Platfòm Inivèsitè Ayisyen

Platfòm Inivèsitè Ayisyen Platfòm Inivèsitè Ayisyen-Chanjman dwe kòmanse sou nou ! PLATFÒM INIVÈSITÈ AYISYEN

PLATFÒM INIVÈSITÈ AYISYEN
Envite tout jèn inivèsitè yo patisipe sou tout peyi a an jeneral e nan dyaspora a. Objektif ;

1) Rasanble ansanm kòm inivèsitè
2) Lye ansanm ideolojikman
3) Milite
4) N ap pwopoze
5) Prepare tèt nou

Pou travay sa a fèt n ap envesti entèlektyèlman, ekonomikman ansanm pou sipòte vizyon ak rèv Inivèsitè Ayisyen. Nou pran anpil tan ap obsève, nou te rete pasif, men jodi

a nou pran responsabilite nou, e deside sou desten nou, dezòmè NOU VLE KANPE KÒM YON SÈL MOUN POU CHANJE PEYI DAYITI.

12 Janvye 2010 . 12 Janvye 2025Sekous yo toujou ap kontinye, fwa sa a se pa tè a k ap tranble peyi a, se kidnapin, se ch...
12/01/2025

12 Janvye 2010 . 12 Janvye 2025

Sekous yo toujou ap kontinye, fwa sa a se pa tè a k ap tranble peyi a, se kidnapin, se chomaj, se mizè ak move lavi, se movèz gouvènans, se edikasyon tèt anba, inivèsitè yo reveye n sekous la fò, nou sèl ki ka kanpe l !

Platfòm Inivèsitè Ayisyen - PIA
Fernando ESTIMÉ
Luckson Saint-Vil Journaliste
Ted’Actu
Roberson Milor
Ginette Celestin
Sant Fòmasyon Jan Jak Desalin-SAFJJAD

Premye Janvye 1804Premye Janvye 2025 221 lane tout ewo yo, espesyalman JAN JAK DESALIN Te ba nou endepandans fizik la, e...
01/01/2025

Premye Janvye 1804
Premye Janvye 2025

221 lane tout ewo yo, espesyalman JAN JAK DESALIN

Te ba nou endepandans fizik la, e te kòmanse konstwi nasyon an, jodia nou dwe goumen pou libète mantal la.

Ansanm n ap reprann konstriksyon Nasyon an!

Nou dwe pi djyanm 221 fwa plis
Nou dwe pi konsyan 221 fwa plis

Platfòm Inivèsitè Ayisyen - PIA
Sant Fòmasyon Jan Jak Desalin - SAFJJAD

Inivèsitè yo se vrè fòs la!Platfòm inivèsitè Ayisyen - PIA, salye nou tout nan non patri an komen an, Ayiti. 18 novanm 2...
20/11/2024

Inivèsitè yo se vrè fòs la!

Platfòm inivèsitè Ayisyen - PIA, salye nou tout nan non patri an komen an, Ayiti. 18 novanm 2024 fè 221 lanne depi n fè batay Vètyè a. Platfòm Inivèsitè Ayisyen-PIA pwofite dat senbolik 18 novanm 2024 sa pou lanse yon fon patriyotik, k ap rele "FON PATRIYOTIK JAN JAK DESALIN", fon sa pral la pou finanse pwojè dirab ke diferan inivèsitè pral gen pou pwopoze.

Poukisa Platfòm Inivèsitè Ayisyen - PIA deside kreye fon sa?

Platfòm Inivèsitè Ayisyen - PIA, remake pa gen okenn estrikti ki la pou akonpanye inivèsitè yo ekonomikman nan pwojè yo, malgre enpòtans pwojè sa yo kapab genyen.

Kiyès ki pral finanse fon sa?

Se menm inivèsitè yo, pwofesè nan inivèsite yo, responsab nan inivèsite yo, legliz ak tout lòt enstitisyon moral yo, dyaspora, sitwayen yo ak lòt aktivite ke PIA ak DIREKTWA fon an pral kreye pou fè lajan rantre ki pral finanse li.

Kijan fon an pral chwazi pwojè inivèsitè yo pou l finanse?

Chak inivèsite ap genyen plizyè gran elektè, yon (1) etidyan nan chak fakilte, yon (1) pwofesè/ responsab nan chak inivèsite yo.
Nou di gran elektè se paske nan premye pati a se popilasyon an k ap gen pou sanksyone pwojè yo, pa yon vòt (peyan), y ap achte koupon, e se gras ak koupon sa y ap montre ke reyèlman se pwojè sa yo vle.

Platfòm Inivèsitè Ayisyen - PIA
Fernando ESTIMÉ Bat bravo pou la jenes Michel Soukar Fernando ESTIMÉ Baky Valéry Numa Club de Débat et de Recherche Scientifique - CDERS Promotion 2021-2025, Faculté d'Ethnologie Guy Wewe Ginette Celestin John Kerry Smith K-Dilak

  /DEPATMAN SID/VIL OKAYERIJE YON ESTATI DESALIN SOU "PLACE D'ARMES DES CAYES" la.Platfòm Inivèsitè Ayisyen Baky Ted’Act...
10/11/2024


/DEPATMAN SID/VIL OKAY

ERIJE YON ESTATI DESALIN SOU "PLACE D'ARMES DES CAYES" la.

