
22/01/2025
Yè ki lendi 20 janvye 2025 lan, divès elèv lise te pran lari pou mande prezans profesè nan sal de klas yo.
Elèv lise yo, te pran direksyon divès lekòl prive nan vil Laskawobas, kolèj Rocher D'horeb, kolèj Sentespri ; kote anpil kout wòch t ap tire sou enstitisyon prive sa yo.
Yo lòt bò profesè yo ap mande ministè edikasyon nasyonal pou yo Kapab peye yo, paske yo gen madanm ak pitit, kay pou peye, manman ak papa pou yo okipe.
Gen 2 profesè ki viktim anba kout wòch elèv sa yo, se profesè Gaëtan Lindor profesè matematik e EPS, profesè Sèm Lapaix profesè syans sosyal.
Zachary Joas pou Radio Télé OMÉGA - 96.5 & Zachary Show depi Lascahobas.
PDG Fednayou Petithomme