12/09/2024
Jou kap samdi 28 septanm ak dimanch kap 29 septanm 2024, 2 jounen solidarite avèk Radio Haïti News. 2 jounen solidarite pou nou di non Radio Haïti News pap fèmen, pou nou di non Radio Haïti News pa gen dwa gen problèm, pou nou di wi Radio Haiti News dwe kontinye bay sèvis nan Mamlad ak tout lòt komin ki bò kotel yo. 2 jounen solidarite pou nou di Radio Haïti News nap edew travèse move pas dlo sa yo, paske gen yon move van kap vante sou tèt Radio Haïti News.
4 an ke nap bay sèvis nan Mamlad ak 22 lòt komin ki antourel yo. Edikasyon, fòmasyon, enfòmasyon, distaksyon. 4 an ke nou akonpanye pèp ayisyen an. 4 an ke tout ayisyen atravè lemond ap jwi de sèvis Radio Haïti News. Nan 2 jounen solidarite sa yo nou mande tout ayisyen pou yo pote kole. Tout moun Mamlad, Plezans, Pilat, Sen Michel, Dondon, Ennery, Cap-Haïtien, Gonayiv, Port-au-Prince tout zanmi ki nan diaspora, nan Boston, Canada, New-York, New Jersey, Connecticut, La France, Guadeloupe, Martinique, Miami Florida, Chili, Bresil, tout lòt kote ou ye. Ou menm ki moun Mamlad ou menm ki zanmi moun Mamlad ayisyen ayisyèn Ann pote kole avèk Radio Haiti News. 2 jounen solidarite samdi 28 septanm ak dimanch 29 septanm pote sa-n genyen pou ede Radio Haïti News remanbre sistèm enfòmatik nou yo, poun mete emetèn yo plis anfòm, pou ranje administrasyon Radio Haïti News. 2 jounen poun di move van nou pap kite ou ale avèk Radio Haïti News.
Me kòman ou kapab kontribye:
Moncash : 3921-0885 / 3949-5518.
Natcash: 4126-5198.
Cashapp: $AbnerPreval.
Zelle: (508) 656-9045.
Ou kap kontribye avèk western union: Abner Preval.
Men nan men, men kontre, men leve pou nou di Radio Haïti News pa gen dwa gen problèm. 2 jounen solidarite, 2 jounen pou Kanpe avèk Radio Haïti News samdi 28 septanm ak dimanch 29 septanm 2024.
Pa bliye bay saw genyen, piti piti fè pil. Pote kole ede-n travèse move pas dlo sa.
Nap tann tout moun nan 2 jounen solidarite sa yo avèk Radio Haïti News.
Abner PRÉVAL direktè Jeneral Radio Haïti News.
Partagez ce message.