Platfòm Inivèsitè Ayisyen
Baky
Ted’Actu
Tripotay Lakay
Ing Agro Jean-Delin Dorvil
Abedjluniverse
Anie Alerte
Bat bravo pou la jenes
Ti koze ak TT
Ti koze ak Lynn
TripFoumi Enfo
Fernando ESTIMÉ
Guerrier Dieuseul
Gessica Geneus
BelO Haiti
Carel Pedre
Judes Celestin
Luckson Saint-Vil Journaliste
Midy Pierre Richard
Michel Soukar
Pierre Renel Rene
Ralph Tedy Erol
Valéry Numa
Wyclef
Yole Derose
Vilfrance Seide
Roberson Milor
Macxon Moïse
Pierre Vins Dorvil
Ginette Celestin
Monretoure Noël

20/10/2023

Jan Jak DESALIN
Yon estrikti k ap fè moun vin Ayisyen.
se yon liv poezi ke PIA pral pibliye pou fè toujou sonje Desalin nan yon lòt nivo.

Inivèsitè yo se vrè fòs la!
Platfòm Inivèsitè Ayisyen - PIA

Nòt pou Inivèsitè Ayisyen yo,17 Oktòb 2023Inivèsitè yo se vrè fòs la !Platfòm Inivèsitè Ayisyen - PIA
17/10/2023

Nòt pou Inivèsitè Ayisyen yo,
17 Oktòb 2023
Inivèsitè yo se vrè fòs la !
Platfòm Inivèsitè Ayisyen - PIA

MAYO     Si w fyè de papa nasyon an Jan Jak Desalin, pa ezite kòmande yon mayo k ap ede BIWO REPOZWA NASYONAL la pou l k...
12/10/2023

MAYO

Si w fyè de papa nasyon an Jan Jak Desalin, pa ezite kòmande yon mayo k ap ede BIWO REPOZWA NASYONAL la pou l kapab jwenn mwayen finanse liv poezi a ki titre OCHAN DESALIN.

Inivèsitè yo se vrè fòs la !
Platfòm Inivèsitè Ayisyen - PIA

ANN EKRI POU DESALINChapo ba, nan lide pou ekri premye liv poezi a lonè Jan Jak Desalin, PIA mande ak tout Ayisyen ki ka...
12/10/2023

ANN EKRI POU DESALIN

Chapo ba, nan lide pou ekri premye liv poezi a lonè Jan Jak Desalin, PIA mande ak tout Ayisyen ki kapab e entèrese pou ekri yon Poèm/chan/tèks pou papa nasyon an JAN JAK DESALIN.
- Nan lang kreyòl,
- Tèks sa ap pase devan komisyon Lang kreyòl Ayisyen Platfòm Inivèsitè Ayisyen an,
- Tèks ou a dwe gen fon,
- Lè tèks la fin kalifye w ap resevwa yon notifikasyon,
- Imedyatman w ekri nan pwojè sa a Platfòm Inivèsitè Ayisyen - PIA se sèl estrikti legal ki jere zèv sa yo,
- Ansanm tèks sa yo ap monte yon liv a LONÈ PAPA NASYON an JAN JAK DESALIN,
- Liv sa a ap rele (OCHAN DESALIN),
- Lè w fin ekri zèv pa w la, ou kapab tansmèt li ban nou sou e-mail [email protected]
Konsa tou ou kapab pataje l ak nou nan WhatsApp +50936543811,
-Pou plis enfòmasyon ou kapab kontakte PIA pa menm mwayen sa yo,

OCHAN DESALIN

Yon liv espesyal ki ap genyen poèm/chan/tèks nan onè papa nasyon an.

Poèm/chan/tèks sa yo kapab ale nan sans demann, remèsiman, padon, (li nesesè pou l ale nan sans pozitif e mete onè sou potorik gason sa a JAN JAK DESALIN pou tou sa li fè pou Ayiti ak tout mond lan).

Le 11 oktòb a Midi tapan, demann pou ekri tèks sa yo ap lanse e n ap resevwa tèks sa yo 17 oktòb jiska 11 zè 59, depi w chwazi pou w ekri yon tèks ou kapab envite lòt moun tou ou wè ki gen kapasite pou sa, pou w bal chans ekri yon poèm/chan/tèks ki pral vilgarize nan tout peyi a e nan dyaspora a, espesyalman nan tout Repozwa Jan Jak DESALIN yo.

Lè w fin ekri poèm/chan/tèks la, ekri non konplè ou anba li, nimewo telefòn ou, e-mail si w genyen.

NB: Chak otè ap kapab ekri yon paj.

ANN EKRI POU DESALIN!

Inivèsitè yo se vrè fòs la !
Platfòm Inivèsitè Ayisyen - PIA

MESAJ REPOZWA JAN JAK DESALIN20 SEPTANM 2023 ANIVÈSÈ NESANS PAPA NASYON AN   Si w vle vin jèn volontè nan REPOZWA a tanp...
20/09/2023

MESAJ REPOZWA JAN JAK DESALIN
20 SEPTANM 2023 ANIVÈSÈ NESANS PAPA NASYON AN

Si w vle vin jèn volontè nan REPOZWA a tanpri ekri nou yon mesaj. Mèsi anpil !

          Se yon estrikti k ap rekonekte nou ak papa nasyon an, ede nou kiltive Patriyotis ak lanmou pou frè ak sè nou y...
07/09/2023


Se yon estrikti k ap rekonekte nou ak papa nasyon an, ede nou kiltive Patriyotis ak lanmou pou frè ak sè nou yo.

Chapo ba pou ou DESALIN !

Adresse

Aux Cayes
Les Cayes
HT8110

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Platfòm Inivèsitè Ayisyen publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager