01/12/2025
Gwo Aksidan Moto nan Lenbe
Yon aksidan grav rive Lenbe, jodi lendi 1e desanm 2025, bò Maïla Hôtel, kote yon moto ki t ap soti Plezans pou ale Okap te pote 3 moun. Selon enfòmasyon nou jwenn, yonn nan pasaje yo, ki se yon granmoun, mouri sou plas nan aksidan an.
Ta sanble se ak yon kamyon baskil moto a ta frape. Sou imaj yo, nou ka konstate woul devan moto a rache.
2 lòt pasaje yo, ki sivivan, yo te kouri ak yo nan lopital ki tou prè a pou yo jwenn swen ijans.
UDMO ak Vis Delege a rive sou sèn nan, epi yo t ap tann yon jij oswa yon grefye pou vini fè konsta legal la. Pou kounye a, pa gen lòt detay ofisyèl.
N ap chèche pou ou toujou rete veyatif .