Ouana Hit Promo

Ouana Hit Promo Ouana Hit Promo
Platfòm #1 pou mizik, kilti, ak nouvèl jèn yo nan Nòdès ak peyi ak lemond antye.

Nou valorize talan, n ap mete limyè sou avni!
💬 “Nou pote vwa jenerasyon an.”

Pra l gen gwo Chanjman nan Seremoni anvan match yo nan KOUP-DI-MOND lanAvan match yo kòmanse, tout jwè yo (11 titilè yo ...
07/06/2026

Pra l gen gwo Chanjman nan Seremoni anvan match yo nan KOUP-DI-MOND lan

Avan match yo kòmanse, tout jwè yo (11 titilè yo + ranplasan yo) pra l rasanble otou de won santral la. Nan moman sa, 2 ekip yo + abit yo ap kanpe fas-a-fas. Gwo drapo jeyan ap deplwaye sou chak mwatye teren an. Se la tou im nasyonal yo pra l chante.

Mete sou sa, pra l gen yon vizyèl 360 degre sou tout fanatik ki nan estad la, ak yon lòt, soti nan antre jwè yo rive nan wonn sant lan ak drapo yo kenbe nan men yo. Sa pra l ogmante eksitasyon ak antisipasyon anvan match la. sa pral kreye tou yon moman fyète ak emosyon pou ekip yo ak pou tout fanatik yo.

Pou fini, pra l gen lafimen koulè ekip yo ak fedatifis pou ajoute plis anbyans, bèlte ak emosyon nan evènman an. Bagay Hollywood nèt.

Ki drapo ou paka tann pou w wè ki plen teren an konsa?

Sam renmen nan istwa a, se lakay neg kap pèsekite n nan menm pou pral wè laglwa 😁. Viv Haiti
03/06/2026

Sam renmen nan istwa a, se lakay neg kap pèsekite n nan menm pou pral wè laglwa 😁. Viv Haiti

03/06/2026

Im nasyonal telman bèl li fè kòm fè chèdepoul 😍😁. Ou pa santil tou?

01/06/2026

| Pousyè Sahara rive : chalè a pral ogmante

yon ti pousyè ki soti nan dezè Sahara (Afrik) ki deja kòmanse okipe syèl Ayiti a.

wikenn lan, pousyè sa a pral vin lejèman ogmante sou peyi a.

sa nou ka atann kòm konsekans :
• Tanperati yo ka monte ant 32 a 36 degre Sèlsiyis.
• Apati wikenn lan jouk rive fen semèn pwochèn (vandredi 5 jen 2026), tanperati yo ka grenpe ant 34 a 38 degre Sèlsiyis, sa ki pral ogmante chalè a.

:
• Bwè dlo tanzantan menm si nou pa santi swaf.
• Mete rad koulè klè ak rad ki lejè.
• Pwoteje tèt nou ak kachnen oubyen chapo lè n ap soti.
• Veye timoun piti, granmoun aje ak moun ki gen maladi kadyovaskilè oubyen lòt maladi kwonik.


Previzyonis Meteyo

31/05/2026
Toby kap poste ak Winchristou
31/05/2026

Toby kap poste ak Winchristou

🎓🇭🇹 Yon gwo fyète pou Ouanaminthe ak Ayiti!Se ak anpil admirasyon ak fyète nou salye reyalizasyon ekstraòdinè jèn ayisyè...
31/05/2026

🎓🇭🇹 Yon gwo fyète pou Ouanaminthe ak Ayiti!

Se ak anpil admirasyon ak fyète nou salye reyalizasyon ekstraòdinè jèn ayisyèn Naidie Joazard Ambroise, pitit feu Doktè Claude Joazard ak Doktè Nadege Ambroise.

Nan dat 2 me 2026, Naidie rive franchi yon etap enpòtan nan lavi li lè li gradye nan University of Florida avèk pa youn, men de diplòm bakaloreya: Bachelor of Science in Psychology ak Bachelor of Science in Public Relations.

Pi plis toujou, li resevwa distenksyon Magna Cum Laude, youn nan pi gwo onè akademik yon etidyan kapab jwenn nan yon inivèsite ameriken. Tit sa a, ki soti nan lang laten, vle di “ak gwo louwanj” e li rezève pou etidyan ki demontre yon nivo ekselans akademik remakab pandan tout etid yo.

Reyalizasyon sa a se pa sèlman yon viktwa pèsonèl pou Naidie, men li se yon sous enspirasyon pou tout jèn ayisyen ki kwè nan pouvwa edikasyon, disiplin ak detèminasyon.

Fanmi li fyè de li.
Ouanaminthe fyè de li.
Ayiti fyè de li. 🇭🇹

Felisitasyon Naidie Joazard Ambroise! Nou swete w anpil lòt siksè nan chemen lavi pwofesyonèl ou. Kontinye briye epi pote non peyi w byen wo sou sèn entènasyonal la.

Lens Gérard Laroche

Moun ki pa renmen benyen yo jwenn excuse
31/05/2026

Moun ki pa renmen benyen yo jwenn excuse

Dènye apèl la pa gentan pase😭. Sa tris pou n wè nan ki eta politisyen mete peyi a. Li soti lakay la, kite madanm ak piti...
31/05/2026

Dènye apèl la pa gentan pase😭. Sa tris pou n wè nan ki eta politisyen mete peyi a.
Li soti lakay la, kite madanm ak pitit ak espwa lap tounen 😭.
Peyi a te gen espwa l pou l libere 😩
Madanm ak pitit te kouche sou vant ap tann li tounen 💔. Lè bagay la myèl yap eseye rele l, apèl pa janm pran jis kounyea 😭😭

M santi kèm ap dechire 💔 m santi m pa ka sipòte ankò.
Sak pi rèd se nou menm kap manje lot ankò🥺

Police Nationale d'Haiti - PNH

Adresse

Ouanaminthe

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Ouana Hit Promo publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager