
13/05/2025
Ayiti : èske nou sou wout pou pèdi tout sa nou te genyen ?
Gen moman nou oblije mande tèt nou si nou toujou merite egziste kòm pèp, e menm si nou merite toujou ap fè lwanj pou batay zansèt nou yo. Erityaj 1804 la sanble pi frajil pase tout tan.
Daprè sa yon jounal dominiken rapòte, fòs miltinasyonal ke Kenya ap dirije a ta sou wout jwenn yon akò ak gouvènman Dominiken an pou mete sòlda dominiken sou tè Ayiti. Si sa rive, sa ta vle di pou premye fwa nan listwa, sòlda etranje ap mete pye sou tè zansèt nou yo ak konplisite otorite ayisyen yo.
Jodi a, Ayiti sanble sou wout pou pèdi tout bagay : pèp li, listwa li, diyite li, e kounye a, souverènte li. Imaj peyi a ki te kanpe sou kouraj ak rezistans, ap fonn tankou glas anba solèy. Nou san vizyon, san defans, san vwa.
Èske se konsa n ap kite sa fini ? Èske se sa zansèt nou yo te batay pou sa ? Oswa èske gen espwa toujou pou nou leve kanpe, defann sa ki rete nan diyite nou kòm pèp ?