi orijin yo.

DHS deklare ke administrasyon anvan an *te abize mekanis sa*, sa ki lakoz plizyè moun ki pa t byen verifye te antre nan peyi a.

Pou kominote imigran nou an, chanjman sa ka pote gwo enpak. Nou ankouraje tout moun verifye dosye yo ak konsilte yon avoka imigrasyon oswa òganizasyon ki bay asistans legal pou plis detay.

Flaco Média ap kontinye pote enfòmasyon ki klè, verifye, e itil pou kominote nou an.

Kèk imaj Gede 2 NOVANM 2025
03/11/2025

Kèk imaj Gede 2 NOVANM 2025

Adresse

Biteau
Léogâne
6210

Téléphone

+50931368759

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Flaco Media publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager