Cayes Info Haiti

  • Home
  • Cayes Info Haiti

Cayes Info Haiti Le Sud D’Haïti Chez Vous Le Grand Sud d'Haïti chez vous

Ann reflechi Ansanm  Pwopozisyon sanksyon pou atis ki gen konpòtman devyan : yon apèl pou entegrite ak responsablitePibl...
26/07/2025

Ann reflechi Ansanm
Pwopozisyon sanksyon pou atis ki gen konpòtman devyan : yon apèl pou entegrite ak responsablite
Pibliye jou ki 26 jiyè 2025
Ekri pa Emmanuel DORCY
Nan yon sosyete kote atis yo jwe yon wòl esansyèl nan fòme opinyon piblik ak enfliyanse jèn yo, li enpòtan pou gen mekanis ki asire yo respekte prensip etik ak moral. Lè kèk atis fè aksyon oswa pran pozisyon ki ale kont valè fondamantal yo — kit sou plan politik, edikasyonèl, oswa sosyal — sa ka gen gwo konsekans sou kominote a. Se poutèt sa, nou pwopoze yon refleksyon sou posiblite pou sanksyone tout mizik oswa chante yon atis ki gen konpòtman devyan fas ak sa yo pwodwi, depi mizik sa yo an kontradiksyon ak zak li komèt la.
Nesesite yon kad etik pou atis
Atis yo se pèsonalite piblik ki gen yon platfòm pou yo eksprime tèt yo epi kominike avèk yon gwo piblik. Enpak yo genyen sou sosyete a pa ka neglije. Lè yon atis fè yon deriv konpòtmantal oswa aksyonèl — kit se nan sipòte diskou rayisman, ankouraje vyolans, patisipe nan zak koripsyon, oswa gen pozisyon ki danjere pou edikasyon ak devlopman jèn yo — sa ka kraze konfyans piblik la mete nan yo epi diminye kredibilite mesaj yo ap transmèt yo.
Pwopozisyon sanksyon ak mizik atis yo
Nou dwe analize si li apwopriye pou genyen yon sistèm sanksyon ki pa sèlman konsène atis la pèsonèlman, men ki tou pwolonje sou kreyasyon atistik li yo. Lide a se pa sanksyone tout travay yon atis, men pito sanksyone mizik, èv, oswa chante ki dirèkteman kontrè ak zak devyan atis la komèt la. Pa egzanp, si yon atis chante sou lapè ak inite, men li ankouraje vyolans nan lavi piblik li, chante sa yo ta dwe sispann jwe sou radyo, televizyon, ak platfòm difizyon dijital yo. Yo ta dwe menm paka jwe sou sèn paske konpòtman atis la kontrè ak pwodiksyon sa.
Egzanp ak konsekans potansyèl yo
• Deriv Politik: Si yon atis ki te toujou defann demokrasi ak dwa moun, sanzatann vin sipòte yon rejim totalitè oswa ankouraje diskriminasyon, chante li (èv) yo ki pale de libète ak jistis ta dwe retire nan sikilasyon, omwen tanporèman.
• Deriv Edikasyonèl/Sosyal: Yon atis ki chante sou enpòtans edikasyon ak respè pou fanm, men li menm patisipe nan zak vyolans kont fanm oswa trivializasyon pwoblèm edikasyon, mizik sa yo vin ipokrit e yo ka gen yon move enfliyans sou odyans lan.
Sanksyon sa yo ta dwe yon fòm responsabilizasyon. Li pa sèlman ta pèmèt piblik la fè distenksyon ant atis la kòm moun ak travay atistik li, men li dwe tou voye yon mesaj fò bay lòt atis sou enpòtans pou yo aliyen aksyon yo ak mesaj yo.
Defi ak konsiderasyon
Natirèlman, mete an plas yon sistèm konsa ka

Nan kad yon “Pwojè Fanmi Fò, Timoun an Sante” Save The Children ap egzekite nan depatman Sid la Anviwon 250  Fanm jwen  ...
26/07/2025

Nan kad yon “Pwojè Fanmi Fò, Timoun an Sante” Save The Children ap egzekite nan depatman Sid la Anviwon 250 Fanm jwen fòmasyon sou Antreprenarya pandan 5 mwa ak resevwa yon ti tchotcho, Se IDEJEN nan Okay ki te fòme Fanm sa yo , Maten vandredi 25 jiyè a nan yon seremoni Fanm sa yo resevwa sètifika fen fòmasyon Sa, pandan responsad yo di yap kontinye akonpaye benifisyè Sa yo Ki soti nan Savann ak dèyè fò nap siyale anpil nan Fanm sa yo se deplase ki kite Pòtoprens Pou ensekirite. Yon ekstrè seremoni gradyasyon sa…

25/07/2025

Nan kad yon “Pwojè Fanmi Fò, Timoun an Sante” Save The Children ap egzekite nan depatman Sid la Anviwon 250 Fanm jwen fòmasyon sou Antreprenarya pandan 5 mwa ak resevwa yon ti tchotcho, Se IDEJEN nan Okay ki te fòme Fanm sa yo , Maten vandredi 25 jiyè a nan yon seremoni Fanm sa yo resevwa sètifika fen fòmasyon Sa, pandan responsad yo di yap kontinye akonpaye benifisyè Sa yo Ki soti nan Savann ak dèyè fò nap siyale anpil nan Fanm sa yo se deplase ki kite Pòtoprens Pou ensekirite. Yon ekstrè seremoni gradyasyon sa…

Save the Children, IDEJEN anviwon 250 Fanm resevwa Sètifika
25/07/2025

Save the Children, IDEJEN anviwon 250 Fanm resevwa Sètifika

Se jounen mèkredi 23 jiyè 2025 lan, Direktè Jeneral MARNDR la Emmanuel Silencieux pwosede a enstalasyon Agr. Aubourg Mar...
25/07/2025

Se jounen mèkredi 23 jiyè 2025 lan, Direktè Jeneral MARNDR la Emmanuel Silencieux pwosede a enstalasyon Agr. Aubourg Marcelin kòm Nouvo Direktè Agrikilti nan Sid, Se Agr. Jean Beaunes Joseph Agr. Marcelin ranplase nan pòs sila ke li te pase anviwon 6 mwa nan tèt Ministè Agrikilti nan Sid.
Se Pou yon dezyèm Fwa Agr. Aubourg Marcelin Okipe pòs sila…

25/07/2025

Lancement du TOURNOI DE DÉBAT LAPAWOL: ÉDITION EMIL SAINT LÔT - Phase III - Les Cayes AUC .

25/07/2025

Lancement du TOURNOI DE DÉBAT LAPAWOL: ÉDITION EMIL SAINT LÔT - Phase III - Les Cayes AUC .UPNIP VS ULUM

24/07/2025

Nan kad yon rankont ak laprès 24 jiyè 2025 lan, kòdinasyon depatmantal òganizasyon sosyete sivil yo nan sid remèt bay divès reprezantan Leta , yon Kaye dechaj ke yo prepare ,anndan Kaye dechaj sa responsab oganizasyon sosyete sivil sa atire atansyon Leta santral sou diferan problèm gran sid la ap fè fas nan diferan domèn, Tankou: Ensekirite, Edikasyon, enèji, lavichè, problem sosyal pou nou site sa yo selman. Williams Guillaume se kodonatè sosyete sivil oganize a nan sid

Sosyete Sivil Sid la remèt yon Kaye dechaj Depatman Sid la a Chak Otorite Sid yo
24/07/2025

Sosyete Sivil Sid la remèt yon Kaye dechaj Depatman Sid la a Chak Otorite Sid yo

24/07/2025

24/07/2025

Ti koze ak Peyizan , 24 jiyè 2025 , Cayes Info Haiti Cayes infos Radio Télé Macaya

Ansyen Senatè Jean Marie Junior Salomon ak CFOS anonse yon Mouvman kont KPT a
24/07/2025

Ansyen Senatè Jean Marie Junior Salomon ak CFOS anonse yon Mouvman kont KPT a

Address


Telephone

+50943578052

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Cayes Info Haiti posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to Cayes Info Haiti:

Shortcuts

  • Address
  • Telephone
  • Alerts
  • Contact The Business
  • Claim ownership or report listing
  • Want your business to be the top-listed Media Company?

Share