27/09/2025
👉Aprè yon operasyon Nan Vant se pa fini 🤔, gen anpil komplikasyon aprè siw pa Fè tout sa doktè ak infimyè mandew Pou fè yo ,e siw pa swiv règ ijyèn Nan !
✨Men kèk komplikasyon kew ka genyen aprè yon operasyon Nan Vant :
1) infeksyon se premye bagay kew ka genyen aprè operasyon sa ,siw pa swiv tout règ ijyèn yo , infeksyon sa kapab sipèfisyèl ou pwofon, gen infeksyon ki Ap mande pou sou antibyotik men genyen tou se Nan sal operasyon an pou yo tounen avèw.
2)Ou kapab genyen Ematom ki se san ki gonfle anba Po a ,sa kapab parèt kèk tan aprè operasyon an .
3)ou kapab genyen Sero epanchman ,Kise dlo ki genyen anba kouch vant lan , vant lan konn anfle .
4) ou kapab genyen kote yo koud la ki dekoud .
5) ou kapab genyen sa ki rele Nekwoz kitane ,lè sa gen yon pati nan tisi yo ki mouri a koz yon move irigasyon San.
6)plè sa kapab sikatrize yon fason anòmal sa ki konn pwovoke anpil doulè Nan pati sa jouk ou mouri .
7)Ou kapab pè sansibilite Nan pati a pou yon ti tan .
8) ou kapab genyen yon èni ki fòme Nan Vant lan e ki souvan vini sou fòm poul toufew .
Nb: tout sa yo se ijans medikal .
Siw opere Nan kèlkeswa pati Nan kò ou ,ou dwe fè tout sa medsin an mande ak infimyè a pou pwoteje sante ou ,e pou evite gen pil komplikasyon sa yo .
💯Si yo intèdiw bwè dlo ,manje pandan yon nonb de tan, fòk ou Fè sa yo mande yo ,Sinon se ou ki pral peye konsekans lan , si yo intèdiw chita ,mache ,vire bò pou yon nomb de tan fòk ou pa Fè yo ,Sinon konsekans ka fatal pou ou jis li touyew.
Nb: Lèw wew soti Nan sal operasyon an ou poko bon , fòk tout rès swivi yo fèt pou pa pèdi laviw .
Atansyon pa kapon ,tande aplike pou ka Jere lavi ou .
Kredi foto : google
Miss Ketchline CADET.