20/09/2025
🚨 FLASH RAMIER FM 89.9 🚨
“Nou fòme pou sèvi, nou pare pou defann!”
Yon gwoup 143 sòlda ayisyen 🇭🇹 (128 gason ak 15 fanm) fèk fini fòmasyon debaz militè yo avèk Lame Meksiken 🇲🇽 yè, vandredi 19 septanm 2025.
👨✈️ Seremoni gradyasyon an te fèt nan Centro de Adiestramiento de Combate Individual Regional, nan nò vil Meksiko.
Pandan 8 semèn fòmasyon entansif, sòlda yo aprann:
✅ Defans pèsonèl
✅ Teknik tire
✅ Respè pou dwa moun
Yo pare pou retounen Ayiti ak fòs fizik, konesans militè, ak espwa pou sèvi pèp yo avèk lwayote ak disiplin.
“Depi jodi a, sòlda sa yo ap retounen lakay yo ak fòmasyon solid pou sèvi pèp ayisyen an,” se sa Lieutenant Colonel Juan Manuel Campos Rodríguez, direktè sant fòmasyon lame Meksiken an, te deklare.
👉 Gwoup sa a se premye nan yon seri 700 rekrit ki pral suiv menm fòmasyon an, gras ak koperasyon militè ant Ayiti ak Meksik depi 2018.
🇭🇹✊ Nouvo jenerasyon sòlda, nouvo espwa pou Ayiti!