
06/09/2025
PA LWEN PIBLIYE
———
Ricardo Auguste wè premye solèy li nan dat ki te 7 jen nan lane 1985 nan Potoprens — se yon powet-ekriven ayisyen ki pa janm kite limit lekol tradisyonèl defini li. Li se pitit rasin kiltirel peyi li, se yon pèleren ki fè ale tounen nan lang — kreyol, franse ak panyol — kote I fè chak mo I tounen yon pon ant memwa ak lespwa demen. Depi nan « Songes infectés (2013) », li fouye nan lonbraj nanm - sa ki fè moun, ak mete limyè sou doulè, lespwa ak dlo je. Avèk « Plen-Pip (2014) », li deboutonnen yon metafò wodpote, desinen sou tout bout mi yon vizyon klè sou kondisyon moun. Nan lane 2015, li limen bouji, jete dlo pou bay kreyòl la yon flanm nan « Kout zegwi », yon liv ki tranpe nan konsyans lekté l yo, epi li louvri bra li bay linivè nan « Mil frases en mis brazos », yon powem ki ekri nan lang panyol. « Ti Priz (nan lenvizib) » se dènye rekèy li ki soti nan Les Éditions Julien Hilaire.
————
« se nan maj kò w mwen ekri
premye powèm mwen
tout kò w se pwen sispansyon se lavi aprè lavi
tinèl limyè rèv
ou se yon bèl paj damou »
— Ekstrè « Ti priz », Ricardo Auguste
————
« Verite powetik la, jan li parèt nan teks Ricardo Auguste yo, se yon demach ki mete ansanm dimansyon entim ak dimansyon kolektif. Powèt la enskri | nan yon liyaj powetik avisyen ki soti nan mouvman Endijenis (Carl Brouard, Emile Roumer), pase nan pwopozisyon Spiralis Frankétienne lan, epi li kontinye ak powèt temwanyaj tankou René Philoctète ak Paul Laraque, jouk pou rive jounen jodi a nan apwòch mesyedam Renouveau yo. Pwezi Ricardo a parèt kòm yon fòm kontinite ak renouvèlman, kote pawòl pèsonel la tounen pawòl tout moun. »
— Ekstrè prefas Ansky Hilaire, editè
————
Tit: Ti priz (nan lenvizib)
Otè: Ricardo Auguste
Paj: 102
Konsepsyon Grafik : LEJH ak 1804 SOSYETE
Ilistrasyon : LEJH
Bibliyotèk Nasyonal Dayiti (BNH), Dawou 2025
1Depo legal: 25-08-266
ISBN : 978-99994-0-340-5
Les Éditions Julien Hilaire (LEJH)
Côté Jardin, Grand-rue, Léogâne, Haïti, HT6120
Tel. (509) 42647569/34716334
Kourye elektwonik : [email protected]
Sit web: www.julienhilaire.com