
16/08/2025
Nan komin kafou, 18 enpas Thoby, Mahotière 79, se la n ap jwenn yon espas kote n ap ka « Reve ansanm ». Non an se « Kay jèn yo ». Kote sila kreye yon anviwònman ak pwopoze kontni pou jèn ak timoun reyini, koute, pale patisipe nan plizyè aktivite literè, edikatif ak atistik. Aktivite sa yo se grenn k ap simen pou demen nou ka gen bèl pyebwa ki pote bon fwi pou peyi a. Wi, nou dwe simen jodiya.
Lè yon timoun ap grandi, li enpòtan pou n mete l nan yon anviwònman ki favorize devlopman global li : kote li ka amize l pandan l ap aprann, kote li ka benyen nan kilti pandan l ap devlope bon rapò ak tèt li, ak rasin peyi a. Nou kwè fòk nou fòme timoun jodi […]