anbake pou yon lot ayiti

anbake pou yon lot ayiti je suis Elvil Darcelin juriste. certifié en plomberie sanitaire,électricité bâtiment.

Dosye kòripsyon/skandal nan pliwo nivo leta a.Jodi mèkredi 2 oktòb 2024 ULCC sòti rapò sou skandal kòripsyon ki  enplike...
03/10/2024

Dosye kòripsyon/skandal nan pliwo nivo leta a.
Jodi mèkredi 2 oktòb 2024 ULCC sòti rapò sou skandal kòripsyon ki enplike 3 konseye prezidansyèl yo kise konseye Gilles, Smith ak vertilaire ak ansyen direktè BNC a Raoul pierre. Kote nan paj douze rapò a ULCC mande pou mete aksyon piblik an mouvman kont 3 konseye prezidansyèl yo pou antrav a lajistis, po de ven ak Abi de fonksyon. Pou sa ki rapò ak ansyen direktè a ULCC mande pou otorite amerikèn pou aretel epi egstrade an ayiti.

JISTIS/NÒDÈS: « Plizyè Avoka ak Fonde pouvwa òganize yon Mach pasifik nan lari Wanament pou mande jistis pou Mèt Artiste...
30/09/2024

JISTIS/NÒDÈS: « Plizyè Avoka ak Fonde pouvwa òganize yon Mach pasifik nan lari Wanament pou mande jistis pou Mèt Artiste Rémy »

Jodi lendi 30 septanm 2024 la, avoka nan bawo fòlibète ak fonde pouvwa nan wanament, pran la ri nan wanament nan objèktif pou kondane zak asasinay ki fèt sou doktoran, sekretè jeneral bawo fòlibète a de mèt Artiste Rémy nan dat kite 16 septanm ki sot pase la. Avoka yo pwofite mande otorite konsène yo pou arete otè, konplis, krim odye sa. yo kontinye pou yo mande otorite yo pou pran rèsponsabilite yo kòm otorite pou okenn lòt avoka pa viktim Yon zak malonèt konsa ankò paske se ti bouton ki mennen maleng.
Avoka yo ale pi lwen pou yo di se Yon batay ki fenk kòmanse, yo pap kanpe se kriminèl yo ki pou dèyè Kat miray. Yo reklame ak tout fòs yo jistis pou mèt Artiste Rémy ki mouri anba bal asasen ki pa konn ni lèkti ni ekriti, èsklav la lwa yo di se premye ak dènye avoka ki mouri nan kondisyon sa.

Redaksyon: Darcelin ELVIL defensè piblik journaliste

Dosye edikasyon Koze gen rapò ak edikasyon, ministè edikasyon nasyonal  pibliye sou sit ministè pousantaj rezilta egzame...
25/09/2024

Dosye edikasyon
Koze gen rapò ak edikasyon, ministè edikasyon nasyonal pibliye sou sit ministè pousantaj rezilta egzamen NS4 yo pou kèk depatman tankou nò ak nòdès. Lè nou gade to reyisite yo se dlo nan zye se vreman lamantab. Jodi a nan depatman nòdès patikilyèman nan wanament edikasyon an prèske pa egziste ankò ke nan lekòl piblik ak prive yo.men sa padi Moun kap mennen edikasyon yo anyen, paske yo mobil yo sèlman se fè lajan. Resiyite elèv yo pa vle di anyen ni pou pa paran ni pou direksyon lekòl yo alevwa pou pwofèsè yo. Yè reyisite ane lekòl la te chita sou rezilta elèv yo men Jodi a li chita sou kantite lajan administrasyon lekòl antre kòm pwofi pou ane a ,se sak fè chak ane pri lekòl yo monte malgre gen move rezilta. Mesye nou paka ap fè Yon sosyete sa, ki kote nou vle mennen jenès la? Ki mòd sitwayen nou Bezwen demen? Eske Jodi a nou pi fyè lè nou wè elèv nou yo nan boule kawotchou nan voye wòch, nan bwè kleren ,nan gang ke lè yo te konn devni medsen ,enjenyè, avoka elatriye. Mesye sa pa di nou anyen lè nou wè se ansyen elèv nou yo ki vin devni Yon anpèchman pou sosyete a. Sa pa di nou anyen pou lè nou wè se ansyen elèv nou yo ki nan gang.
Konsène yo Jodi a li enpotan pou nou pran konsyans pou nou di metòd nap itilize a pa bon fè lajan sèlman an pa bon. Pou nou pa tonbe nan pou bèl istwa fò nou retounen nan sa lekòl la te ye yè kote prensipal enterè nou se te elèv yo.
An nou pran konsyans pou nou Yon lòt ayiti demen . Nou pap ka chanje peyi sa si nou pa byen edike elèv yo.
Ekri pa Elvil Darcelin defensè piblik.

