13/05/2025
BON ANIVÈSÈ POU MWEN, MALGRE TOUT SA.-
Jodi a, se pa jis yon lòt dat sou kalandriye a. Se pa sèlman jou mwen fèt. Se yon rekonesans, yon selebrasyon, yon temwayaj vivan. Se mwen kap di tèt mwen: ou merite viv, ou merite kontinye, ou merite kontan.
M te pase anpil tan nan moman difisil. Gen jou m pa te ka leve tèt mwen. Gen lè mwen te santi tout bagay t’ap tonbe sou mwen, e mwen te panse m pa t’ap janm jwenn fòs poum leve ankò. M te pèdi moral, m te pèdi espwa, e nan kèk moman, m te prèske pèdi tèt mwen.
Men jodi a, m la. M pa fin geri tout blesi yo, men m kanpe. M poko fin jwenn tout repons yo, men m viv. E se pou sa, m’ap di tèt mwen mèsi. Paske ou te kenbe, ou pa lage. Ou te jwe wòl sòlda, menm lè pa t gen zam, Ou te kontinye mache, menm lè pa t gen limyè devan.
Bon Anivèsè Pou tèt mwen. Se pa ti bagay ou pase. Se pa ti chay ou pote. Ou merite tout lanmou, tout respè, tout lapè ke ou bezwen. Ou pa bezwen pè pou w reve ankò. Ou gen dwa sonje doulè yo, men ou gen dwa reve plis toujou tou. Ou gen dwa souri, ou gen dwa chanje, ou gen dwa grandi.
Mwen selebre tout blesi ou yo paske yo montre fòs ou. M selebre chak ti ri ou, chak ti pa ou fè, paske yo se viktwa.
M te rive nan pwen kote lespwa te fennen. Kè m te plen ak fado, tèt mwen te chaje ak panse. M te anvi sispann batay la. Gen jou m leve san fòs, gen nwit m tonbe dòmi ak dlo nan je. M pa t konn si m t’ap ka kontinye. Men malgre tout bagay sa yo mwen la.
Se pa ti batay mwen mennen, se pa ti dlo m vide. Men jodi a, m’ap selebre pa sèlman lavi m, men rezistans mwen. M’ap selebre kapasite m pou m kanpe, menm apre m te tonbe.
E m pa’t pou kont mwen.
Mwen pa kapab kite jounen sa pase san m pa di mèsi ak tout moun ki te kenbe men mwen, ki te sipòte m, ki te priye pou mwen, ki te ban m yon pawòl dous lè m pa t kapab. Gen moun ki te la jis pou tande m, lòt ki te fè m ri, menm lè kè m t’ap kriye. Gen moun ki te voye yon mesaj, ki te fè m sonje valè m, ki te leve moral mwen.
Mèsi anpil.
San nou, m pa konnen si m t’ap la jodi a pou m di:
Bon Anivèsè ak tèt mwen.
Mwen rekonèt jan nou enpòtan nan lavi mwen. Nou se limyè ki te klere wout mwen lè tout bagay te sanble fè nwa. Se nou ki fè m sonje m pa pou kont mwen, m gen valè, m merite viv.
Jodi a, m ap di tèt mwen: mwen fyè de ou.
E m ap di tout moun ki te la pou mwen: mwen remèsye nou ak tout kè m
Jodi a, m’ap sonje: m gen valè, m gen potansyèl, m gen misyon, m gen yon lavi ki pa fini.
Mwen ap di sa fò: Bon Anivèsè pou mwen, tèt mwen merite tout bèl bagay
E depi jodi a, m’ap kontinye chache limyè pa m, pa paske lavi fasil, men paske m’ap chwazi pa lage.