25/11/2025
Jaden Botanik Okay
Jaden Botanik Okay la louvri sou yon sifas uit (8) ekta, li sitiye nan antre vil Okay, nan Depatman Sid peyi Ayiti. Enstitisyon syantifik sila te kreye nan mwa septanm 2003 pa agronòm Wiliam Cinéa. Li se manm Rezo Mondyal Jaden Botanik yo, rezo Jaden Botanik Frankofòn , epi tou manm Asosyasyon Jaden Piblik Etazini. Bijou inik sila nan Gran Sid la, ki sou patwonaj Mize Istwa Natirèl Pari ak Konsèvwa Nasyonal Botanik Brest, gen ladann yon espas konsèvasyon plant, yon jaden etnobotanik, yon espas atraksyon, yon jaden ekolojik, ak yon espas pwodiksyon yo rele « pepinyè ».
Jaden Botanik Okay (JBO) se yon gwo sant edikasyon anviwònmantal ak pwodiksyon syantifik sou biyodivèsite plant. Li genyen anviwon 500 espès plant natif natal, andemik, ak ekzotik nan diferan seksyon li yo. Premye seksyon an, yo rele l « arborèt », li rezève pou pye fwi yo. Dezyèm seksyon an se zòn etnobotanik kote plant medsin ak plant aromatik yo fè tout bèl aparans lan. Twazyèm seksyon an se jaden ekolojik kote plizyè varyete plant jwenn deskripsyon yo. Katriyèm seksyon an se espas konsèvasyon an, kote yo kolekte epi konsève tout espès ki menase disparèt an Ayiti ak nan rejyon Karayib la. Gen lòt seksyon ki byen dekore espesyalman pou bèl foto ak plezi koup ki fenk marye.
Akòz richès li an tèm espès plant, Jaden Botanik Okay la se yon sit enpòtan pou rechèch ak eksperimantasyon nan domèn anviwònman. Se yon espas detant ki, avèk bèl flè li yo, fè w reve ou tankou nan yon ti paradi sou tè Ayiti. Chak ane, plizyè dizèn milye vizitè vin dekouvri bote ekstròdinè li. Se youn nan pi gwo espas nan zòn nan pou devlope aktivite ekotouristik, pou ankouraje ak mete an valè espas vèt ak peyizaj natirèl yo.