À travers une note dûment signée par les membres du comité de C.O.F.P.O. la corporation des Fondés pouvoir de Ouanaminth...
20/09/2024

À travers une note dûment signée par les membres du comité de C.O.F.P.O. la corporation des Fondés pouvoir de Ouanaminthe pleur énormément le départ odieux de maître Artiste Rémy qui était le secrétaire général de l'ordre au niveau du barreau Fort-liberté et du même coup le comité de la corporation présente les plus sincères condoléances à la famille du doctorant Artiste Rémy et demande aux autorités compétentes de faire ce que de droit contre les présumés assassins, ce sera droit et justice!

Dorce scudéry un autre victime de l'État.La complicité de l'État et le comportement criminel des Bandits laissent beauco...
10/09/2024

Dorce scudéry un autre victime de l'État.

La complicité de l'État et le comportement criminel des Bandits laissent beaucoup d'amertume et de colère à l'égard des familles, amis, camarade et pourquoi pas à la ville de Ouanaminthe suite à la mort de l'agent Dorce scudéry alias kiki. Ce dernier issu de la 32e promotion au sein de la PNH plus précisément dans l'unité SWAT. L'agent Scudéry selon les dits de plusieurs médias ,il était victime d'un projectile au niveau de la jambe lors d'une intervention policière en date du samedi 7 septembre 2024 à gressier. L'ironie dans cette histoire mélancolique la police n'a pas les moyens nécessaires pour transporter l'agent Dorce scudéry à l'hôpital qui avait besoin une intervention chirurgicale urgente à l'artère fémorale de sa chambre suite à cette négligence au niveau du haut commandement de la PNH l'agent Dorce scudéry alias kiki est mort aujourd'hui mardi 10 septembre 2024 dans la matinée à un hôpital fonds des blancs.
Le moins que l'on puisse dire c'est que Scudery est non seulement victime de l'insécurité, mais aussi de la faiblesse et de la négligence du système sanitaire en Haïti.
Mes sympathies à la famille Dorce.

Ayiti/ edikasyon Yon problèm serye.
05/04/2024

Ayiti/ edikasyon Yon problèm serye.

05/04/2024

Nèg ak zam atake Lopital,inivèsite, bibliyotèk nasyonal poum site sèlman sa yo. Kote fòs viv nasyon an nou pa wè ayiti ap plonje. Sanble mantal pèp la anchene vre ohohoh!!!

Clarens Renois kise kòdonatè pati politik UNIH mande 7 manb ki gen pou fè pati konsèy prezidansyèl karikòm nan pou yo pa...
25/03/2024

Clarens Renois kise kòdonatè pati politik UNIH mande 7 manb ki gen pou fè pati konsèy prezidansyèl karikòm nan pou yo pa touche Yon goud nasyonal. Yon propozisyon ke nèg kap goumen nan konsèy la ta dwe pran oserye si tout fwa se pou ayiti yap goumen tout bon vre. Pou Clarens se soulajman popilasyon an ki ta dwe prime pou tout vrè patriyòt.

Ayisyen pèp spesyal. Ou pa wè pi  bon desizyon pou mesye aryèl anri se ban nou 3 jou konje aprè swadizan leve kanpe nou ...
12/02/2024

Ayisyen pèp spesyal. Ou pa wè pi bon desizyon pou mesye aryèl anri se ban nou 3 jou konje aprè swadizan leve kanpe nou te fè a nan sousi pou nou danse mizè nou. Si Desalin te la li te ka regrèt kouraj li.

08/01/2024

Nul n'est au dessus de la loi.

La cause principale de la pauvreté haïtienne est finalement rapporter par l'ULCC.
07/03/2023

La cause principale de la pauvreté haïtienne est finalement rapporter par l'ULCC.

Une jeunesse éduquée est le commencement du développement d'un pays.
06/03/2023

Une jeunesse éduquée est le commencement du développement d'un pays.

Adresse

Rue Scott
Ouanaminthe

Téléphone

+50933808393

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque anbake pou yon lot ayiti publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à anbake pou yon lot ayiti:

Partager