Jounal Denye Kout Tiwèl

Jounal Denye Kout Tiwèl media/ info

18/08/2026

Premye minis Alix Didier Fils-Aimé nan tèt yon delegasyon an vizit nan depatman Sid la 13 pou 15 dawout 2026 deklare eleksyon yo ap òganize wè pa wè nan peyi a epi fè apèl ak jenès la pou al enskri kòm elektè. Pandan pasaj la, premye minis lan vizite epi patisipe nan inogirasyon plizyè etablisman eskolè, rankontre epi diskite ak kèk pèsonilate piblik nan zòn la, patisipe nan selebrasyon Notre Dame, patwòn vil Okay. Chèf gouvènman ki mete anpil aksan sou edikasyon jèn yo, kwè jenès la se avni peyi a epi anonse yon ansanm chanjman ki pral fèt nan sistèm lan apati ane eskolè 2026-2027 la. Alix Didier Fils-Aimé

Edikasyon : Gouvènman remèt 278 lèt nominasyon pou depatman Sid, Sidès, Nip ak Lwès vandredi 14 dawout 2026 pase nan Vil Okay. Antretan, pou ane eskolè k ap demare septanm 2026 la, minis Vijonet Démérot anonse yon ansanm mezi ki pran tankou desizyon pou distribiye manyèl eskolè nan tout lekòl yo, angajman fon pou reparasyon lekòl nasyonal ak lise yo, pèman pwofesè ki nan pwogram pronec ak Psugo. Minis Démérot di, konsènan reparasyon lekòl yo, yo gentan prevwa depoze fon sou Kont bank direksyon lekòl yo. Minis Vijonet Démérot

Notre Dame: Vil Okay fete 523 lan egzitans li 15 dawout 2026 ki sot pase la, nan okazyon an yon mès solanèl selebre nan Gwòt Fatima an prezans plizyè pèsonalite Politik ak sivil, otorite kominal, pèleren ak fidèl legliz la. Kadinal Chibly Langlois ki t ap prezide lamès la, nan omeli li fè apèl ak responsablite pastoral ak sivil nan sousi pou pran angajman pou transfòme Sosyete Nou an. Eminans Chibly Langlois ki di jounen Jodi a youn nan gwo doulè peyi a se ensekirite, mizè, enstitisyon yo ki febli, kòripsyon ak vyolans, li swete pou Nou tout avanse ansanm pou sove peyi a. Yon ekstrè nan omeli Cardinal Chibly Langlois

Klèje pawas la, Rev Pierre Michel Brunache, ki raple 14 dawout pase a make 5 lane katedral la pa fonksyonèl akòz gwo frap li te pran nan tranblemantè 14 dawout 2021, fè apèl ak kominote a pou kontinye soutni reparasyon batiman andomaje a. Rev. Pierre Michel Brunache

N ap soulinye aprè mès la, cardinal Chibly Langlois te envite premye minis Alix Didier Fils-Aimé fè yon vizit anndan Katedral la pou al founi je gade nan ki nivo batiman andomaje.

11/08/2026
11/08/2026

Nimewo ministè travo piblik, transpò ak kominikasyon an ki di li vizite plizyè chantye (mache piblik) k ap egzekite nan depatman Sid fè konnen li pra l mande konpayi yo pou akselere. Konsènan rekonstriksyon twonson Okay-Tòbèk la, minis Joseph Almathe Pierre-Louis swete pou popilasyon an pran pasyans paske gen anpil kontrent. Toutfwa, li di l pral mande ak konpayi pou l ta travay lannwit tou nan sou sousi pou ale pi rapid ak chantye a.

Sou dosye ayewopò entènasyonal Antwan Simon Okay la, minis MTPTC a eksplike ekspwopriyasyon an dwe efektif pou kapab depanse oswa itilize 69 milyon dola BID dispoze pou agrandisman ak pwosesis respè nòm entènasyonal yo. Selon sa minis lan avanse, se yon ti gwoup Moun ki ta kanpe anfas pwojè a ki trè retisan parapò ak ekspwopriyasyon an. Ing Almathe Pierre-Louis fè kwè vle pa vle ekspwopriyasyon an ap fèt paske kèk Moun pa ka bloke devlòpman depatman. Toutfwa, minis lan di lajan pou ekspwopriyasyon an la déjà, se pou konsène yo jwenn yon antant, li egzòte tou pou Sila yo pa fè peyi a pèdi finansman BID la.

Sendikalis Bertrand Banatte panse monte pri gaz la pral gen anpil konsekans sou popilasyon paske sitiyasyon sosyal ak ekonomik yo déjà konplike. Pou li menm, se yon desizyon inilateral ki pran puiske se wout dyalòg yo te dwe pran dabò. Reprezantan APCH la nan Sid di li swete pou gouvènman pote presizyon apre desizyon sa pou popilasyon an.

Responsab Politik Sudd balai a di yo etone pou fason KEP a ap kontredi tèt li. Kòm eksplikasyon, Walmios Maurice di dekrè ak kalandriye elektoral ki soti a pa gen anyen pou wè ak konstitisyon an. Responsab la avanse tou, se nan lide pou goumen Kont oswa rejete kandida pati ( Jn Ernest Muscadin) ki fè KEP a pran desizyon konsa yo. Konsa, Walmios Maurice swete responsab yo al fouye je nan atik 135 konstitisyon an pou kabap aliye dekrè elektoral la ak li.

Complètement détruit lors du séisme du 14 août 2021, l'école nationale St Joseph de saut-mathurine est dans l'attente d'...
11/08/2026

Complètement détruit lors du séisme du 14 août 2021, l'école nationale St Joseph de saut-mathurine est dans l'attente d'une intervention urgente pour sa reconstruction.

09/08/2026

Posiblite pou eleksyon yo fèt très élevé selon ansyen delege Sid Me Ketnor Estinvil. Pou li menm, nan istwa Peyi a eleksyon konn òganize nan moman sitiyasyon yo kon grav, tankou lè gen gè sivil Me Estinvil nan analiz li kwè se pito yon pouvwa Eli ki kabap rezoud pwoblèm ensekirite olye se sou tranzisyon Nou mete espwa Nou. Li kwè sitwayen yo gen devwa jounen Jodi pou fè sa KEP a mande pou kapab Eli yon gwoup Moun nan tèt peyi a.

Sou pwosesis enskripsyon elektè yo, Me Estinvil eksplike se toutafè nòmal puiske gen diferans ant kat idantifikasyon an ak kat elektè a, li menm ki kapab pèmèt sitwayen yo jwi oswa ranpli devwa Politik yo tankou al vote. Ansyen delege a pwosesis ki sou pye a se aplikasyon dwa elektoral li ye paske si yon Moun vle vote li dwe gen kat elektè li. Me Ketnor Estinvil toutfwa estime KEP a dwe pran dispozisyon teknik pou plis Moun anrejistre puiske gen plis Moun ki vle enskri. Ketnor Estinvil

Sou vil Okay ap fè FAS ak anpil pwoblèm, sitwayen Georgy Alerte Maurice kwè se chita pale ki dwe genyen ant sitwayen yo ak Moun k ap dirije oswa k apral gen pou vin majistra yo pou remèsye ak sitiyasyon an. Alòske sitwayen an konvwate meri a, kòmkwa nouri lide pou al kandida, Georgy Maurice kwè l ap ka bay kout men pa li.

Alòske MENFP fikse dat 7 septanm 2026 pou lekòl la louvri, kèk sitwayen nan Okay kòmanse montre gwo enkyetid pou reouvèti klas yo parapò ak sitiyasyon sosyal ak ekonomik lan ki vin anpire. Sendikalis Odvel Lixier li menm mande èske kondisyon yo reyini pou paran, elèv ak pwofesè yo. Pwofesè a ki retounen sou antant ki pa janm jwenn ant ministè a ak pwofesè grevis yo kwè nan anviwon yon mwa ki rete a, okenn soulajman p ap gentan pote. Odvelt Lixier ki adrese l ak responsab yo swete gen dispozisyon ki pran pou anpeche ane lekòl la bakle paske sitiyasyon yo pa ko klè ditou.

09/08/2026

Jistis : kisa k dwe fèt avèk sistèm jidisyè ayisyen an?
Pou majistra Pierre Ézéchiel Vaval se yon refòm ki dwe fèt nan jistis peyi a, pou mete Moun ki konsekan, san patipri, ak Pwofesyonèl ki kapab anndan jistis la. Jij nan kou dapèl Okay la kwè gen efò ki dwe fèt pou kanpe sistèm lan yon lòt fason pou l kapab bay rezilta tankou rann jistis la endepandan pou Politisyen yo sispann sèvi ak li kòm mach pye.

Politik: Avoka Pierre Eudras Delva nan analiz li kwè peyi nesesite dirijan ki serye, ki gen karaktè ak kapasite pou poze pwoblèm peyi a epi pwopoze solisyon kòrèk, nan lide pou defann enterè tout ayisyen sou teritwa ak deyò peyi a. Me Delva yon lòt bò avanse li pa janm twò ta pou adrese pwoblèm yo jan sal dwe fèt, li pran egzanp sa k ap pase konpatriyòt ayisyen yo USA k ap fè FAS ak pwoblèm TPS la.

Sendikalis Bertrand kwè kantite elektè ki enskri nan elektoral la depi lansman pwosesis lan montre aklè popilasyon an pa ko prè pou patisipe nan eleksyon yo. Pandan li estime se nòmal pou eleksyon òganize, sitwayen an fè kwè se fòmil KEP itilize a ki sanble pa mache. Antretan, li swete pou lidè Politik yo ak leta ki pran inisyativ pou motive popilasyon pou al enskri nan rejis la epi patisipe nan pwochen jout yo.

Géraldine Eliodor nan òganizasyon FOFEDOS montre li gen dout parapò ak kantite elektè KEP a anonse ki gentan enskri nan rejis la, pou li menm chif yo parèt pa klè. Antretan, militant lan kesyone a montan KEP egzije pou enskripsyon kandida yo puiske li estime sa yo reprezante baliz pou fanm ak gason ki gen entegrite ak onètete ki vle sèvi peyi a men ki pa gen lajan. Pou Géraldine Eliodor se Moun ki nan sistèm lan deja k ap gagote lajan leta k ap gen aksè ak tout lajan sa yo.

Nan Komin Anikè, sitwayen Joseph Solon Lesseul kwè eleksyon yo dwe òganize nan peyi a paske sa fè twò lontan pèp la pa ka viv alèz. Li di se konsa peyi a dwe fonksyone kote ensekirite, enstabilite ak kriz ap renye. Alòske li opine sou enskripsyon elektè yo nan Anikè, Joseph Solon prezante tout difikilte ki gen lye ak sikonskripsyon Sila sou plan elektoral.

11/07/2026
19 mai sa se fet St yves patron avoka yo, nan jiridiksyon okay you mès aksyon selebre nan pawas St Eugène pandan jounen ...
20/05/2026

19 mai sa se fet St yves patron avoka yo, nan jiridiksyon okay you mès aksyon selebre nan pawas St Eugène pandan jounen an suivi you gran defile kote fanm ak hom de lou yo tap mache ak fanfa. Selebran prensipal la rev. Père Joseph Charles nan mesaj sikonstans lan pat manke fè elòj sou fason St yves dekonn defann moun ki pi pòv yo. Sevitè Bondye pat manke denonse enjistis moun ap viktim nan sosyetea, père souliye gen anpil moun ki kroupi nan prizon san yo pa fè anyen, gen lot se byen yo yap defann..pandan fè apel ak konsyans bò kote aktè jidisyè yo..

Batonye lòd avoka okay yo nan diskou sikonstans li preche linite nan mitan avoka yo pou defann profesyon an. Li souliye difikilte ki genyen nan fonksyonman tribinal yo, malgre tou li mande avoka yo pa dekouraje, epi toujou pran patron yo kom modèl yo, li raple peyi a plis bezwen sitoyen onèt pou li avanse, pandan l mande tout sitoyen yo pran konsyans.

Me Anthony Gédéon doyen fakilte syans jiridik nan UPSAC ak Me Eusdras Delva di konstate gen anpil avoka ki ekate yo de ideal Stvyves la chak jou pi plis. Si Me Gédéon Anthony ouè nan fòmasyon jèn gen koreksyon ki kapab pote Me Delva bò kote pa l ouè se tout profesyon nan peyi kap fè fas ak kriz konfyans.

Adresse

Bergeaud, Route Ntle# 2
Les Cayes

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Jounal Denye Kout Tiwèl publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Raccourcis

Partager