05/08/2025
Se ak anpil fyète Komite Kominal Pwoteksyon Sivil Miragwàn nan dat ki t premye dawout resevwa Kad Apwi Operasyonèl Depatman Lwès la nan kad yon vizit ki fèt pou pote sipò ak ankourajman bay brigadye komin nan. Vizit sa a rantre nan objektif ranfòsman kapasite operasyonèl yon vil tankou Miragwàn, ki ekspoze ak anpil risk natirèl.
Komite a pa ka jwenn mo ase pou di mèsi pou tout apui, tout sipò w, e pou angajman w pou avansman pwoteksyon sivil nan komin nan.
Tankou Peterson toujou di: Pwoteksyon Sivil se nou tout,” e se nou tout kifè pwoteksyon sivil la.
Se ansanm n ap kontinye mete tèt nou ansanm, fòme nou, pare nou, pou si zoka.